Rezon blòg Bwa Kay "Il-Ment" sa a : Orijin manti Bwa Kay Iman an



HOME                                                                        
                                                    
                   (English Version)       (Version française)

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 25 dawou 2016
(Mizajou: 10 sept. 2017)

Ayibobo,

Nan lane 1990 ak 1991, ansyen kolon franse yo te chèche kraze anivèsè 200 zan seremoni Bwa Kayiman ki, nan lane 1791, te ede nan bay koloni Sen Domeng (Ayiti) endepandans kont Lafrans.
Se konsa Franse yo chwazi 3 entelektyèl (Léon-François Hoffmann, Gérard Barthélémy ak Charlie Najman) ki te gen misyon pou yo fè dezenfòmasyon istorik. 

Nan lane 1990, Léon-François Hoffmann kòmanse pa di ke Seremoni Bwa Kayiman - kote yon kochon nwa te sakrifye a - pa t janm rive vre. (1) (Men bon jan istoryen David Geggus te demanti Hoffmann. Li demontre ke seremoni Bwa Kayiman an te fèt tout bon vre.) (2)

rard Barthélémy, li menm, te di ke Seremoni Bwa Kayiman an te fèt, men se mizilman mandeng ki te fè li. (3)

Finalman, nan 1990 ak 1991, Charlie Najman, antan ke reyalizatè, te ale an Ayiti ak misyon pou l simaye manti Bwa Kayiman mizilman an. Nan Nò a, li jwenn yon houngan ki rele Gustave Augustin ki renmen abiye an fi jiskaske yo bay ti non "Tant Mago". Gustave Augustin te di Najman ke Boukman (chèf seremoni Bwa Kayiman an), Cécile Fatiman, ak tout lòt ero ki te patisipe nan seremoni sa a, te vodou. (4) Men Najman pa t ekri sa li te reponn Gustave Augustin. Sèl sa nou konnen, se ke, apre Gustave Augustin te rankontre Najman, msye te chanje paròl. Nan lane 1996 (Novanm), pandan ke Papa Sossa Guedehoungue,* yon reprezantan relijyon Vodun nan peyi Benen, te vizite Ayiti, Gustave Augustin - ansanm ak lòt moun nan sèk li - te demanti pròp tèt li, lè li te deklare ke Boukman pa t janm Vodou, ke li te mizilman ; epi ke, an reyalite, seremoni Bwa Kayiman an, se "Bwa Kay Iman" ki vle di yon Kay (nan Morne Rouge) kote Boukman tap viv an tan ke "Iman" oubyen yon prèt mizilman. (5) (Li pat konnen ke Boukman pa janm rete nan Morne Rouge, men nan Limbé (nan bitasyon Turpin), epi nan l'Accul-du-Nord (nan bitasyon Clément), jiskaske goumen an mare nan lannwit 22 dawou 1791).

Depi lè sa (1996), manti Bwa Kay Iman an te gaye an Ayiti (radyo, televizyon, teledjòl, elatriye), san ke ankenn prèv syantifik pa t janm kore li.

Nan lane 2000, manti Bwa Kay Iman an te pran yon fil nèt, lè Jean Saint-Vil alyas Jafrikayiti te premye moun ki te pibliye li nan liv. (6) (Men nan menm lane 2000 la, Jafrikayiti, ki te prezante Bwa Kay Iman tankou yon verite istorik, te fini pa avwe, nan yon foròm, ke li te jwenn zafè Bwa Kay Iman an - non pa nan liv istwa oubyen nan achiv - men nan yon deba televizyon an Ayiti an 1997/1998. Epi, li pa t menm sonje non emisyon an (7). Men mank de prèv istorik pa anpeche Jafrikayiti kontinye simaye manti Bwa Kay Iman an sou plizyè medya pandan dè zane. (8)

Nan lane 2003, yon editoryal nan jounal Pòtoprens L'Union te fè konnen ke Boukman te yon imam, pandan ke gro chèf mawon Makandal te yon Mahdi, kidonk yon chèf lagè mizilman. (9) Otè sa pa t sonje ke premye Mahdi ki te genyen an te rele Mohammed Ali. Li te yon nonm peyi Lejip ki, nan lane 1820, te pran pouvwa nan peyi Soudan esklav nwa ki te pi fò sòlda l. (10) Apre sa,
"maintenu un monopole d'État sur la traite des esclaves en Egypte et au pachalik." (11)
Tradiksyon :
 "li te kenbe yon monopoli deta sou esklavaj nan peyi Lejip ak pachalik."
Epi, sa te pran yon entèvansyon etranje (Britanik) pou lakòz esklavaj sispann nan peyi Soudan. Men, yon lòt Mahdi, Muhammad Ahmad Ibn kòm Sayyid Abd Allah, te vini. Li te mete Anglè yo deyò, epi l te fonde yon "Mahdiyah" (1884-1898), kote li te retounen pi rèd ak esklavaj moun nwa nan men mizilman, yon abitid ki te la depi pi plis pase mil lan. (12)

An 2006, pandan ke prezidan Jean-Bertrand Aristide te nan lekzil nan Lafrik di Sid, li te soti yon tèz doktora (13), kote li prezante manti "Bwa Kay Iman" an tankou yon reyalite istorik. Li pa t menm bay prèv syantifik de sa, – jan yon moun ta va antann de yon tèz doktora – ni li pat ekri kote l te jwen anyen nan tout sa l te di sou Ayiti oswa sou listwa peyi Dayiti. Ansyen prèt Katolik sa ki te vin prezidan an, pa t fin alèz ak ofrann san ki te fèt nan Bwa Kayiman an. Li te pito di ke olye de yon kochon, se yon moun yo te rele Jan Viksama [Vixamar] ki te chwazi louvri pròp venn li (nan mwenn jan ak Jezi Kris) :
"Sanpwèl: Non yon lwa petwo ki soti nan seremoni Bwa kay Iman. Pratikan yo di : «Tankou nan labib la, yon esklav yo te rele Jan Viksama ofri tèt li an sakrifis bay Bondye pou peyi a ka libere sot nan lesklavaj. Jezi te ofri tèt li nan plas yon mouton, Jan Viksama ofri tèt li nan plas yon kochon. Se pou sa yo di san pwèl.»" (14) 
Sa Jean-Bertrand Aristide te kache se ke zafè Vixamar a - pat soti nan bouch "Pratikan" tradisyonèl yo ki pa t konnen koze sa ditou – li te soti nan yon liv de fiksyon ki te ekri nan lane 1993. Doktè Aristide te bliye lefèt ke Deita, otè liv li te plajye a, te rele liv li te ekri a "La Légende des Loa du Vodou haïtien" osnon "Lejand Lwa nan Vodou ayisyen an", pou l te montre ke listwa liv la rakonte te "lejand", yo pa t laverite; paske nan liv li a, moun ki t ap pale a, te rankontre, epi te pale ak Boukman ansanm ak yon dal lòt ero endepandans Ayiti ki te mouri depi lontan. Anplis de sa, li (Deita) - te di pita ke li pa t inisye nan Vodou (15) – men poutan, li te ekri ke listwa Jean Baptiste Vixamar Legrand an te soti nan yon reyinyon Bizango [sosyete sekrè ki mande inisyasyon] kote yon Lwa yo rele Vixamar te di (an franse) ke li te touye tèt li an 1791 nan seremoni Bwa Kayiman :
"Ce récit a été fait en français au cours d'une cérémonie de Bissango, le locuteur avait parlé à la 3ème personne. Le récit a été adapté à la 1ère personne.(16) 
Tradiksyon :
"Istwa sa te fè an franse pandan yon seremoni Bissango, oratè a te pale nan 3yèm pèsonn. Istwa sila adapte li nan 1ye pèsonn."
Aparaman, yon rakonta majik te ase prèv istorik pou entelektyèl degrenngòch ayisyen yo, ki pa mal angran, paske pèson moun pa janm fòse yo atenn yon nivo syantifik.

Menm lane 2006 la, houngan Max Beauvoir te remoulen menm radotay ke yon moun sakrifye te tèt li nan plas yon kochon an. Li menm dekri kouman Boukman te dirije sèvis sa :
"Standing erect while directing the ceremony, Boukman Dutty invokes the Spirits as the people behind him beat on the drums. Through the sounds of these drums, the assembly was summonting the Spirits of the Ancestors, and inviting them to join and add their force to those of the living in these crucial moments of destiny. The asson or ritual gourd that Boukman holds in his hand, along with a bell, symbolizes the power that he exerts over the many forces of the universe..." (17)
Tradiksyon :
"Kanpe dwat pou l dirije seremoni an, Boukman Dutty rele Lespri yo, pandan ke moun ki dèyè do li tap bat tanbou. Kout tanbou yo, te fè moun ki reyini yo dedouble ak Lwa Zansèt yo. E yo te envite Lwa yo vin mele, epi rajoute fòs nan pa kretyen vivan nan moman sa yo ki te enpòtan pou lavni yo. Ason ke Boukman te kenben nan men l nan, konbine ak yon klòch, te senbolize pouvwa li te egzèse sou yon dal fòs nan linivè a..." 
Men, M. Beauvoir te diskridite tèt li antanke syantis epi antanke Papa Lwa, lè li neglije diferans rejyonal ki genyen nan mitan Tradisyon an. Li te pwouve ke istwa l la te – pa ditou yon koze istorik - men tou senpman rezilta de imajinasyon oksidantal li, lè li mete yon ason nan men Boukman, alòske pa gen okenn, epi pa t janm te gen, pratik sa nan Nò Ayiti, kote seremoni Bwa Kayiman an te fèt. Sa k rann zafè a pi mal, se ke, pa menm nan Lwès ak nan Sid Ayiti, kote tradisyon ason an ekziste, zouti sakre sa tap itilize pou jan de seremoni sa - kèlkeswa si se te yon moun [ki pa yon pratik moun konn wè] oswa yon kochon ki sèvi kòm ofrann.

Finalman, an 2009, nan yon blòg pou René Préval, nan moman li te prezidan, yon blogè ayisyen ki rele tèt li "Our Voices", te poste yon mesaj ki te diferan de sa pwomotè "Bwa Kay Iman" yo t abitye di. Li pa t sèlman korije "Iman" pa "Imam", men anplis, li te pretann ke 14 dawou 1791, dat seremoni Bwa Kayiman an (espesyalman reyinyon nan Morne Rouge la), rejwenn yon fèt mizilman yo rele Aid-el-Adha, ki te tonbe nan 14 Dhou Al-Hijja 1205 nan kalandriye linè islamik la. (18) Dapre doktrin mizilman yo, selebrasyon Aid-el-Adha an vini apre mwa fè jèn yo rele Ramadan an ; epi li mande yon yo sakrifye yon mouton. Men, premye pwoblèm ak deklarasyon sa a, se ke fèt mizilman Aid-el-Adha a yon lòt non ki se 10 Dhou Al-Hijja (dat ki make dènye jou nan mwa arab Dhou Al-Hijja a, ke yon mizilman gen dwa touye yon bèt, ki se yon mouton blan). Kidonk, 14 Dhou Al-Hijja ke blogè islamize a te tire pou l fè l rive jouk nan 14 dawou, dat reyinyon nan Mònrouj an, pa kòrèk. Lòt pwoblèm ankò, se lefèt ke sèvis sakrifye kochon an pa t janm fèt nan reyinyon 14 dawou nan Mònrouj la. Li te rive nan yon dezyèm reyinyon, dapre anpil sous tankou Herard-Dumesle ki se moun ki te devwale "Priyè Boukman" nan :
"Non loin de ce lieu [Morne Rouge] une autre assemblée offrait aux dieux [au pluriel, donc interdit par l'islam] un nouveau sacrifice : là on immola un porc [interdit], et une jeune vierge fut la Pythie [également interdit] qui consultât les entrailles palpitantes de la victime..." (19)
Tradiksyon :
"Pa trò lwen kote sa [Mònrouj] nan yon lòt reyinyon, yo te ofri yon bèt bay dye yo [o pliryèl, islam entèdi sa] : yo te touye yon kochon [entèdi], epi yon jenn fi ki tifi, e ki te pretrès la [entèdi tou], te gade andedan trip bèt la pandan ke l tap ponpe san tou cho..."
Herard-Dumesle, otè lane 1824 a, te di tou ke sèvis pou ofrann bèt la te fèt lanwit anvan levekanpe total kapital la :
"Le lendemain il était prés de minuit (du 22 au 23 août), lorsque le tocsin donna le signal des désastres. L'insurrection éclata avec une telle fureur, qu'elle offrit le spectacle le plus désolant." (20)
Tradiksyon :
"Jou ki swiv la, li te tou pre minwi (ki soti nan 22 a 23 dawou), lè clòch dechoukay la te sonnen. Levekanpe a te pete ak si tèlman raj, ke l te bay yon spektak rache kè..." 
Kidonk, si levekanpe a pete nan aswè 22 dawou, sa vle di ke sèvis ak sakrifis bèt la, ki te rive jounen anvan an, pa t ka nan 14 dawou, men nan lanwit 21 dawou1791 ; sa ki fè 11 jou apre dat limit de 10 dawou a ke, si te gen yon fèt mizilman, li ta va mande. Dènye enkonsistans la pa soti sèlman nan sakrifis vyann kochon an, ki se fòtman nan doktrin mizilman yo ; men tou, akòz ke Koran an [liv mizilman yo] entèdi yon mizilman bwe san (pratik ke moun ki te nan Bwa Kayiman yo popilè akoz de li), kennenpòt nan ki bèt li soti :
"Il vous a, en effet, interdit (la chair) de la bête morte, le sang, la chair de porc, et la bête sur laquelle un autre nom que celui d'Allah a été invoqué." (21)
Tradiksyon :
"An reyalite, li te defann ou (vyann) yon bèt ki mouri deja, san, vyann kochon, ak bèt ke non yon lòt pase Allah te envoke sou li. "
– E sa, kèlkeswa si bèt pou manje a te an règ (alal) ou pa. Se pou sa yon bèt ke yon mizilman ka manje pa dwe gen yon tak san ki rete nan li ankò. Sa k dwòl la menm, se ke reyinyon 14 dawou 1791 nan Morne Rouge la, pa te fèt akòz de islam, men paske te gen fèt katolik Notredam Lasonpsyon (sen patwon koloni Sen Domeng ansanm ak Kap Franse, kapital li - kounye a Kap Ayisyen, ki kèk kilomèt sèlman de Morne Rouge). Fèt Notredam an te yon lendi 15 dawou, men li te fete nan 14 ki te Dimanch ki te pi pre a. 15 dawou a sèvi tou pou make anivèsè 121 lane fondasyon vil Kap Franse. Se sa k fè apreprè 200 kòmandè plantasyon, chofè ak lòt privilejye, yo rele konnya "Nèg nan Kay", te gen pèmisyon rasanble, san kache, nan dimanch 14, nan Morne Rouge. Se bon jan elit sa yo, ki te chaje ak zouti, ki te gen konesans ak yon dal kontak – pami yo te gen Boukman, ki te yon chofè – ki te fè konplo, epi ki te riske sitiyasyon privilejye yo, lè yo mennen rès mas moun yo nan sèl grenn revolisyon esklav ki te rive bout, nan listwa moun konnen.
Nan blòg sa, nou pral demanti koze "Bwa Kay Iman" an ak prèv syantifik. Si nou rele blòg sa Bwa Kay "Il-Ment",  se paske "Il ment" vle di "Lap bay manti" nan lang franse.


* Dapre "Atelier sur les plantes médicinales : valorisation, utilisation, législation et institutionalisation", Jakmèl, 2000 ; ki se yon rapò atelye asosyasyon ZANTRAY (Zanfan Tradisyon Ayisyen) ke Mesye Serge Jovin, Prezidan National ZANTRAY, nan tan sa a, te gen bon kè pou l te pataje ak nou.




Referans
(1) Léon-François Hoffmann. "Histoire, mythe et idéologie: La Cérémonie du Bois Caïman." in: Études Créoles: Culture, langue, société, Vol 13. No1, 1990. pp.9-34. ; "Un mythe national: la cérémonie du Bois Caïman" in: Gérard Barthélémy & Christian A. Girault. La République haïtienne: état des lieux et perspectives. Paris, 1993. pp.434-448.
(2) David Geggus. "La cérémonie du Bois Caïman" in: Chemins Critiques, Vol. 2. No3, Mai, 1992. pp. 59-78.        
(3) Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman: Incertitudes et hypothèses nouvelles" in: Chemins Critiques, Vol. 2. No3, Mai, 1992. pp.33-58.
(4) Charlie Najman. Haïti, Dieu Seul Me Voit. Paris, 1995. pp.186-187.
(5) André Gustave. "Haïti/Guerre de l’Indépendance: Bois-Caïman, On s’en souvient". Piblikatè Daniel Daréus, 20 dawou 2012 . URL: http://radiotelevision2000.com/home/?p=20003 ; Vizit nan jounen 16 desanm 2015.
(6) Jafrikayiti. Viv Bondye Aba Relijyon. Otawa, 2000. pp.44-46
(7) "Bwa Kay Iman (sa gen 209 rekòt kafe)". Foròm 6 Septanm 2000. URL: http://www.windowsonhaiti.com/bbs/messages/789.html ; Vizit nan jounen 13 jiyè 2016.
(8) Jean Saint-Vil. "Roots of “Black Lives Matter” in Bwa Kay Iman, Haiti (14-15 August 1791)". Global Research, August 16, 2016. URL: http://www.globalresearch.ca/roots-of-black-lives-matter-in-bwa-kay-iman-haiti-14-15-august-1791/5541083 ; Vizit nan jounen 26 dawou 2016.
(9) “Toussaint de tous les Saints”, Journal l'Union, Port-au-Prince 24 mars 2003. in: Charles Dupuis. Le Coin de l’histoire. Tome 4. Montréal, 2010. pp.37-38.
(10) Ignatius Pallme. Travels in Kordofan: Embracing a Description of that Province of Egypt, and of some of the bordering countries. London, 1844. pp.199-200.
(11) Helen Chapin Metz (ed). Sudan: A country Study. 4th ed. Washington, 1992. p.17.
(12) Ibid. p.19.
(13) Jean-Bertrand Aristide. UMOYA WAMAGAMA (THE SPIRIT OF THE WORDS). University of South Africa, November 2006. p.304. ; URL: http://uir.unisa.ac.za/bitstream/handle/10500/1340/thesis.pdf?sequence=1  
(14) Ibid.
(15) "Kiskeya, l'île mystérieuse - Déita". Canal Bleu (chaine 38), 15 novanb 2011. (19:56-20:56). URL: https://www.youtube.com/watch?v=kl8PFUsGW5E ; http://ile-en-ile.org/kiskeya-deita/
(16) Deita (Mercédes Foucard Guignard). La Légende des Loa du Vodou Haïtien. Port-au-Prince, 1993. p.349.
(17) “Max Beauvoir. "Slavery, Boukman, and Independence" in: Revolutionary Freedom: A History of Survival, Strength and Imagination in Haiti. Coconut Creek, 2006. pp.201-204.
(18) Our Voices. "Haïti: Bois Chez l'Imam = "Bwa Kay Imam" En Créole". Vizit nan jounen 9 jwen 2009. URL: http://www.prevalhaiti.com/messages/14969 ; Vizit nan jounen 6 avril 2015.
(19) Hérard Dumesle. Voyage dans le Nord d'Hayti ou révélations des lieux et des monumens historiques. Cayes, 1824. p.90.
(20) Ibid.
(21) Koran 16:115





Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Rezon blòg Bwa Kay "Il-Ment" sa a : Orijin manti Bwa Kay Iman an". 25 dawou 2016. Mizajou nan 10 sept. 2017. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/08/rezon-blog-bwa-kay-il-ment-sa-a.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].


Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020