Boukman pa t Jamayiken pyès!


                                      (English version)       (Version française)
Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 21 septanm 2016
(Mizajou: 28 jiyè 2019)

Pou moun k ap simaye manti mizilman an, non Boukman an se yon bagay ki inik. Se yon non ke yon kolon nan zile Jamayik te bay Boukman, paske li ta va jwenn Boukman ap li yon koran (yon sakre mizilman yo). Epi, se akoz de liv koran sa ke Boukman ta sipoze te toujou gen sou li ki fè ke yo ta dwe ba li non "Boukman" ki ta soti nan 2 mo angle : "Book" ki vle di "liv" ak "Man" ki vle di "Nonm". Konsa, non Boukman an ta dwe vle di "Nonm ki gen liv la.
Sak dwòl nan koze sa, se ke men moun ki fè klas rive kwè nan istwa Boukman mizilman sa, san pa gen ankenn sous istorik ki montre ke se vre. Pa gen ankenn moun ka di nan ki bitasyon nan Jamayik ke Boukman ta va soti, ni ki non kolon angle a ki te rele li "Book-Man" an. Men, depi w nan afè moun nwa, jan de detay sa yo pa enpòtan. Prèv istorik chita dèyè. Sa yon moun vle ki rive a, se li ki verite a.
Nan atik sila, nou pral wè ke tout koze Boukman te gen liv la, ak men zafè soti Jamayik la, se manti nètalkole. Nou pral prouve li nan 4 pwen.

1- "Bouc" ak "Bouque" se mo franse :

Pou kòmanse, mo "bouc" la nan leksik lang franse a. Li se non popilè yo bay yon mal kabrit* :


"Bouc. nm
1. (zoologie) mâle de la chèvre" (1)
Tradiksyon :
"Bouc. nm
1. (zowoloji) mal kabrit"

Se konsa tou yo rele yon mal kabrit bouk, nan Kreyòl ayisyen. Anplis de sa, nou jwenn "bouque" nan lang franse. Li se twazyèm pèsonn sengilye vèb "bouquer" :

"Bouquer, un cheval qui bouque éprouve une fourbature instantanée qui l'empêche de marcher. C'est une extravasation de la synovie qui n'a pas de suite fâcheuse à Saint-Domingue. Le climat empêche l'endurcissement, et peu de jours suffisent pour rendre au cheval bouqué la lubréfication de ses membres." (2)
Tradiksyon :
"Bouquer, yon chwal ki "bouque" [bouk] gen yon fouchon enstantane ki anpeche l mache. Yon koulman nan jwenti sinovi li pa lakòz li pwoblèm nan Sendomeng. Klima a anpeche san kaye, e sa pran sèlman kèk jou pou pèmèt chwal "bouqué" a gayonnen ak manm li byen wile."
Vèb "bouquer" a, ke yo te itilize anpil Sendomeng, vin antre yon Kreyòl ayisyen. Nan Kreyòl, bouke refere a yon moun (oswa yon bèt) ki fatige, ki about, nan sans dirèk oswa nan sans imaje. (3) Nan atik sila, nou pral ensiste plis sou "bouque" ki se yon mo franse naval (kidonk ki soti nan langaj lamarin). Nou pral fè yon rale tou sou lòt mo ki soti nan "bouque" naval sila :
"BOUQUE (Mar.): Mot dont on faisait usage autrefois en Amérique, pour désigner un passage, un canal ou un détroit." (4)
Tradiksyon:
"BOUQUE (Mar.): Mo ke yo te konn itilize nan Lamerik, lè yo te vle di yon rout sere pou batiman, yon kanal osnon yon detwa."
"HIST. XVe s. Et vindrent à passer devant une bonne ville qui sied à l'entrée de la bouque de la mer majeure, Bouciq. I, ch 32.
XVIe s. Le Tybre croist par les vents austraux qui, soufflans droict en sa bouque près Hostie, suspendent son cours, RAB. Sciomachie."
(5)
Tradiksyon:
"HIST. XVe s. E yo vin pase devan yon bèl vil ki chita nan antre yon "bouque" gro lanmè a, Bouciq. I, ch 32.
XVIe s. Tybre [larivyè italyen] la grosi lè van ki soti nan Sid yo, soufle tou dwat nan "bouque" li ki toupre Hostie, epi kous li poze, RAB. Sciomachie."

Fort la Bouque

"Le fort la Bouque est sur la pointe est de la baie du fort Dauphin [Fort Liberté actuel], dont la beauté avait donné lieu au premier nom qu'elle reçut des Espagnols et qui devint celui de toute cette partie de l'île.

(…)

"Fort la Bouque, mot francisé de l'espagnol Boca, qui signifie entrée, bouche, et dont une prononciation vicieuse fait déjà le fort la Boucle." (6)
Tradiksyon:
"Le fort la Bouque chita nan pwent Lès labe Fort Dauphin an [Fò Libète, konnya], li te tèlman bèl ke li te premye ki jwenn yon non nan men a Panyòl yo e non sa te sèvi pou tout zonn sa nan koloni a.
(…)
"Fort la Bouque, se yon mo ke Franse yo te chanje, li te soti nan mo
panyòl Boca, ki vle di antre, epi yon prononsyason malatchong te fè ke anvan, yo te rele li fort la Boucle."
Nan jounen 7 jiyè 1768 la, kidonk 23 lane anvan Bwa Kayiman, anons sila ki soti nan prizon Senmak la, te mansyone 2 prizonye (esklav) k ap viv nan "La Bouc", nan Fort-Dauphin (Fò Libète) :

"Le 7, deux Nègres Congo, l'un nommé Jacquet, étampé sur le sein droit, autant qu'on a pu le distinguer, MACA, âgé de 25 à 26 ans, taille de 5 pieds 4 pouces, ayant des marques incisives de son Pays sur le front et sur les deux tempes, l'autre nommé Martin, étampé sur le sein droit MOCA, et sur le gauche ALC, du même âge et de même taille, se disant appartenir à M. Chales, Habitant à la Bouc, Quartier du Fort-Dauphin." (7)
Tradiksyon :
"Le 7 la, de Nèg Kongo, yonn yo rele Jacquet, li tanpe sou tete dwat li, MACA, jan nou ka rive li li, li gen 25 a 26 lane, wotè li 5 pye 4 pous, li gen mak Peyi li sou fontèn li ak sou toude tanp li, lòt la rele Martin, li tanpe MOCA sou tete dwat li, ak ALC sou bò gòch la, menm laj ak wotè, li di li se pwopriyete mesye Chales, ki Rete nan la Bouc, nan Katye Fort Dauphin."

 
Débouquement
"On entend par le mot de Débouquement, un Passage étroit entre des terres, dans lequel il faut faire route pour sortir d'un Parage, ou quitter une Côte. Ce mot vient des Espagnols, qui ayant navigué les premiers dans ces cantons, nommèrent ces Passages et ces Entrées étroites Bocca, en français Bouches, dont les Marins ont fait le mot de Débouquement, pour dire sortir par une Bouche ou Passage étroit. On dit aussì embouquer pour entrer : mais ces termes ne sont en usage que parmi les Marins." (8)
Tradiksyon :
"Nou antann pa Débouquement, yon rout sere nan mitan tè, kote yo dwe fè yon rout pou soti nan yon kote w ka kole, oubyen pou w kite yon arebò lanmè. Mo sa soti nan lang a Espanyòl yo, ki se premye moun ki te navige nan zonn sa yo, e ki te rele rout sere sou lanmè sa yo Bocca, ki vle di Bouch, nan lang franse, epi Franse lamarin yo te fè mo sa tounen Débouquement, pou yo vle di y ap soti nan yon Bouch oubyen nan yon rout sere. Yo te di embouquer tou, pou antre : men mo sa yo te jis itilize nan mitan moun lamarin yo."


"Vue du Débouquement de St.-Domingue", Moreau de St.-Méry, 1875.


Bouqueton
Nan jounen 29 jiyè 1768 la, ki se 23 lane anvan Bwa Kayiman, anons sila menm, ki te soti nan prizon nan Fort Dauphin a, te pale de Pélagie, yon fi Ibo ki te kaptif (esklav) Marguerite Bouqueton, ki se yon fi nwa lib :
  
"Le 29, une Négresse Ibo, nommée Pelagie, étampée sur le sein droit LAF, se disant appartenir à la nommée Marguerite Bouqueton, n.l. demeurant à Ouanaminthe." (9)
Tradiksyon :
"Le 29 la, yon nègès Ibo, yo rele Pelagie, li tanpe LAF sou tete dwat li, li di li pou Marguerite Bouqueton, n.l. [nègès lib] k ap viv nan Wànament."
Konsa, nou wè klè ke mo tankou "Bouc", "Bouque", "Débouquement" oswa "Bouqueton" te nan vokabilè franse ki t ap blayi nan koloni Sendomeng la. Sa demanti radotaj la ki te fè konnen ke son "Bouque" la te ka sèlman soti nan mo angle ki se "Book".



2- Me kote manti Boukman te Jamayiken an soti :

(1785)
Nan lane 1785 - sèlman 6 an anvan Bwa Kayiman - lè Bellecombe, ki te Gouvènè Jeneral Sen Doming, te fè fas ba devan yon bann nèg maron ki te sere nan mòn nan zonn Jakmèl (nan Sid Sen Domeng, Ayiti)(10)

(1801)
Pierre François Page, yon kolon ki te komisè nan koloni Sen Domeng la, te ekri sou liberasyon 125 maron yo, ki sanble ak libète ki te bay nan lane 1733, kidonk 52 lane anvan, nan zile Jamayik :

"En 1733, l'Angleterre fut forcée de reconnaître l'indépendance de quelques Nègres révoltés à la Jamaïque ; et M. de Bellecombe, gouverneur à Saint-Domingue, fut obligé de faire, en 1785, une capitulation semblable avec 125 Nègres marrons." (11)
Tradiksyon:
"Nan lane 1733, Langletè te blije rekonèt endepandans kèk Nèg ki te revòlte nan Jamayik ; epi M. de Bellecombe, gouvènè a Sen-Domeng, te blije, nan lane 1785, fè piti tou, devan 125 Nèg maron."

(1805)
1 an apre Ayiti fin endepandan, 14 an apre Bwa Kayiman, Phillipe Lattre, yon abolisyonis, te pran fè elòj Boukman. E se konsa li se premye moun ki te defòme nan "Boukman" nan, an "Bouk -man". Epitou, se li ki premye panse ke non sa te ka gen yon sans nan lang Angle. Se pou rezon sa li deside di Boukman te Angle, e ke li te fè pati de 125 nèg maron ke Bellecombe te libere yo. Epi otè fè sanblan ke 125 maron yo te soti nan zile Angle, alòske yo te soti nan mòn Jakmèl : 



"Le premier Spartacus de Saint-Domingue, était un nègre de nom anglais, nommé Bouk-man, qui n'a pas été connu appartenir à la colonie. Il était un envoyé des anglais, ou l'un des chefs des cent vingt-cinq nègres marons, que le gouverneur-général de Bellecombe avait reconnu indépendans." (12)
Tradiksyon:
 "Premye Spartacus Sen-Domeng la, te yon nèg ki te gen yon non angle, li te rele Bouk-man, ke pyès moun pa t konnen nan koloni a. Li te yon moun ke Angle yo te voye, oubyen yonn nan sen venn sen nèg maron ke gouvènè-jeneral de Bellecombe te rekonèt kòm endepandan, yo."
Sa ki bèl, se ke pa gen ankenn moun nan koloni a ki te janm di Boukman te soti Jamayik, ni li te janm pale Angle. Ke se swa moun ki te konnen li. Ke se swa anons maronaj, ou ke se swa tèks ofisyèl koloni a. Anyen menm pa janm te fè konnen ke te gen yon orijin diferan pou Boukman. Se jis apre Ayiti fin endepandan ke Phillipe Lattre, ki byen alèz an Frans, te imajine ke non Boukman an sanble angle. Men li te nan bannann.
E pou nou pa kite ankenn dout sou kote Boukman te soti, n ap di ke, contèman a sa Phillipe Lattre te di a, Boukman t ap viv nan koloni a. Nan lane 1785, dat lè yo te libere 125 maron nan Sid yo, dapre tèks Leclerc (13), ki te yon delege minisipal, Boukman pou famiy li nan Limbé (Nò) nan Bitasyon Turpin. E si 4 an apre, nan lane 1789, ke yo te vann Boukman pou l al bout nan Bitasyon Clément, nan L'Accul du Nord : 
"Des notes rédigées par Leclerc, qui fut procureur-syndic de la municipalité du Limbé juste au moment de l’insurrection, plus tard commissaire du gouvernement auprès du tribunal du Cap entre octobre 1792 et juin 1793, nous apprennent qu’il [Boukman] avait été esclave sur la plantation de sa famille, et qu’on le tenait pour un « mauvais sujet ». Il est devenu marron, un marronage de proximité ; il revenait la nuit sur la plantation pour se ravitailler. Il avait été surpris un soir par un frère du narrateur, blessé d’un coup de fusil et revendu. C’est ainsi qu’il avait abouti sur la plantation Clément à L’Acul, donc paroisse limitrophe du Limbé." (14)
Tradiksyon:
"Nan nòt ke Leclerc te pran - li menm ki te yon Procureur-syndic nan minisipalite Limbé nan moman levekanpe a te deklanntche, apresa, li te vin komisè gouvènman an nan tribinal Okap ant oktòb 1792 ak jen 1793 - nou te aprann ke li [Boukman] te yon esklav sou plantasyon fanmiy li, kote yo te klase l kòm yon "move grap". Li te vin maron, san l pa t ale lwen ; li te konn retounen lanwit pou l vole manje. Frè a Leclerc te bare li yon swa, li te blese l ak yon kout fizi, epi yo revann li. Se konsa ke li te vin ateri nan plantasyon Clément nan L'Akil, ki tou pre Limbé. "

(1808)
Henri Baptiste Grégoire (Abbé Grégoire), ki se yon otè abolisyonis popilè, te reprann istwa 125 marron an, apati de tèks Pierre François Page la ki te soti an 1801-1802. Li te retounen pale de maron sa yo ki te soti nan Jakmèl e non pa nan Jamayik :


"Les Nègres marrons de Jacmel ont, durant près d'un siècle, épouvanté Saint-Domingue. Le plus impérieux des gouverneurs, Bellecombe, fut obligé, en 1785, de capituler avec eux; ils n'étaient cependant que cent vingt-cinq hommes de la partie française, et cinq de partie espagnole." (15)
Tradiksyon:
"Nèg maron nan Jakmèl yo te, pandan yon syèk, kraponnen koloni a. Pi chèlbè nan gouvènè yo, Bellcombe, te blige, nan 1785, bat chapo ba devan yo ; yo pa te pi plis pase san venn senk nonm ki soti nan bout franse a, epi senk ki soti nan bout panyòl la"

Tèks sa montre nou ke 125 maron yo te soti nan bout franse nan zile a, alòske te gen 5 ki te soti nan panyòl. Pa t gen dout nan sa. Kidonk, menmsi Boukman te nan bann 125 maron yo, li t ap toujou moun nan koloni Sen Domeng la. Jamayik pa tap genyen anyen arevwa nan sa.

(1826)
Otè Placide Justin, san li pa bay sous li, te repete ipotèz Phillipe Lattre la, lè li te prezante Boukman tankou yon kreyòl "ki soti nan zile angle yo" :


"Ce jour, à dix heures du soir, les noirs de l'habitation Turpin, sous la conduite du nègre Boukmann, créole des îles anglaises, entraînant avec eux les esclaves des habitations voisines, se répandent dans toute la dépendance du Cap..." (16)
Tradiksyon :
"Jou sa, a dizè nan aswè, nwa nan bitasyon Turpin yo, anba lidèchip nwa Bouckmann an, kreyòl ki soti nan zile angle yo, te charye esklav bitasyon toupre yo avè yo, epi yo blayi nan tout katye nan Okap..."
Menm ane sa, jèn otè franse Victor Hugo te retravay premye roman ke l te ekri, ki te pale de revolisyon Sen Domeng la. Li te baze li sou manti Phillipe Lattre a ki te di ke Boukman te yon ansyen maron jamayiken ke Bellecombe (Gouvènè nan Sen Domeng, pa nan Jamayik) te libere. Men Victor Hugo pa te rete la. Kòm se yon roman li te ekri, li te andwa nan sa li vle. Se konsa li te ajoute nan manti Phillipe Lattre la, lè li te ekri te Boukman te soti nan Montay Ble nan Jamayik :
"Bouckmann, chef des cent vingt noirs de la Montagne Bleue à la Jamaïque, reconnus indépendants par le gouverneur-général de Belle-Combe..." (17)
Tradiksyon:
"Bouckman, chèf san ven nwa nan Montay Ble nan Jamayik, ke gouvènè-jeneral de Belle-Combe te bay endepandans..."
(1831)
Théodore Gaspard Mollien, yonn nan premye moun ki te ekri istwa peyi Ayiti (pa Sen Domeng), te pèdi kat marenn li, lè li vin kopye sou roman Victor Hugo a, pou li repete ke Boukman te soti Montay Ble nan Jamayik :


"Jean-François, dernier domestique de M. Papillon, s'était placé au Dondon. Boukman, nègre des montagnes bleues de la Jamaïque, était à la soufrière de l'Acul." (18)
Tradiksyon:
"Jan-Franswa, dènye domestik a M. Papillon, te kanpe nan Dondon. Boukman, nèg nan montay ble nan Jamayik, te nan la soufrière nan Lakil."
(1850)
Saint-Rémy, yon istoryen ayisyen, te ranmanse manti Boukman an. Men li pa t pran li nan tèks Mollien an ki pa t pibliye, Se nan roman Victor Hugo a, yon jan de liv pa ta sipoze syantifik.  Li te men ekri Boukman "Bouckman", preske menn jan ak Victor Hugo te ekri "Bouckmann":

"Le chef principal avait nom Bouckman, africain primitivement vendu à la Jamaïque, d'où il fut porté à Saint-Domingue; il appartenait à l'habitation Clément. Cet homme, doué d'une force herculéenne, ne concevait pas ce que c'était que le danger; il marchait au combat avec l'enthousiasme d'un fanatique, semant la flamme de l'incendie et couvrant sa route de cadavres." (19)
Tradiksyon:
"Gwo chèf la te rele Bouckman, ki te yon afriken yo vann nan magouy soti zile Jamayik, epi li vini nan Sem Domeng; li te pou Bitasyon Clément. Nonm sa ki gen yon fòs tankou Hercules, pa te pè anyen; li te renmen al gounen, kote li limen dife epi kouvri chimen li a ak kadav."
(1925)
Rive nan 1925, se piyay nèt. Dorsainvil, nan konkonbrèt ak Frè Lenstriksyon Kretyèn repete manti Boukman jamayiken an, san yo pa chèche konnen kote l te soti. Depi lè sa, elèv lekòl pran resite leson de grenn gòch sa  :

"Boukman était né à la Jamaïque; c'était un houngan, c'est-à-dire un prêtre du vaudou; il était de haute taille et fort comme un géant; il exerçait une influence extraordinaire sur les autres esclaves." (20)
Tradiksyon:
"Boukman te fèt nan Jamayik; li te yon houngan, sa vle di yon prèt nan vodou; li te wo anpil, epi li te gen fòs tankou yon jeyan; li te gen anpil pouvwa sou lòt esklav yo."
Me ki jan yon fè istorik, ki se Gouvènè Jeneral de Bellecombe ki de libere 125 nèg maron ke yo pa t ka kontrole nan zonn Jakmèl, vin tounen manti jamayiken ke revizyonis islamis vin eksplwate pou yo ki Boukman te mizilman.

Nan 2 dènye tèks sa yo, nou ka wè "gen yon fòs tankou Hercules" epi "li te wo anpil, epi li te gen fòs tankou yon jeyan" se 2 fason rasis, ki pa chita sou prèv, ke move grap renmen plake sou moun nwa pou yo fè wè ke se gwo ponyèt olye de entelijans ke yo gade lè yap chwazi yon chèf. Se jan de tèks ke yo toujou mete sou do revolisyonè ayisyen yo (21-22) tankou Boukman e menm Cécile Fatiman (23), pou yo di ke moun nwa tèlman sòt ak sovaj, yo pa bay entelijans enpòtans. Men, prèv yo montre ke pa gen ankenn moun ki  te wè Boukman oubyen Macandal, ki te menm trouve l te enpòtan pou yo te pale de grosè yo. Epitou, nan tout lidè revolisyon ayisyen an, se sèl Wa Anri (Kristòf) (24) ki te gen gwo fizik. Lakay chèf bann yo, moun gwo fizik te ra nèt - sèl Alawou (25) te gen rotè ak fizik ke moun pa t ka pa pale de li. Men, istoryen ayisyen yo pa gen ankenn problèm pou yo simaye koze rasis ak lòt malatchong ka p avili pèp sa ke yo di yo vle edike pou yon demen miyò.

Sèl lyen ki te ekziste ant Boukman ak Montay Ble
Finalman, nan septanm 1791, pandan Boukman t ap goumen ak kolon yo, asanble kolonyal Sen Domeng la te voye mande Jamayik pwete lajan pou yo te ka pase nan men propriyetè bitasyon nan Nò ki t ap pran brimad. Men Franse yo pa t sèlman mande pwete lajan. Yo te koute konsèy Bryan Edwards, ki te reprezantan Lajamayik, lè yo te voye mande Jamiyik pwete bann nèg nwa nan Montay Ble ki te sèl moun ki te abitye toupizi kaptif (esklav) ki t ap fè rebèl :

"Le présent arrêté sera présenté à M. le Lieutenant au gouvernement général et représentant de Sa Majesté dans la colonie, pour avoir son approbation, et être par lui adressé au lord Effingham, avec pièce de le communiquer à l'assemblée de la Jamaïque.
L'un des membres a observé, que les ateliers étant toujours en révolte, et n'ayant point de troupes de ligne à espérer, il croyait qu'il était de la sagesse de l'assemblée de profiter de l'ouverture qu'avait fait M. Edouards, que peut-être le gouverneur de la Jamaïque consentirait à nous envoyer les Nègres de la montagne Bleue, seule troupe employée dans cette île pour soumettre les esclaves rebelles.
Cette motion appuyée, l'assemblée arrête que son président s'entendra avec M. le Lieutenant au gouvernement général, pour demander au gouverneur de la Jamaïque le Nègres de la montagne Bleue." (26)
Tradiksyon :
"Lèt sila pral prezante bay M. Lietnan gouvènman jeneral ak reprezantan Majèste nan koloni a, pou li bay akò li, e pou li vole l bay Lord Effingham, pou li kapab kominike l bay asanble Lajamayik la.
Yonn nan manb yo te fè nou wè ke bitasyon yo toutjou nan goumen, epi nou pa espere jwen troup solda, li kwè ke asanble a ta saj, si li ta pwofite de sa Mesye Edouards te di a, ke petèt gouvènè Jamayik la te ka dakò voye Nèg nan Montay Ble bannou, ki se sèl group ke yo itilize nan zile sa, pou yo met lapat sou esklav rebèl.
Propozisyon an te pase, asanble a te deside ke prezidan li pral antann ak M. Lietnan gouvènman jeneral la, pou li mande gouvènman Jamayik Nèg Montay Ble."
Men, Lajamayik, etan yon zile Britanik, pa t vle wè blan Franse. Se sak fè yo pa t voye group Nèg Montay Ble yo ; menmsi komisè franse Garran-Coulon te di ke Jamayik pa t fin rayi ide a (27). Men sa k bèl nan istwa sa, se ke, non sèlman Boukman pa t soti nan Montay Ble Lajamayik, li te preske vin ledmi Jamayiken nwa sa yo ki te fè tchoul kolon an nan mate moun Nwa ki t ap chèche libète.
Epitou, se nan repitasyon tchak ke Jamayiken nwa nan Montay Ble yo te genyen an, ki fè Victor Hugo, nan roman Bug-Jargal la (1826), te mete pèsonaj Boukman li te kreye a, kòm yon moun Montay Ble. Men otè roman sa pa t ap janm kwè te istoryen t ap pran fiksyon li a kom yon verite istorik.


3-Nou jwenn 10 moun yo te rele Boukman nan kiloni a :

Boukman #1 : 26 janvye 1750, Bouqueman, yon nwa nan Okap, te konplis nan afè nan zafè Kidnaping yo ti fi.

"Demeurant au Cap, où elle a resté trois jours, que de là elle fut chez M. Delarue, ensuite chez Mme Beauval, à la case du nommé Bouqueman, où elle aurait été arrêtée marrone quelques temps auparavant, et de là, conduite par ledit Nègre à son père sur l'habitation Carbon au Bois de Lance, où elle a presque toujours resté depuis, et ce, dans la vue de forcer ledit frère Lavaud de la vendre." (28)
Tradiksyon:
"Yo kondwi li nan lannwit la lakay a Nègès Geneviève Baudin, lib, ki rete Okap, kote fi a te rete twa jou, epi de la, yo te mennen l lakay a M. Delarue, answit lakay a Mme Beauval, nan la kaz a nonm yo bèy pou Bouqueman nan, kote yo te arete fi sa ki te maron depi kèk tan, epi Nèg sa te kondi li ba papa li sou bitasyon Carbon nan Bois de Lance, kote li te prèske toujou rete depi tan sa, e sa, paske fi sa vle fòse Frè Lavaud vann li. "

Boukman #2 : 15 desam 1757. Gen Pierre Boukman, yon kolon fransè, ki antere nan Pòtoprens


“Enterrement de Pierre Boukman - Aujourd'hui quinzième décembre mil sept cent cinquante et sept a été inhumé dans le cimetière de cette paroisse le corps de Pierre Boukman natif de Luré en Flandre. Agé de trente six ans, décédé à l'hôpital, muni du sacrement de pénitence…” (29)
Tradiksyon:
"Lantèman a Pierre Boukman - Jodiya kenz desanm mil wi san senkant sèt, nou tere nan simityè parwas la [Pòtoprens], kò a Pierre Boukman, ki fè nan Luré, nan Flandre. Laj li se trannsi zan, mouri nan lopital, kote li jwenn lapriyè sakreman ak penitans..."

Boukman #3, 4 :  an 1761, gen 2 fi blanch ki rele Bouquemen kòm nom d famiy, nan invantè "La sucrerie Saint-Michel située à Pointe d’Icaque (Nord)" 


"Il est intéressant de trouver deux femmes qui s’appellent Bouquemen, nom du premier chef des révoltés de 1791. Bouquemen créole « vieille » et Cécile Bouquemen Guillebedau, se trouvent côte à côte sur la liste. Elles sont peut-être mère et fille." (30)
Tradiksyon:
"Li enteresan ke nou jwenn de fi ki rele Bouquemen, ki se non premye chèf rebèl 1791 la. "Bouquemen kreyòl "ti granmoun fi" ak Cécile Bouquemen Guillebedau, trouve yo kòtakòt sou lis la. Petèt yo manman ak pitit fi."
 
Boukman #5 : 10 fevriye 1776, « Bouquemant » se yon kreyòl « machann mant »?

"Au Cap, le 4 de ce mois, Bouquemant, créole, étampé illisiblement, lequel a dit appartenir à M. Le Conte, Procureur de l’Habitation Portelance" (31)
Tradiksyon:
"Okap, 4 nan mwa sa, Bouquemant, kreyòl, etanpe san nou pa ka li y, li di li pou M. Le Conte, Jeran nan Bitasyon Portelance."
 

Boukman #6 : 5 oktòb 1779, "Bouqueman" se yon chasè danjere nan Nòdès de 40-42 an

"Trois Nègres nommés Bouqueman, chasseur ; Jean-Jacques, créole, cocher, sans étampe, & David, étampé X, Nègre de Guinée, sont partis marons de l'Habitation de M. Cailleau aîné & de Mde veuve Dorlic, à Maribaroux [Nord-Est] : les deux premiers, âgés de 40 à 42 ans, sont deux sujets des plus dangereux qu'il est important d'arrêter, l'un taille de 5 pieds 3 pouces, figure ronde, les yeux petits & d'un regard farouche ; le cocher, taille de 5 pieds 4 pouces, les yeux enfoncés, les narines ouvertes, grande bouche, lui manquant des dents de devant, les jambes cambrées & jetant de côté de la gauche en marchant, ce dernier évadé avec un nabot, une chaîne & des serre-pouces. Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter & transférer dans les cachots les plus voisins & avec le plus de sureté possible, & d'en donner avis au Sieur Dorlic, à Maribaroux." (32)
Tradiksyon:
"Twa Nèg yo rele Bouqueman, chasè ; Jan-Jak, kreyòl, kondiktè, san letanp, epi David, etanpe X, Nèg Ginen, yo te bat maron nan Bitasyon a M. Cailleau aîné ak kina Mde vèv Dorlic, nan Maribaro [Nòdès] : de premye yo, te gen 40 rive nan 42 an, yo se de grap ki pi danjere ke li enpòtan pou yo arete, yonn fè 5 pye 3 pous de rotè, figi ron, ti je, ak yon kout je tchak ; kondiktè a fè 5 pye 4 pous, je fon, nen vonvon, gro bouch, li manke dan devan, janm kanbal epi pann sou kote gòch lè l ap mache, mouche te chape ak yon pwa senkant, yon chèn ak pens nan pous èy. Sa ki rekonèt yo, tanpri fè yo arete yo epi lage yo nan kacho ki pi pre a, e ki genyen pi gro sikirite posib, apresa, kontakte mesye Dorlic nan Maribaro."
Boukman #7 : 19 desanm 1780 "Bouqueman" se yon Kongo de 55 an 


"Au Fort-Dauphin, est entré à la Geole (...) le 5, Louis, Congo, étampé sur le sein droit IVCHEREAU, âgé de 30 ans, se disant appartenir à l'Habitation de M. de Juchereau, au Trou ; Bouqueman, même nation, âgé de 55 ans, étampé sur le sein droit FLEURY, se disant appartenir à M. de Fleury, à Jacquesy." (33)
Tradiksyon:
"Nan Fort-Dauphin, li te antre nan prizon an (...) nan dat le 5, Louis, Kongo, etanpe sou lèstomak dwat IVCHEREAU, laj li se 30 an, li di li pou Bitasyon a M. de Juchereau, nan Otrou ; Bouqueman, mènm nanchon [ki vle di nan ka sa, Kongo], laj li se 55 an, etanpe sou lèstomak dwat FLEURY, li di li pou M. de Fleury, nan Jakezi".
 
Boukman #8, 9 : nan 1783, 2 lòt fi blanch rele "Bouqueman" ak "Bouquemen", te nan lis moun ki te rete nan Boden "Sucrerie Baudin" nan Katye Moren.


"Ayant déjà noté sur la sucrerie voisine de Saint-Michel deux femmes qui s'appellent Bouquemen, c'est surtout curieux de trouver ici une "Geneviève Bouqueman" âgée de 71 ans, et une "Bouqueman noire" qui morte récemment âgée de 69 ans. Il n'est pas sûr qu'elles soient créoles, mais dans l'inventaire de 1761 on trouve une Bouqueman et une Bouqueman Cécile, toutes deux nées à Saint-Domingue, ou du moins aux Antilles. Doit-on voir dans ce nom une référence aux "Isles des Débouquements", nom qui à  l'époque désignait les isles Bahamas et Turques et Caïcos exportatrices à l'occasion d'esclaves?" (34)
Tradiksyon:
"Nou te deja jwenn nan "Sucerie Saint-Michel" ki toupre a, 2 fi ki rele Bouqueman, li etonan ke nou vin jwenn isit la, yon "Geneviève Bouqueman" ki gen 71 an, epi yon "Bouqueman noire" ki mouri li pa gen lontan a 69 an. Nou pa konnen si yo kreyòl ou pa, men, nan lis moun pou lane 1761 an, nou jwenn yon Bouqeman epi yon Bouqueman Cécile, tou le de te fèt nan Sen Domeng, oswa nan zile yo. Èske nou ta ka wè nan non sa yo yon rapò ak "Isles des Débouquements", ki se non ke, nan tan sa yo, yo te rele zile Bahamas, Granntòk ak Kayikòs ki te konn vann esklav gen de lè?"
Boukman #10, 11 :  nan dat 30 dawou 1812, nan Nyouyòk, yo te antere nan "tè katolik" Marie Bouquement, ki se manman Adèle Bouquement ki te rete Sendomeng :

"Marie Bouquement died the last week in August, 1812. She was buried on August 30th of that year in the "Catholic ground," the new cemetery at Prince and Mulberry Streets where the Cathedral of St. Patrick was being built." (35)
Tradiksyon :
"Marie Bouquement te mouri nan dènye semèn mwa dawou 1812. Li te antere nan dat 30 dawou nan lane sila, nan "tè katolik," ki se nouvo simityè nan lari Prince ak Mulberry, kote yo te bati katedral Sen Patrik la."
Marie Bouquement te fèt an 1757 nan koloni Sendomeng la ; plis espesyalman nan Senmak, nan rejyon Latibonit la. Tankou manman l, Zénobie Julien, li te yon Kreyòl. Tonette grann li, limenm, li te fèt nan "Lafrik". Konsa, pa t gen okenn lyen islamik ki ka tabli ak non 'Bouquement li a, ke yo te ekri tou Boucman. (36) Anplis Marie Bouquement se matant Pierre Toussaint, ke Pap Jean Paul II te beyatifye Venerab nan dat 17 desanm 1996.

(Venerab Pierre Toussaint)
Sous : Bishop Norbert Dorsey, CP. Pierre Toussaint of New York : Slave and Freedman. New York, 2014.

Marie Bouquement, ki te afranchi (kidonk te jwenn libète li) le 20 janvye 1796, te debake nan Nyouyòk nan lane 1797, a laj de 40 an. (37) Li te akonpaye manm fanmi Bérard ke li te kaptif (esklav) yo yon ane avan. Jèn kaptif (esklav) Pierre Toussaint a, ki se pitit Ursule Julien Toussaint, ki se ti sè Marie Bouquement, li te nan vwayaj la. Marie Bouquement te aprann li nan men Bérard yo. E se pa t akoz de okenn enfliyans mizilman. Se te menm jan an tou pou manman l Zénobie, pou sè l Ursule, ansanm ak neve li Pierre Toussaint.

(Lèt Zénobie Julien ekri pitit pitit li Pierre Toussaint)
Sous : Pierre Toussaint Papers, NY Public Library. in : Jean Fouchard. Les marrons du syllabaire. (2ème édition) Port-au-Prince, 1988. planch 8.
 
(Lèt Pierre Toussaint ekri William Schuyler)
Sous : Pierre Toussaint Papers, NY Public Library. in : Jean Fouchard. Les marrons du syllabaire. (2ème édition) Port-au-Prince, 1988. planch 7. 
 
Lèt sa yo demaske manti ki di konsa ke kolon Sendomeng yo te pini kaptif (esklav) yo ki te konn li. Manti sila, li se baz tèz revizyonis la ki di ke Boukman Dutty te konn li, epi ke nan koloni yo, ekriti ta va gen arevwa ak islam. Epi menm, Pierre Toussaint te yon katolik devwe, ki te vin gen mwayen. Li te kontribiye finansyèman nan konstriksyon katedral Old St Patrick nan Nyouyòk. Kalite zèv li sa yo te fè yo te beyatifye l nan ran Venerab. Fò n presize ke done jeneyalojik sou Pierre Toussaint yo diferan de sa majorite istoryen yo fè konnen.**

Boukman #12 : nan 1816,*** "Bouqueman" se Lyetnan Wa Anri nan Ennri








 
"Lieutenant du Roi à Ennery.
M. de Bouqueman, capitaine, C...
M. Toussaint Guillaume, sous-lieut, adjudant d'armes.
(...)
Ordre Royal et Militaire de Saint HENRY, créé le 20 Avril 1811.
Promotion du 28 Octobre 1815, an douze.
Messieurs,
(...)
de Jean Cochet.
d'Étienne Gilot.
de Bouqueman.
de Julien Gillot.
de Lubin."
(38)
Tradiksyon:
 "Lyetnan a Wa a nan Ennri.
M. de Bouqueman, kapitèn, C...
M. Toussaint Guillaume, sou-lyetnan, adjidan a zam.
(...)
Lòd Wayal ak Militè Sen ANRI, kreye nan 20 Avril 1811.
Promosyon nan 28 oktòb 1815, lane douz.
Mesye,
(...)
de Jean Cochet.
d'Étienne Gilot.
de Bouqueman.
de Julien Gillot.
de Lubin."


Jan nou te wè la, te gen moun tout ras, tout koulè, tou sèks, tout laj ak tout etni ki te rele Boukman nan koloni Sen Domeng la. Non sa te jis yon non tankou Jean-Jacques oubyen Joseph, elatriye. Anyen nan li pa te gen arevwa ak lang Angle, ni ak zile Jamayik. Na wè pi devan, nan yon atik, ki sous non Boukman nan, epi kouman li vin trouve li nan lang Franse a, jouk yo rive bay kaptif yo li.
 

4- "Dutty" nan "Boukman Dutty" osnon "Dutty Boukman" pa chita sou prèv

Yon dal moun konsidere, pi fò tan, se moun nan peyi nan Karayib ki pale angle yo, ke non de fanmi Dutty a se yon prèv ke Boukman te moun Jamayik ; men lè yo di sa, se manti islamik la yo bay jarèt. Tankou anpil moun, mwen te kwè ke si ta gen yon lyen ant Boukman, ero Ayisyen an, ak peyi Lajamayik, sa ta sèvi tankou yon pon pou kouvri trou fon ki separe kilti ak istwa peyi Dayiti de rès peyi nan Karayib la. Men trou fon sa pap ka bouche ak manti kap fini pa fonn to ou ta.**** Li ka bouche sèlman ak verite istorik tankou : Wa Henry (Kristòf) soti nan yon peyi karayib la. Li te "soti nan zile Lagrenad", (39) dapre pwòp Sekretè li, Baron Pompée-Valentin de Vastey. Osnon, nou ka mize sou lòt enfòmasyon tankou rezistans kaptif karibeyen ke nou ka verifye nan achiv koloni Sen Domeng la. Pa ekzanp, nan lane 1780, te gen yon kaptif Jamayiken ki te maron de bitasyon li ki te nan Mòn-Rouj, kote ke revolisyon ayisyèn nan ke deklanntche :


"Un Nègre nommé Lubin, créole de la Jamaïque, âgé d'environ 24 ans, taille de 5 pieds 4 pouces, étampé sur le sein droit GUILLAUME COSQUIER, est parti maron depuis environ trois semaines avec un canot de 17 pieds de long. Ceux qui le reconnoîtront, sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis à M. Guillaume Cosquier, Habitant au Morne-Rouge." (40)
Tradiksyon :
"Yon Nèg yo rele Lubin, kreyòl jamayiken, laj li 24 an, rotè li 5 pye 4 pous, li make sou lèstomak dwat li GUILLAUME COSQUIER, li maron depi anviron twa semèn ak yon kannòt long de 17 pye. Sa ki ta rekonnèt li, tanpri fè yo arete li, epi fè M. Guillaume Cosquier konnen, nan Mòn-Rouj."


Alò, kijan non de fanmi Dutty sa vin antre nan koze a, nou ta mande? Eben, nan lane 1853, ekriven Ayisyen Céligny Ardouin te bay Boukman nom Dutty a, san ankenn prèv :


"Toussaint fit choix de ses plus intimes amis+, Jean-François Papillon, Georges Biassou, Boukman Dutty et Jeannot Billet. Les conjurés se réunirent ct se distribuèrent les rôles. Plus rusé que les autres, Jean-François obtint le premier rang++, Biassou le second; et Boukman et Jeannot, plus audacieux, se chargèrent de diriger les premiers mouvements." (41)
Tradiksyon :
"Toussaint te chwazi nan bon zanmi li+ Jean-François Papillon, Georges Biassou, Boukman Dutty ak Jeannot Billet. Yo te rasanble epi yo te bay chak moun wòl li. Jean-François ki te pi zwav, la te jwenn premye wòl la++, Biassou te dezyèm ; epi Boukman ak Jeannot, ki te plis gen odas, te pran wòl pou mennen premye atak yo."
Nou pa ta dwe kwè Ardouin san prèv, lè nou konnen li t ap ekri sou istwa a 62 zan apre li te fin pase. Jouk jounen jodiya, pa gen pyès kote nan achiv ki montre ke Boukman te gen anyen arevwa ak non Dutty a. Menm jan pou koze ki di ke Dutty se te non yon kolon nan Lajamayik. Anyen pa janm montre sa.
Se vre non Dutty a sanble yon non angle. Epi, lè w jwenn li nan koloni Sen Domeng (Ayiti) kote yo te pale franse, li fasil pou yon moun kwè ke non sa te soti nan yon kote yo pale angle. Men, menmsi Boukman ta va rele Dutty, sa pa ta vle di otamatikman ke li te soti nan yon koloni angle. Paske, achiv yo te montre non sa nan koloni Sen Domeng la, san ankenn relasyon ak anyen ki angle. Pa ekzanp, nan lane 1766 (ki se 25 an anvan Bwa Kayiman), nan yon anons pou moun ki maron, nan Fort Dauphin (ki se Fòlibète, nan Nòdès Sen Domeng) yo t ap chèche yon milat yo rele Jean Dutie ki te soti nan koloni franse Lamatinik :


"Un Mulâtre, se disant libre, de la Martinique, & se nommer Jean Dutie, étampé sur le sein droit RIMEAV,  & sur le gauche illisiblement." (42)
Tradiksyon :
"Yon Milat ki te deklare ke li lib, li soti Matinik, epi li rele Jean Dutie, li make sou lèstomak dwat li RIMEAV, epi mak li sou lèstomak goch la, pa lisib."

Me anons maronaj la okonplè. Yo pale de Jean Dutie anba nèt :
 

Men, apa Jean Dutie, te gen yon latriye anons pou moun maron ki te pale de kaptif ki te make DUTY. E pa janm gen kote yo te pale de anyen ki gen arevwa ak angle, ni pou kaptif yo, ni pou mèt yo. Pa ekzanp, anons sa date de 1767 (ki se 24 an anvan Bwa Kayiman), li pale de Pallanqué, yon kaptif yo rekonèt kòm Pòtigè, ki te make DUTY epi mèt li te rele Sr. Duty ki se moun Pòdepè (Nòdwès Sen Domeng) :


"Un Negre Portugais, nommé Pallanqué, étampé sur les deux seins DUTY & au dessous PP, âgé d'environ 40 ans, taille de 5 pieds 5 pouces, rouge de peau, est maron depuis le 28 avril. Ceux qui le reconnoîtront sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis au Sr. Duty, Passager du Port-de-Paix, demeurant audit lieu; il y aura une quadruple de récompense." (43)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Pòtigè yo rele Pallanqué, make de bò lèstomak li DUTY epi anba PP, laj li anviron 40 an, rotè li 5 pye 5 pous, koulè rouj, li maron depi 28 avril. Sa ki ta rekonnèt li, tanpri fè yo arete li, epi fè Sr. Duty konnen, li de passaj soti Pòdepè, kote li rete ; ap gen 4 fwa plis rekonpans."

Nan ka sa, kaptif yo rele Pallanqué a, te ka pote non propriyetè li. Yo kapab di li te rele Pallanqué Duty, paske se te konsa sa te mache nan koloni a. Se konsa tou, akoz de jan li sonnen a, pi fò moun kap viv konnya la, ka kwè san pwoblèm, ke non de fanmi Duty a, menm jan ak non Boukman an, te soti nan koloni angle. Men lè anons la montre ke Pallanqué Duty te soti nan yon kote yo pale pòtigè, sa vle di ke nou pa ka di ke non Dutty a, ke Ardouin te lage sou lèstomak Boukman an san ankenn prèv, te soti nan koloni angle. Epitou, anyen nan anons sa, ki te fèt nan lane 1767, te di ke ata menm propriyetè Pallanqué a, Sr. Duty, te soti kote yo pale angle ; oubyen menm ke li te yon etranje nan koloni a.
Me yon lòt anons ki pale de menm Sr. Duty a. Anons sila ke prizon Pòdepè a te plase, te date mwa dawou 1781, kidonk 10 lane anvan Bway Kayiman :

"'Le 11, Jean-Baptiste, Congo, étampé sur le sein droit I DVTY et au-dessous PP, âgé d'environ 25 ans, taille de 4 pieds 9 pouces, se disant avoir appartenu au Sr Duty et actuellement au Sieur Dupon, Habitant au Borgne." (44)
Tradiksyon :
"Le 11, Jean-Baptiste, Kongo, tanpe sou tete dwat li I DVTY epi anba PP, li gen 25 an, wotè li 4 pye 9 pous, li fè konnen ke li te pwopriyete Sr Duty men konnya li se pwopriyete Msye Dupon, ki rete Obòy."
Anplis, nou te trouve lò anons maronaj kote yo te pale de kaptif ki pote mak DUTY, chak fwa sa yo, pa t janm gen ankenn rapò ak lang angle. Sa fè nou konprann ke non Duty a te antre nan basen non blan franse yo lontan anvan yo te tanmen fè moun nwa esklav, ak anvan yo te fè dappiyan sou koloni yo te bay non Sen Domeng la :

a) Make JOYNEAU & DUTY :

"Un Nègre appellé Bouis Chouchou, appartenant aux mineurs Joyneau, étampé JOYNEAU & DUTTY, affermé au Sieur Videlet, habitant au quartier de Saint-Louis. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés de le faire arrêter. Il y aura récompense." (45)
Tradiksyon :
"Yon Nèg yo rele Bouis Chouchou, ki pou minè Joyneay yo, li tanpe JOYNEAU & DUTTY, yo afèmen l bay Msye Videlet, ki rete nan katye Saint-Louis. Sa ka rekonèt li, tanpri fè yo arete l. Ap gen yon rekonpans."
an) 2 kaptif make DUTY :
"Toussaint Dupon âgé de 28 ans : Toussaint Casalis âgé de 24 ans : César âgé de 26 ans ; ces six derniers sont de nation Congo, & sont étampés E DUPON : Laurent de nation Congo, âgé de 40 ans, étampé A CRUCHET, Léon âgé de 18 ans : Monplaisir âgé de 23 ans : Marsias & Darius, âgé de 20 ans ; ces quatre derniers sont de nation Congo, & sont étampés E. DUPON : Augustin âgé de 22 ans, étampé DUTY : Augustin de nation Mayombé, âgé de 22 ans, étampé E DUPON. (...) Joseph âgé de 26 ans, étampé DUTY : tous les Nègres ci-dessus sont partis marrons de l'habitation de madame veuve Dupont, dans les hauteurs du Bas de Saint-Anne : en donner des nouvelles à ladite Dame, ou à M. Louis Foucher au Cap-Français." (46)
Tradiksyon :
"Toussaint Dupon ki gen 28 an : Toussaint Casalis ki gen 24 an: César, laj li 26 an ; sis dènyè sa yo, nanchon yo Kongo, epi yo tanpe E DUPON : Laurent, nanchon Kongo, laj li 40 an, li tanpe A CRUCHET, Léon ki gen 18 lane : Monplaisir ki gen 23 an : Marsias & Darius, ki gen 20 an ; kat dènye sa yo nanchon yo Kongo, epi yo tanpe E. Dupon : Augustin ki gen 22 an, ki tanpe DUTY : Augustin, nanchon Mayombe, ki gen 22 an, li tanpe E Dupon (...) Joseph ki gen 26 an, ki tanpe DUTY : tout Nèg nou lonmen yo, yo maron nan bitasyon Madan Dupont vèv, nan mòn Bas de Saint-Anne : voye nouvèl bay Madanm an, oswa Mesye Louis Foucher nan Kap franse."
b) Make DOUTTÉ & S. LAPALIERE :
"François de nation Congo, âgé d'environ 40 ans, de la taille de 5 pieds 4 pouces, étampé DOUTTÉ & S. LAPALIERE, la dernière étampe ayant la forme d'un croissant, est parti marron depuis un an..." (47)
Tradiksyon :
"François, nanchon Kongo, ki gen 40 an, wotè 5 pye 4 pous, li tanpe DOUTTÉ & S. LAPALIERE, dènye etanp li te gen fòm yon kwasan,  li mawon depi en an..."


* Dapre Dictionnaire Littré de la langue française, "Bouc" soti nan Walon, ki se yon lang nan peyi Labèljik. (Littré, 1976 : 379)
** Sa meprizab, devouman avèg ke Pierre Toussaint te genyen pou fanmi Bérard sila ki te mete l ansanm ak tout fanmi li nan kaptivite (esklavaj). Sa kondanab, akseptasyon Pierre Toussaint de dominasyon blan pandan li te rejete lide libète pou moun nwa.  Sepandan, sa estimab, patisipasyon Pierre Toussaint nan premye òganizasyon ki bay lacharite, ki te fè Lekòl ak òfelina pou Timoun Nwa nan Nyouyòk. Se sa k fè nou bay Pierre Toussaint atansyon nou nan etid sila.
Fo enfòmasyon pèsiste, patikilyèman sou dat nesans ak kote Pierre Toussaint te fèt, epi sou non premye mèt. Nou pral wete dout sou sa, nan yon ti tan.
1) Tout istoryen dakò ke Pierre Toussaint te fèt nan kaptivite (esklavaj) nan Sendomeng, nan rejyon Latibonit. Sepandan, se pa vre ke li te moun Sen Mak. Paske, olye de sa, Pierre Toussaint te fèt nan lokalite Titrivyèlatibonit, ki pa depann de Senmak, menmsi Senmak se yon gwo vil. Jan kat sa yo 2 montre li, Titrivyèlatibonit  ak Senmak se 2 kote separe :

(Anplasman Titrivyèlatibonit, an Ayiti)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Petite-Rivi%C3%A8re-de-l%27Artibonite

(Anplasman vil Senmak, an Ayiti)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Saint-Marc_(Ha%C3%AFti)

2) Premye pwopriyetè Pierre Toussaint a, se te Jean-François Bérard du Pithon. Soti nan 1781 rive nan 1788, Jean-François Bérard du Pithon a te "kòmandan an chèf enfantri epi kòmandan nan pawas Titrivyèlatibonit la", kote li te rete 44 lane. Akoz de pwoblèm sante, li pran konje nan dat 14 me 1785, pou l ta l pran tretman nan Bòdo, an Frans. Lame te pèmèt li pwolonje konje a plizyè fwa deswit, jouk rive lè li pran retrèt li nan lane 1788, (48) kidonk 3 lane anvan Revolisyon ayisyen an te blayi an 1791.
3) Nan lane 1793-1794, Komisè Sivil Sonthonax te bay kaptif (esklav) Sendomeng yo libète. Sepandan, nouvo lib yo te oblije rete sou chak bitasyon yo kòm anplwaye. Pierre Toussaint ak fanmi li te rete fidèl a bitasyon Bérard a, byenke anpil lòt ansyen kaptif (esklav) te vire do bay plas la.
Le 5 Jiyè 1795, Jean-François Bérard du Pithon, patriyach la, te mouri an Frans. (49) Nan moman sila, tout pitit li yo t ap viv a Pari, eksepte pi gran gason li a, Jean-Jacques Bérard du Pithon ki te dènye eritye ki te rete sou bitasyon an. Msye te pran ansyen kaptif (esklav) li yo ki te tounen domestik ak anplwaye li.
Le 11 avril 1796, Jean-Jacques Bérard te marye ak dezyèm madanm li Adélaïde Marie Elisabeth Bossard, ki se yon natif natal Dondon (nan Sendomeng). Sa te dezyèm maryaj manzè tou. Yon lane apre sa, nan 21 out 1797, koup la ki t ap sove kite ajitasyon revolisyonè nan Sendomeng, te pran ekzil nan Nyouyòk. (50) Yo te akonpaye pa plizyè endividi. Pami 5  domestik ke yo te mennen, te gen Pierre Toussaint, ti sè l Rosalie Toussaint, ak matant yo Marie Bouquement. Malgre ke yo te lib dapre lalwa Sendomeng, domestik sa yo te kanmenm chwazi swiv ansyen mèt yo aletranje, kote yo vin tounen kaptif (esklav), paske, eksepte Marie Bouquement, yo pa t gen papye libète sou non yo. Yon dal endividi pran rele tchoul sa yo Ayisyen, alòske Pierre Toussaint ak Domengwa nwa sa yo pa t gen noblès nasyonalite Desalin an nan yo.
Jean-Jacques Bérard ki te retounen Sendomeng pou l te regle zafè li, te mouri ak maladi le 12 septanm 1799. (51) Vèv li Élisabeth Bossard Bérard te vin remarye le 11 out 1802 ak Jean-Baptiste Gabriel Nicolas, ki se yon ekzile ki te fèt Aken, nan Sendomeng. Maryaj sila te fòmalize nan dat 15 janvye 1803. (52) E gras a metye kwafè pou zotobre, ke li te genyen, Pierre Toussaint te pran swen koup sila ki t ap bat mizè. Élisabeth Bossard, ke yo te rele Madan Bérard Nicolas, te vin pa Pierre Toussaint libète li le 2 jiyè 1807, nan Komisè franse nan Nyouyòk la. (53) Se pa t sou kabann lanmò li, jan yon dal istoryen pran di. (54) Otorite konsila a te vin valide papye libète sila nan jounen 14 jiyè nan menm ane a.
4) Hannah Farnham Sawyer Lee, ki se premye otè ki te ekri sou Pierre Toussaint, ke li te konnen, te di ke li te fèt nan lane 1766. (55) Depi lè sa, istoryen yo rann dat ofisyèl. Ipotèz 1766 la ta vle di ke Pierre Toussaint ta gen 9 an mwens pase matant li Marie Bouquement. Paske Marie Bouquement, ki gen 40 an lè li te rive Nyouyòk nan lane 1797, te fèt an 1757, jan nou te wè sa deja. Men, 9 an pa yon diferans nan laj ki rezonab, pwiske Marie Bouquement te premye pitit Zénobie Julien, epi li te gran sè Ursule Toussaint, ki se manman Pierre. Anplis de sa, Pierre Toussaint pa t menm premye pitit Ursule, manman l. Li te twazyèm pitit, ki te fèt apre sè l Marie-Louise Pacaud ki limenm te fèt apre gran frè yo Antoine alyas Toussaint. (56)
Nou ka menm di ke li enposib pou Pierre Toussaint te fèt an 1766, pwiske marenn li te fèt 10 lane apre dat yo pwopoze a. marenn sila ke Pierre Toussaint te konn rele senpleman Mannmwazèl De Pointe, epi sitwayen nan Pari yo te rele l Aurore Bérard, (57) non batèm li se Marie Elizabeth Etiennette Bérard. Li se dènye pitit fi Jean-François Bérard ak madanm li Marguerite Victoire Magnan. Sètifika batèm li montre ke li te fèt 8 desanm 1776, nan Titrivyèlatibonit.



(Ekstrè Batistè Marie Elizabeth Etiennette Bérard alyas Aurore Bérard)
Sous : ANOM, État civil. Saint-Domingue, Petite Rivière de l'Artibonite, 1776 ; URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/caomec2/osd.php?territoire=SAINT-DOMINGUE&commune=PETITE-RIVIERE-DE-L%27ARTIBONITE&annee=1776
 
Marie Elizabeth Etiennette Bérard, alyas Aurore, te gen laj minè, lè li te vin marenn Pierre Toussaint. Limenm tou te gen yon marenn ki te minè (ki gen 15 an). Se te kouzin jèmèn li Marie-Louise Elizabeth François Audigé, ki te fèt le 8 desanm tou, men nan lane 1761. (58) Marenn Aurore a, ki te kouzin li tou bò manman, li se pitit fi Marie Louise Gabrielle Magnan. Akoz de konplikasyon, manman l te mouri kite l le 11 desanm 1761, ki se 3 jou apre li te fin akouche l. (59)
5) Ane egzak ke Pierre Toussaint te fèt pi difisil pou n detèmine. Otè Arthur Jones (60) baze sou lefèt ke Pierre Toussaint, antanke kwafè, te konfye Madan Brochet, yon kliyan parizyèn ki te depasaj nan Nyouyòk, ke li te kamarad jwèt marenn li Mannmwazèl De Pointe alyas Aurore Bérard. (61) Dapre Arthur Jones, 5 lane ta dwe diferans laj maksimòm ki separe 2 timoun ki kanmarad jwèt. Kòm Aurore Bérard, marenn Pierre Tousaint, te fèt an 1776, sa vle di ke Pierre Toussaint ta fèt, nan maksimòm, 5 lane apre dat sa, an 1781.
Arthur Jones te analize tou libète ke Pierre Toussaint te achte pou ti sè li Rosalie. Msye te asire l ke Rosalie te yon moun lib jou maryaj li, yon semèn pita, avèk Jean Noël. Dokiman libète Rosalie Toussaint an, ki date 21 me 1811, te revele ke li te gen 25 an nan ane sila. Sa vle di ke li te fèt an 1786. Arthur Jones te vin dedwi ke Pierre Toussaint te yon kamarad jwèt pou sè li Rosalie. (62) Vreman vre, lè yo te timoun nan Sendomeng, toulede te abitye swiv jèn marenn marenn Pierre a, toupatou. E yo te abitye danse pou fè kè l kontan. (63) Se sak fè, dapre Jones, Pierre Toussaint ta gen, nan pi plis, 5 an plis pase Rosalie, sè li ki te fèt an 1786. Konsa, Pierre Toussaint te fèt, pou pi ta, an 1781.
Nou kwè ke dat nesans Pierre Toussaint an aktyèlman chita ant 1781 ak 1785. Ane 1781 an, jiskaske yo pwouve otreman, rete dat nan mitan ki pi posib. Men, nou pa ka di menm bagay la pou 1766, ki ta va bay Pierre Toussaint 20 ane plis pase sè li Rosalie.
6) Si ane nesans Pierre Toussaint, dapre analiz nou, chita ant 1781 ak 1785, jou anivèsè li gen plis sètitid ladan l. Istoryen yo konsidere jou 27 jen an. Sepandan, otè Bishop Norbert Dorsey gen dout sou sa. (64) Li fè konnen ke detèminasyon dat 27 jen an soti nan yon lèt anivèsè nan dat 27 jen 1825 ke Euphemia, ki se nyès epi pitit fi adòpte Pierre Toussaint, te ekri li. Otè a te kontinye di ke Euphemia Toussaint te konn ekri tonton li nan vandredi, epi Pierre Toussaint te konn li lèt li yo nan samdi. Konsa, ta genyen yon ensètitid pou konnen kiyès nan 2 jou yo ki te fèt Pierre Toussaint toutbonvre. Èske se te jou lèt la te ekri a (vandredi), oswa si se jou lèt la te li a (samdi)?
Apre nou te fè yon gade nan sa, nou di ke 27 jen se bon jou a, pwiske lèt Euphemia a te ekri yon lendi. Kontrèman ak agiman Bishop Norbert Dorsey la, 27 jen 1825 te yon lendi ; li pa t  yon vandredi. Kidonk, Euphemia te ekri lèt anivèsè a nan menm jou ke lèt sa te li. Se te nan jounen 27 jen an, ki te anivèsè nesans tonton li Pierre Toussaint.
*** 1816 te fè sèlman 12 an apre endepandans peyi Dayiti. Sa vle di, Lyetnan de Bouqueman te fèt ak batize nan koloni Sen Domeng la.
**** Me yon egzanp pafè de envansyon malonèt ki sikile sou swadizan orijin Jamayiken Boukman. Envansyon degrenngòch sila, li soti nan CARICOM Reparations Commission (Komisyon CARICOM Pou reparasyon), yon branch nan CARICOM (Kominote Karibeyen), ki se yon enstitisyon entènasyonal ki gen 15 eta manm, ak anpil lòt patnè ak obsèvatè. CARICOM Reparations Commission an te pwopoze nan yon twit revizyonis, yon foto de Boukman, swadizan Jamayiken ki konn li a :

(Twit ak foto malatchong yo ke CARICOM Reparations te pwopoze)
Sous : https://twitter.com/CariReparations/status/782675957828071424/photo/1

Sepandan, fotografi pa te menm envante nan lane 1791, dat lanmò Boukman Dutty a. Anplis de sa, foto yo pwopoze a, e ki pote etanp CARICOM Reparations Commission an, an reyalite, li se foto Ño Remigio Herrera "Adechina", yon Babalawo Afrokiben ki popilè anpil :

(Foto Ño Remigio Herrera ki te pran nan lane 1891)
Sous : Mize La Regla. In : David H. Brown. Santeria Enthroned: Art, Ritual, and Innovation in an Afro-Cuban Religion. Chicago, 2003. p. 64. (fig. 2.1) ; http://theasefountain.tumblr.com/post/5222527904/diasporic-heroes-4-adechina-remigio-herrera 

Foto sila te pran nan Lahavàn (Kiba) nan lane 1891, ki se egzakteman 100 an apre lanmò Boukman. E Ño Remigio Herrera, ki gen tinon "Adechina", te fèt nan Nijerya alantou 1811. Nan lane 1830, yo te bwote l kòm kaptif (esklav) nan lavil La Regla, nan Kiba, kote li te entwodwi relijyon zantray Ifa a. Akozde talan li kòm Babalawo (gwo lidè nan relijyon Yowouba tradisyonèl la), li te jwenn libète li. Epi li te vin tounen yon gwo biznisman. Li te mouri vye granmoun anpil, le 27 janvye 1905. (65)
Me plis foto Ño Remigio Herrera "Adechina", ansanm ak foto pitit fi li Josefa "Pepa" Herrera, ki limenm tou, te yon gwo lidè nan relijyon tradisyonèl la :

Sous : https://face2faceafrica.com/article/remigio-herrera-the-nigerian-slave-who-heavily-influenced-cuba-as-a-mystic-in-the-1800s


Sous : https://myspace.com/spectralphil/mixes/classic-awos-ni-orunmila-iyalochas-y-babalochas-famosos-454596


(Jofefa "Pepa" Herrera, pitit fi Ño Remigio Herrera "Adechina")
Sous : Mize La Regla. In : David H. Brown. Santeria Enthroned: Art, Ritual, and Innovation in an Afro-Cuban Religion. Chicago, 2003. p. 66. (fig.2.2) ; https://myspace.com/spectralphil/mixes/classic-awos-ni-orunmila-iyalochas-y-babalochas-famosos-454596/photo/182468643

Me se yon lòt egzanp de kreyasyon fo dokiman. Malgre prèv ke fotografi pa te envante nan tan Boukman ki te mouri nan mwa novanm 1791, fo foto sila ke yo lye ak non Boukman, pran sikile sou entènèt la :


(Fo foto ke yo di se Boukman Dutty, nan lane 2017)
Sous : https://agoraafricaine.info/2017/12/13/en-1791-le-pretre-haitien-dutty-bookman-se-servit-du-vaudou-pour-vaincre-les-armees-de-louis-14/

Kòken yo ki fè fo dosye sa, toujou aranje yo pou yo koupe foto orijinal la. Se yon mannyè pou yo kache ekriti a ki montre ke se pa t Boukman :

"Papa Lwa (bòkò ayisyen) prèt nan relijyon Vodou." (Trad.)
Sous : https://universalayititoma.tumblr.com/page/7

Men, ekriti alamen an ki di "Fort de France (Martinique)" la pa mache ak ekriti enprime a ki pale de yon "bòkò ayisyen". Dezyèm foto sila presize idantite moun nan foto a. Li se Papa Pierre, yon Papa Lwa, yon Houngan oswa yon gwo chèf tradisyonalis ayisyen :

  "Yon Papa-Lwa (Bòkò) - Papa Pierre" (Trad.)
Sous : Kiran Jayaram. "Digging the Roots, Or, Resistance and Identity Politics of the Mouvman Rasin in Haiti", tèz, 2003, Appendix A. ; https://universalayititoma.tumblr.com/page/32

Dezyèm foto Papa Pierre a, ki te fèt nan lane 1905 oswa 1908, dapre kèk sous diferan. Li te menm tounen yon kat postal :

 (Kat postal ayisyen ak Houngan Papa Pierre)
Sous : https://cartespostales.eu/hati/108658-HAITI_-_Un_Papa-Loi__Sorcier__-_Papa_Pierre_-_Pr_tre_Vaudou_-_tr_s_bon__tat.html ; Lewis Ampidu Clorméus. "HAÏTI (1911-1912) : Contribution à une historiographie". In : Histoire, monde et culturres religieuses. 2012/4 n° 24. pp. 105-130. (p.112)

Inisyal F. D. yo sijere ke kat postal la (pa foto a) te fèt nan epòk "endijenis" François Duvalier a (1957-1971). Kidonk, nou fèk kòmanse pran nan pa konprann. Paske malonèt la ak parese a, k ap chèche notoryete oswa lejitimite, li pa p bouke defòme dokiman istorik yo, nan mannyè ki pi lèd la.

+ Sa Ardouin di la pa t vre, paske Toussaint, yon ansyen esklav ki te menm vin posede esklav, pa t sèvo revolisyon an, jan anpil moun ta vle kwè. Se te Jean-Jacques, yon kòmandè nan Bitasyon des Manquets (oubyen Noé) nan Lakil (Nò) ki te planifye tout koze a pandan anviron yon deseni. (Na va pale plis sou sa yon lòt lè)
++ Kontrè de sa pi fò moun panse, Boukman pa t chèf levekanpe a ; Jean-François (Wa a) te chèf la. Ni Boukman pa t dezyèm nan grad ; Biassou (Vis-Wa a) te gen plas sa. Li "Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen an" pou plis sou sa.


Referans
(1) https://dictionnaire.reverso.net/francais-definition/bouc
(2) Pamphile de Lacroix. Memoires pour servir a l'histoire de la revolution de Saint-Domingue. (2e édition) Paris, 1820. p.v.
(3) Prophète Joseph. Diksyonè sinonim lang Ayisyen. Monreyal, 2002. p.81.
(4) Comte de Chesnel. Encyclopédie militaire et maritime, Volume 1. Paris, 1864. p.57.
(5) Le Dictionnaire Littré de la langue française de 1976, à la page 390. 
(6) Moreau de Saint-Méry. Description topographique, physique, civile, politique, Tome 1. Philadelphie, 1796. pp.129-130.

(7) Les affiches américaines du mercredi 13 juillet 1768. Parution no.28. p.227.
(8) Jacques Nicolas Bellin. Description des débouquements qui sont au nord de l'isle de Saint Domingue. Paris, 1768. p.2.
(9) Les affiches américaines du mercredi 13 juillet 1768. Parution no.28. p.227. 
(10) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Volume 1, Paris, 1853. pp.219-220.
(11) Pierre François Page. Traité d'économie politique et de commerce des colonies, Tome 2. Paris, 1801. p.xxxviii 
(12) Phillipe Lattre. Campagnes des Français à Saint-Domingue. Paris, 1805. pp.47-48.
(13) « Notes de M. Leclerc, procureur-syndic du Limbé, commissaire du gouvernement près du tribunal criminel du Cap français, sur la brochure de M. Gros », AN, Col. CC9a 5.
(14) Yves Bénot. "The insurgents of 1791, their leaders and the concept of independence". In: David Patrick Geggus, Norman Fiering. The World of the Haitian Revolution. Bloomington, 2009. pp.99-110.
(15) Henri Baptiste Grégoire. De la littérature des Nègres ou recherches de leurs facultés. Paris, 1808. p.107.
(16) Placide Justin, James Barskett (Sir.). Histoire politique et statistique de l'île d'Hayti: Saint-Domingue... Paris, 1826. p.206.
(17) Victor Hugo. Bug-Jargal, Paris 1826. p.43.
(18) Gaspard Théodore Mollien. Histoire ou Saint Domingue. Tome 1. Paris, 1831, réed. 2006. p.72.
(19) Saint-Rémy "Vie de Toussaint-L'Ouverture. Cayes, 1850. p.19.


(20) J.-C. Dorsainvil & F.I.C. Manuel d'histoire d'Haiti. Port-au-Prince. 1925. réed.1942. p.64.

(21) "Jean François, Biassou et quelques autres, que leur taille, leur force et d'autres avantages corporels semblaient désigner pour le commandement.” [Tradiksyon] : "Jean François, Biassou ak kèk lòt, ke gwosè yo, fòs yo ak lòt benefis nan fizik yo te sanble fè yo vin chèf." Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Volume 1. Paris, 1853. pp.230-231.

(22) "Ce nègre [Macandal], déjà remarquable par sa taille de titan, sa force herculéenne, l'était encore bien davantage par son origine et son intelligence." [Tradiksyon] : "Nèg [Makandal] sa, ki deja te yon zafè akoz de wotè gòl li tankou yon titan, ak fòs li tankou Èrkil, li te toujou vo plis ankò akoz de orijin ak entelijans li." Revue du monde colonial, asiatique et américain: organe politique ..., Volume 12. Paris, 1864. p.448.

(23) "Une négresse de taille gigantesque [Cécile Fatiman] (...) fit son apparition. On eût dit que ses yeux lançaient des étincelles." [Tradiksyon] : "Yon nègès ki wotè tankou yon gòl [Cécile Fatiman] (...) te parèt. Ou ta di ke je l t ap voye etensèl." Bulletin international des études créoles, Volumes 13-15, AUPELF, 1990 - Creole dialects, French. 24.

(24) "[Henry] Christophe was tall, strong, and handsome, with bright, flashing eyes — "a fine portly looking man," as a British naval officer who visited Haiti in 1818 describes him." [Tradiksyon] : "[Henry] Kristòf te wo, li gen fòs, epi li te bèl gason, li te gen je byen klere, yo flache - "yon bèl bout nonm byen kanpe," se konsa yon ofisye nan lamarin Britanik ki te vizite Ayiti nan lane 1818, te dekri li." Earl Leslie Giggs & Clifford H. Prator (ed). Henry Christophe & Thomas Clarkson: A Correspondance. Berkely & Los Angeles, 1952. pp.38-39.

(25) "Les insurgés du Cul-de-Sac avaient à leur tête un africain, nommé Halaou, d'une taille gigantesque, d'une force herculéenne." [Tradiksyon] : "Rebèl nan Kildesak yo te gen pou chèf yon afriken yo te rele Halaou, ki te chaje ak fòs tankou Èrkil." Thomas Madiou. HIstoire d'Haïti, Tome 1. Port-au-Prince, 1847. p.181.

(26) Mémoire de l'assemblée générale de la partie Française de Saint-Domingue, concernant l'emprunt qu'elle se propose de faire à la Jamaïque. (25 septembre 1791). in : La Gazette de Saint-Domingue. du Mercredi 2 Novembre 1791. Parution No.88. p. 1008.
(27) Garran-Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue, fait au nom de la Commission des colonies, des Comités de salut public, de législation et de marine, réunis. Tome 2. p.246.
(28) Moreau de St Méry. [A.N. COLONIES P.88]" in : Pierre Pluchon. Vaudou, sorciers, empoisonneurs: de Saint-Domingue à Haiti. Paris, 1987. p.185.
(29) (ANOM) Archives Nationale d’Outremer), État civil de St-Domingue, par. 33 (Port-au-Prince/Saint-Domingue), 1757, p./vue 38
(30) David Geggus. “Les esclaves de la plaine du Nord à la veille de la Révolution française, pt 1." in: Revue de la Société haïtienne d'histoire et de géographie, Issues 132-137. Port-au-Prince, 1981. pp. 85-107.
(31) Les Affiches Américaines du 10 février 1776. Parution no.6, p.69.
(32) Les Affiches Américaines du 5 octobre 1779. Parution no.40, p.0.

(33) Les Affiches Américaines du 19 décembre 1780. Parution no. 51, p.405.
(34) David D. Geggus. "Les esclaves de la plaine du Nord à la veille de la Révolution française, pt. 3" in: Revue de la Société haïtienne d'histoire et de géographie, Issues 142-149. Port-au-Prince, 1984. pp.15-44.
(35) Ellen Tarry. The other Toussaint : a modern biography of Pierre Toussaint, a post-revolutionary Black. Boston, 1981. p.206.

(36) Hannah Farnham Sawyer Lee. Memoir of Pierre Toussaint, born a slave in St. Domingo. Boston, 1854. p.27.
(37) Arthur Jones. Pierre Toussaint : A Biography. New York, 2003. p.97.
(38) Almanach royal d'Hayti pour l'année 1816", P. Roux, Imprimeur du Roi. Cap-Henry, 1816. pp.30, 53.
(39) Baron Pompée-Valentin de Vastey. Essai sur les causes de la revolution et des guerres civiles d'Hayti, faisant suite aux reflexions politiques sur quelques ouvrages et journaux francais, concernant Hayti avec differentes pieces. Sans-Souci, 1819. p.160.

(40) Les Affiches Américaines du 13 juin 1780. Parution no.24,  p.190.
(41) C. N. Céligny Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti, Volume 1, Paris, 1853. p228..
(42) Les Affiches Américaines du 31 décembre 1766. Parution no.53,  p.442.

(43) Les Affiches Américaines du 17 juillet 1767. Parution no. 28. p.224.
(44) Les Affiches Américaines du 7 août 1781. Parution no.32. p.32, p.299. 
(45) Les Affiches Américaines du 23 juin 1784. Parution no.25, p.399.
(46) Les Affiches Américaines du 23 février 1788. Parution no.8, p.337.
(47) Les Affiches Américaines du 17 décembre 1786. Parution no.52, p.600. 
(48) FR ANOM COL E 26 ; URL : ark:/61561/up424dxzw4m
(49) Roglo. Jean François Bérard ; URL : http://roglo.eu/roglo?lang=en;p=jean+francois;n=berard;
(50-52) Paul-Henri Gaschignard. " Gabriel Jean Baptiste Désiré NICOLAS" in : GHC (Généalogie et Histoire de la Caraïbe). No.238. pp.6374-6375 ; URL : https://www.ghcaraibe.org/bul/ghc238/p6374.rtf ; https://www.ghcaraibe.org/bul/ghc238/p6375.rtf
(53) France. Extrait des Minutes de la Chancellerie du Commissaire de France à New York. No. 633. in : NYPL (New York Public Library). Freedom certificate of Pierre Toussaint. URL : https://digitalcollections.nypl.org/items/8a1d4ef8-2bf0-95fe-e040-e00a1806794b
(54) Thomas J. Shelley. "Black and catholic in nineteenth century New York city : the case of Pierre Toussaint" in : Records of the American Catholic Historical Society of Philadelphia. Vol. 102, No. 4 (WINTER, 1991), pp. 1-17. (p.6)
(55) Hannah Farnham Sawyer Lee. Memoir of Pierre Toussaint... Op. Cit. p.5.
(56) Arthur Jones. Pierre Toussaint... Op. Cit. p.6.
(57) Arthur T. Sheehan, Elizabeth Odell Sheehan. Pierre Toussaint : a citizen of old New York. 1955. p.125.
(58) Eric Verkimpe. Geneanet.org. ; URL : https://gw.geneanet.org/verkimpe?lang=en&p=elizabeth&n=audige
(59) Eric Verkimpe. Geneanet.org. ;  URL : https://gw.geneanet.org/verkimpe?lang=en&p=marie+louise+gabrielle&n=magnan
(60) Arthur Jones. Pierre Toussaint... Op. Cit. pp.315-316.
(61) Arthur T. Sheehan, Elizabeth Odell Sheehan. Op. Cit. pp.9-10.
(62) Thomas J. Shelley. Op. Cit.
(63) Hannah Farnham Sawyer Lee. Op. Cit.
(64) Bishop Norbert Dorsey, CP. Pierre Toussaint of New York : Slave and Freedman. New York, 2014. p.13.
(65) David H. Brown. Santeria Enthroned : Art, Ritual, and Innovation in an Afro-Cuban Religion. Chicago, 2003. pp. 64-71, 317.



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Boukman pa t Jamayiken pyès!". 21 septanm 2016. Mizajou 28 jiyè 2019. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/09/boukman-pa-t-jamayiken-pyes.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020