"Kay + Iman" nan kreyòl nan Nò


Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 10 septanm 2016 
(Mizajou: 17 dawou 2020)

 
Pi gwo problèm ki genyen nan listwa peyi Dayiti, se ke pi fò Ayisyen k ap analize listwa sa, pa gen ankenn rèspè pou li. Yo pa gen ankenn rèspè pou moun ki nan listwa sa. Yo pa gen ankenn rèspè pou moun ke wap rakonte listwa sa a. Epi yo pa gen ankenn rèspè pou tèt yo.
Se sa k fè li difisil anpil pou w jwenn yon Ayisyen ki kapab analize yon fè istorik san li pa kache bout li pa renmen ladan l, osnon san li pa mete sa li renmen ladan l pi plis pase sa prèv istorik pèmèt li mete. Tout briganday istorik sa yo posib paske "istoryen" Ayisyen an konnen ke pi fò konpatriyòt li yo pap fè rechèch pou yo ta dekouvri ke li malonèt. Epitou, li konnen ke Ayisyen ki fè rechèch yo fè pati de zanmitay li, oubyen yo se manb nan sèk konkonbrèt li. Konsa, pa gen posiblite ke yon konkonbrèt ta vin korije manti li ; menm jan li pap korije move entèpretasyon istorik konfrè li. E si gen yonn ki ta oze ale nan lòt san ke li, toudswit li deklare ke lòt la "atake" li. Konsa, se swa lòt la fè bak, sinon lagè deklare, epi goumen ka pete.
Rezilta ki rive akoz de konbit malatchong entelektyèl Ayisyen sa yo, se ke listwa Dayiti vin tounen yon depotwa pou manti ak rakonta, yon bwat zouti wouye pou sèvi enterè politik osnon anbisyon pèsonèl vakabon ak vakabòn diplome.
Yonn nan pi gro ekzanp ki genyen de mank de respè sa a, se ke - dapre sa mwen wè jiska prezan, e m ka trompe m - pa janm gen istoryen Ayisyen ki tenikont tout bon vre de diferans lang ki genyen nan Nò Sen Domeng (Ayiti) - kote Bwa Kayiman te fèt -, pa rapò ak rès peyi a (Lwès, Sid, Sant ak Nòdwès). Ni pa janm gen istoryen Ayisyen ki ta rive tenikont de diferans nan jan moun te kon pale nan tan koloni a, pa rapò ak Kreyòl ke y ap pale an Ayiti konnya la.
Pou istoryen Ayisyen yo ta tenikont de diferans rejyonal nan mitan Kreyòl la, nan analiz istorik yo, sa ta mande yo gen presizyon ak rèspè. Men, malerezman, entelektyèl pèpè sa yo pan pran direksyon sa. Se sèl lakay istoryen etranje (pi fò, pa tout) ke nou jwenn yon rèspè pou detay istorik. Menmsi, antanke etranje, gen anpil nan reyalite ayisyen ki difisil pou yo konprann.

Se ak anpil respè pou Zansèt yo, pou listwa peyi Dayiti, pou moun kap li tèks sa, epi pou pròp tèt mwen, ke map tenikont de diferans Kreyòl nan Nò Sen Domeng (Ayiti) nan analiz ke map fè de Bwa Kayiman ak levekanpe ki te fèt nan lane 1791 la.
Prèv lengistik yo klè. Yo fè m di ke nan Kreyòl ki te pale nan Nò Sen Domeng (Ayiti), nan lane 1791 jiska konnya, "Kay Iman" vle sèlman di bèt yo rele "Kayiman" an. Li pa vle di yon kote moun rete. Kidonk, "Bwa Kay Iman" ki ta swadizan non yon rakbwa "Bwa" kote ta sanble gen yon "Kay" ki te pou yon "Iman" mizilman, ki li menm ta va revolisyonè Boukman an, se manti nètakole.

Nou baze sa nou di la sou yonn nan premye diksyonè Fanse-Kreyòl ki te janm ekri (1) :



Diksyonè a te pibliye nan lane 1802, swa 11 an sèlman apre Bwa Kayiman. Men li te ekri anvan dat piblikasyon li. Li te anndan yon liv ki gen tit : "Manuel des habitans de Saint-Domingue". Otè liv sa, se te yon kolon yo te rele S.J. Ducoeurjoly. Li te viv nan Nò Sen Domeng. E li te konnen reyalite zonn tèlman byen ke li te pibliye liv sa pou ede kolon ki fèk parèt nan koloni a.


1- Kay oubyen Kaz

Dapre diksonè sa, nan kreyòl nan Nò (ak Nòdès) - ke Boukman ansanm ak revolisyonè ki te fè Bwa Kayiman yo te pale - yo te rele kote moun rete "Kay" (Caye) oubyen "Kaz" (Caze).





"Maison, s.f. Logis, bâtiment pour y demeurer,
Caze ou Caye."
S.J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue. Tome 2. Paris, 1802. p.331.

Se te menm jan nan rès koloni a (Lwès, Sid, Sant ak Nòdwès). Men apre sa 2 Kreyòl sa yo diferan nèt nan jan yo make "posesyon", kidonk jan yo montre ke yon bagay pou yon moun. Kreyòl nan rès koloni a, se yonn nan lang ki make posesyon pi fasil omond. Pi fò tan, ou annik plase 2 mo yonn dèyè lòt pou tout moun konprann ke premye mo a se pwoproyete mo ki swiv li a. Pa ekzanp, "Kay Iman" te vle di, nan Kreyòl rès koloni a :
  • a) swa yon "Kay" ki pou "Iman", san li pa blije rete ladan l ; 
  • an) swa yon "Kay" kote "Iman" rete, san li pa blije pwopriyetè li ; 
  • b) oubyen ankò, swa yon "Kay" ki pou "Iman" epi li rete ladan l.
Kreyòl nan Nò Sen Domeng la, se pi konplike. Anfèt, se yon nan lang omond ki pi konplike omond, nan sa yo rele make posesyon. Se tèlman vre, ke pi fò moun k ap mache simaye manti "Bwa Kay Iman" an, menmsi yo se Ayisyen natif natal, yo pa konnen kouman pou yo make posesyon kòrekman nan lang Boukman an. Epi sa k pi rèd la, se ke mo "Kay" la ke yo vle make posesyon avè l la, se yonn nan mo ki konplike pou make posesyon nan kreyòl Nò a. Sa vle di ke yo chire, kennenpòt sa yo fè.


2- "Kay a Iman" ; oubyen "Kaz a Iman"

Nan Nò koloni a, yo pa t ap di "Kay Iman", pou yo te fè konnen ke yon Kay te pou yon moun yo ta rele "Iman". Pou yo te di ke yon Kay oubyen yon Kaz (Caze) te pou "Iman", sa te mande ke yo mete - sa mwen rele yon "makè de posesyon" - nan mitan 2 mo yo ki se "Kay" ak "Iman. Kidonk, si nan rès koloni a, yo ka di "Kay Iman" pou yo te pale de yon "Kay" kote "Iman" ta rete, nan Nò a sa te enposib, san "a" (ki se yonn nan onz makè de posesyon) (2) nan mitan "Kay"ak "Iman". E sa t ap vin bay "Kay a Iman" oubyen "Kaz a Iman" :




"Affermer, v.a. donner à ferme, - j’ai affermé ma terrema maison.
Fermer, - mo fermé terre a moué, - caze à moué."
S.J. Ducoeurjoly. Op. Cit. p.288

3- "Bwa Kote Kay a Iman" ;  oubyen "Bwa Kote Kaz a Iman"

Sa vle di ke "Kay Iman" pa konfòm ak jan moun nan Nò te pale an 1791 jouk konnya. Men gen anpil moun di ke "Bwa Kay Iman"soti nan yon defòmasyon de "Bò Kay Iman". Sa pa konfòm tou ak Kreyòl nan Nò Sen Domeng, paske yo pa te konn di "bò". Yo te di "kote" [arebò, nan kreyòl modèn] :


"Auprès, préposition de lieu, - sa maison est auprès de la mienne, - la rivière passe auprès de cette ville, - il vient d'auprès de la place, - votre mal n'est rien auprès du sien.
Coté, - caze a ly coté quien à moué, - rivière la passé coté la ville, - ly sorti côté la place, - mal à vou ly a rien coté tien à ly." 
S.J. Ducoeurjoly. Op. cit. p.294

4- "Bwa LaKay a Iman" ; oubyen "Bwa LaKaz a Iman"

Menm lè yon moun ta di "Bwa Kay a Iman" oubyen "Bwa Kaz a Iman", li toujou pa vle di kote yon "Iman" ta rete. Paske, si nan lang rès koloni a, "Kay" oubyen "Kaz" te vle di kote moun rete, nan Nò a, "Kay" te sèlman te vle di yon Kay ke yon moun posede oubyen ke yon moun ap pale de li. (Ekzanp: 1 kay. 2 kay, 3 kay.) Li pa te vle di ke yon moun rete ladan l. Yo te di "La Kay" oubyen "La Kaz", pou yo pale de kote yon moun rete, kote yon moun ap dòmi leve. Nan lang franse, lè yo di "Maison", otè a te tradwi li pa "Kaz" (Caze) oubyen "Kay" (Caye). Men lè yo di "Chez vous" pou kote yon moun  rete, otè a te tradwi li pa "La caze" ki vle di "La caye" oubyen "LaKay" :





"Maison, s.f. logis, bâtiment pour y demeurer, - j’ai fait faire deux maisons pour les Nègres, - il y à une maison principale, - va t’en à la maison, - je m’en vais chez moi, à la maison.
Caze ou Caye, - mo fai yo fair deux caze à nègre, - l’y en a nion grande caze, - alé là caze, - mo alé là caze à moué."
S.J. Ducoeurjoly. Op. cit. p.331

La caze à moué :






La caze à vou :




La caze à ly :


Konsa, "Caze à vou" oubyen "Kay à vou" te vle di yon Kay ke yon moun genyen. Li pa di si moun ap dòmi leve ladan l. Men, "La Caze à vou" oubyen "La Caye à vou" te vle di yon kote yon moun ap viv, mensi li pa blije pwopriyetè kay la. Kidonk, pou yo te di kote yon "Iman" t ap viv, yo ta p di: "La Caze à Iman" oubyen "La Kaye à Iman". Sa tap bay :

A) Bwa La Caze à Iman
Oubyen :
AN) Bwa La Kay a Iman

Nan Kreyol nan Nò k ap pale jodiya menm, gen kontraksyon, ki vle di lè moun an pran rakousi. Kreyòl rès peyi Ayiti pa pèmèt kontrasyon sa yo. Lè nou aplike yon kontrakyon, nou jwenn :

B) Bwa LaKa Iman

Nan okenn nan 3 fòm sa yo "Kay Iman" te parèt. Sèl posiblite ki rete, se non bèt yo rele "Kayiman an". E si yon moun ta mande si te gen "Kayiman" nan Nò Sen Domeng? Otè S.J. Ducoeurjoly te deja pale de sa nan menm liv la :


"L’Européen. Il n’y a donc point d’animaux qui soient dangereux?
L’Américain. Il n’a que le cayman, qui est une espèce de crocodile, dont il est facile de se garantir; les reptiles y sont peu communs, et ne sont pas dangereux."
S.J. Ducoeurjoly. Op. cit. p.74.

5- "Nan Iman" oubyen "Iman"

Moun ka p plede simaye manti "Bwa Kay Iman" an, ta dwe konnen ke "Bwa" + "Kay" pa itilize nan non zonn an Ayiti. 2 mo sa yo nan kontradiksyon yonn ak lòt. Se swa yo ta pale de "Bwa", swa yo ta pale de "Kay". E lè gen yon "Kay" ki chita nan mitan yon rakbwa "Bwa", jeneralman, yo chwazi pale de yonn ou de lòt. Men yo pa itilize tou 2 mo sa yo. 
Anplis, lè yo vle bay yon zonn non yon moun, yo pa di "Kay" (ki pa di nan kreyòl nan Nò a). Lè se yon komès yo itilize "Laka" pou "Lakay a". Ekzanp : "Laka Fènn", "Laka Popo", elatriye. Pou yon lekòl, se menm jan : "Laka Mè", "Laka Frè", "Laka Edit", elatriye. Gen de lè, pou non zonn, se non moun nan yo di tou kou. Pa ekzanp "Man Malèrb" ki se non yon zonn ki te gen yon sous dlo tou pre Odikap. Men, sa ki plis itilize nan non zonn (andoyò) se "Nan". Pa ekzanp "Nan Dekinn", se non yon zonn Laptitans ki pote nan yon fanmiy. Konsa, gen plis chans ke yo t ap di "Nan Iman", si yo ta vle pale de yon "Kay" ki kote yon "Iman" ta rete. Gen anpil chans tou ke yo ta jis rele zonn an "Iman" tou kou.


6- "Nan Mori"

Tout manti "Bwa Kay Iman" an soti, jan nou te montre li nan yon atik anvan, nan magouy entelektyèl franse Gérard Barthélémy ki, an 1990, pou l te kraze 200 zan Bwa Kayiman, te ekri yon atik kote li chèche fè kwè ke Bwa Kayiman te mizilman. (3) Li chita tèks li a sou 2 a 3 atik ki te soti nan 1965-1970. (4-5) Atik sa yo te pale de yon group moun nan Balan (Plèndinò) ki te pratike yon rit Mandeng. (Na va pale de sa pi plis yon lòt fwa, pou nou wè ke Ayisyen Mandeng sa yo pa t mizilman.) Sa ki enpòtan konnya la, se ke 2 a 3 premye atik ki te soti sou Ayisyen nan Balan ki te fè rit Mandeng sa yo, fè nou konnen ke group moun sa yo pa t rele chèf spirityèl yo "Iman" oubyen "Imam". Yo te rele chèf yo "Mori". (6)  E jouk jounen jodiya, nan Ginen, Mandeng bay chèf spirityèl yo tit "Mori". (7) Sa vle di ke si Boukman te yon mizilman Mandeng, kote li rete a ta va rele "Nan Mori". Men nou pa genyen "Nan Mori". Nou pa genyen "Bwa Kay Mori", ni "Bwa Kay a Mori". Kidonk "Bwa Kay Iman" pa chita sou ankenn verite istorik, ni verite lengistik, ni verite sou teren an.


7- "Nan Almami"

Radotay "Bwa Kay Iman" an chita sou mo "Iman" an ki ta dwe vle di "Imam", ki se non chèf spirityèl relijyon islam. Men, gen yon problèm nan sa tou. Pwiske nan Ginen, pa gen ankenn pèp ki rele lidè yo ni "Iman", ni "Imam". Se nan Mwayennoryan yo di "Imam". E moun yo te bwote nan zile Sen Domeng la te soti nan Ginen. Yo pa t soti nan Mwayennoyan. E non ke tout moun ki mizilman nan Ginen bay chèf spirityèl yo se "Almami". A pa de "Almami", Mandeng nan Ginen yo rele "Mori" chèf ki mele Tradisyon Zansèt yo ak kèk lapriyè mizilman. Menm jan Manbo ak Houngan an Ayiti mele Tradisyon Zansèt yo ak kèk lapriyè ak imaj katolik, san sa pa vle di ke yo se mè oubyen pè katolik. Se sa k fè gen yon pwovèb mandeng ki di :

"Alimami ye mori ye, nka mori bɛɛ tɛ alimami ye.(8)

Li vle di "Almami se yon Mori. Men tout Mori pa Almami". Sa vle di ke Almami a, se li ki mizilman tout bon vre. Menmsi w wè Mori a resite kèk lapriye mizilman, se sa sèlman nan relijyon mizilman an ke pi fò nan yo konnen. Paske, se sa sèlman yo bezwen pou yo mete nan majik y ap fè pou moun. Kidonk,  Si Boukman te yon bon jan chèf mizilman Mandeng, e pa jis yon "Mori" ki ta p mele kèk mo majik mizilman, yo ta va rele kote li rete a "Nan Almami". Men se pa sa nou genyen. Nou pa menm gen "Bwa Kay Almami" oubyen "Bwa Kay a Almami" oubyen "Bwa Lakay a Almami" oubyen ankò "Bwa Laka Almami". Menm "Bwa Laka Mami" ta va yon siy kredib ke te yon mizilman ki te rete la. Men nou pa jwenn anyen de sa. Paske tout se envansyon magouyè.

8- "Nan Alfa"

Menmsi Boukman pa t Mandeng, men li ta va yon mizilman ki te soti nan nanchon Foula, sa pa t ap mache. Paske, ansyen kolon Descourtilz ki te nan kontak ak manb nan nanchon Foula a, te di ke sa nan yo ki te mizilman yo, te rele chèf spirityèl yo "Alfa". (9) Yo pa t rele li "Iman". E jouk jounen jodi a, Alfa se tit yon chèf spirityèl ak politik mizilman nan peyi Ginen. (10) Sa vle di ke si Boukman te yon mizilman Foula, yo ta va rele Kay li "Nan Alfa", pa "Bwa Kay Iman" ki pa t ap fè ankenn sans pou yo.


9- "Nan Lemomou"

Annou pwolonje ka ipotetik de yon Boukman mizilman an pou sila yo nan nan gwoup etnik Yoruba a ki te vin konvèti nan islam ta, apati de 19yèm syèk kretyen an (apre endepandans Ayiti). Yoruba sa yo (ke yo rele Nago nan Tradisyon ayisyen an) ki vin konvèti nan islam nan rejyon Lagos nan peyi Nijerya, yo pa t rele lidè espirityèl yo "Imam" ni "Iman". Non yo rele l la te "Lemomu". (11) E lè nou swiv lojik ki genyen nan Kreyòl ayisyen pou bay kote moun rete non, nou pa jwenn "Bwa Kay Iman", men "Nan Lemomu" ou pito "Nan Lemomou" kòm non kote li ta rele.


10- "Nan Aloufa"

Vwalake, listwa te jwenn Yorouba (Nago) islamize nan Brezil, ki gen lidè espirityèl ke yo te bay tit Alufa (Aloufa). (12) Tit sila, ke yo rekonèt tou lakay Yorouba nan kontinan "Afriken" an, rezone anpil nan leksik pèp ayisyen an. Sa fè nou kwè yon minorite nan Yorouba (Nago) nan Sendomeng yo te pratike relijyon islam. Si nan Brezil, Yorouba (Nago) sa yo te rele tèt yo ìmàle, ki te vin tounen Malê ; nan Sendomeng, kote kolon an te konprann yo te fòme yon Nanchon pou kont yo, yo te jwenn non Malé, Malet, Malais, Mallais, Mallay, elatriye. Sitiyasyon sa a te rann bagay la konplike anpil. Epitou, yo te bay lidè yo non Alufa (Aloufa nan Kreyòl ayisyen). Na va fè plis rale sou enplikasyon lengwistik tit sila yon lòt lè. Men, nan kontèks n ap analize isit la, kay lidè group islamik sila pa t ap rele "Bwa Kay Iman", men "Nan Alufa" oswa "Nan Aloufa".


11- "Nan Mállami" oswa "Nan Mallamái"

Gwoup etnik Awousa a, ki islamize epi k ap viv sitou nan Nijerya, Nijè, Kotdivwa ak Benen, yo te jwenn yon dal nan yo nan Sendomeng. Nan koloni franse sila, yo te ekri non yo yon pakèt fason. Nan kote yo soti a, Awousa mizilman yo pa t deziyen lidè relijye yo "iman", ni "iman", men pito "Mállami", lè se yon sèl lidè, oswa "Mallamái", lè gen plizyè. (13) Se sa k fè, fòmilasyon "Bwa Kay Iman" an ke revizyonis yo pwopoze a, li pa aplike pou gwoup etnik Awousa a. Paske, leksik lang Awousa a ta mande yo di "Bwa Kay Mállami" an koneksyon ak rezidans yon grenn lidè relijye, epi "Bwa Kay Mallamái" si se te rezidans plizyè lidè. Non gwoup etnik Awousa an menm, li kache lòt koze ke nou pral devlope nan dènye atik nan seri a


12- Trou Kayiman

Nou pa t ka pa pale de "Trou Kayiman", ki se kote, 30 dawou 1791, apenn 1 semèn apre levekanpe jeneral la, ke "afranchi" (sa vle di nwa lib) nan Lwès yo te reyini nan yon kote yo rele "Trou Caïman" (Trou Kayiman), nan lwès Pòtoprens :
"Le 30 août 1791 : Les Affranchis [Noirs et Mulâtres libres] établissent leur quartier général à Trou Caïman dans la plaine du Cul-de-Sac : eux aussi ils entendent organiser la bataille et prendre en main la dircetion des affaires du pays.(14)
Tradiksyon :
"Le 30 dawou 1791 : Afranchi [Nwa ak Milat lib] yo tabli katye jeneral yo nan Trou Kayiman nan plèn Kildesak : yo tou gen entansyon òganize batay la epi pran chaj direksyon zafè peyi a."
Anvan menm moun lib sa yo te kase randevou nan Trou Kayiman, yo te fè chante yon Te Deum (lapriyè katolik) pou yo antan ke katolik :
"Après la victoire de Pernier, l’armée des hommes de couleur se rendit à la Croix-des-Bouquets où elle fit chanter un Te Deum pour remercier le Tout-Puissant de ses succès sur les hommes injustes qui, loin de vouloir reconnaître les droits que la classe de couleur tenait de l’Auteur de toutes choses, s’étaient proposé de l’anéantir. (…) Le premier sentiment qu’éprouvaient les vainqueurs de Néret et de Pernier, était celui de la reconnaissance envers le Dieu des armées, qui leur avait donné le courage et la force pour appuyer leurs droits. Ce sentiment honore leur mémoire.
Ensuite, cette armée poursuivit sa route et fut camper au Trou-Caïman." (15)
Tradiksyon :
"Apre viktwa nan Pènye a, lame milat yo te ale nan Kwadèboukè kote li te chante yon Tedeyòm pou remèsye Granmèt la pou siksè l kont nonm enjis yo ki, olye yo te rekonèt dwa klas milat la, ke Kreyatè tout bagay la te bay yo, te pito pwopoze pou detwi li. (...) Premye santiman ke venkè nan Nerèt ak Pènye yo te genyen, se te rekonesans pou Bondye tout lame yo, ki te ba yo kouraj ak fòs pou kore dwa yo. Santiman sila te fè onè memwa yo.
Apresa, lame a te kontinye wout li, epi li te fè kan li nan Trou-Kayiman."
Si lè rebèl lib nan Lwès yo te reyini nan Trou Kayiman, se pa t "Trou Kay Iman" (ki ta dwe vle di yon "Trou" ki te gen yon "Kay" nan milan l, kotte yon "Iman" t ap viv), pouki rezon se sèlman lè rebèl nan Nò yo reyini yon semèn anvan an, nan "Bwa Kayiman", ke se te "Bwa Kay Iman" : yon zafè mizilman?


13- Ri Kayiman

Nan tan koloni a, nan Pòdepè (Nòdwès), nan dat 14 avril 1770, ki se 21 avan Bwa Kayiman ak levekanpe jeneral la, nou menm jwenn non lari ki te rele "Caïman" (Kayiman) :

"Un emplacement sis au Port-de-Paix, de 120 pieds de face sur 150 de profondeur, coupé par la levée où abouti la rue du Caïman, en deçà du pont; ce qui forme deux Emplacemens, l’un au nord de la levée, de 120 pieds de face sur 50 de profondeur du côté de l’est & 60 de l’oeust, l’autre au sud de ladite levée, de 120 pieds de face sur 100 de profondeur du côté de l’est & 90 de l’ouest : on les vendra aussi ensemble ou séparément. Il faut s’adresser audit Sieur Tendron.(16)
Tradiksyon :
"Yon anplasman nan Pòdepè, ki gen 120 pye devan ak 150 pye an pwofondè, koupe pa elevasyon ki kote rue du Caïman [ri Kayiman an]  bout ; sa ki bay de anplasman, yonn nan nò de elevasyon an, 120 pye defas sou 50 an pwofondè nan lès ak 60 nan lwès, lòt la nan sid menm elevasyon an, li gen 120 pye defas sou 100 an pwofondè nan kote lès epi 90 nan lwès : n ap vann yo separeman oswa ansanm. Chèche jwenn mesye Tendron."
N ap mande si sa ta vle di ke blan franse te mizilman tout tan sa, san nou pa t konnen? Amwenske te gen yon "Iman" mandeng ki te gen yon "Kay" nan ri sila ; e ki te blije kolon yo bay lari a pote non kay li. Paske nou kwè pa t gen bèt yo rele Kayiman an ki ta p mache nan mitan lari Pòdepè.


14- Kayiman, chèf rebèl

Si "Kayiman" vle di "Kay Iman", kouman nou esplike ke, nan menm lane 1791 la, te gen yon chèf rebèl ki te rele "Kayiman"? :
"Dans l’Oeust, les ateliers de l’Arcahaie, le Cul-de-Sac, de Léogâne, se soulèvèrent et se vidèrent sur les Maheux, le Trou-Caïman, les montagnes du Grand-Fond, d’où les révolés guerroyèrent sans ensemble, sous les ordres des chefs : Hyacinthe, Halaou, Caïman, Lamour Dérance, Dieudonné Lafortune, Pompée, Romaine la Prophétesse, La plume." (17)
Tradiksyon :
"Nan Lwès la, atelye yo nan Lakayè, Kildesak, Leyogàn, te leve kanpe, epi yo te vide sou Maye, Trou-Kayiman, mòn Granfon yo, kote revòlte yo te batay san regroupe, anba lòd lidè sila yo : Yasent, Alawou, Kayiman, Lamou Derans, Dyedone Lafòtin, Ponpe, Romèn Lapwofetès, Laplim."
Eske sa vle di ke chèf rebèl yo rele Kayiman an te yon "Iman" ki tap goumen ak yon "Kay" sou tèt li? Oubyen èske "Kay" la te anba zesèl li, menm jan ak Alaou ke yo vle fè pase pou mizilman menmsi li te toujou gen yon poul blan majik anba bra li? Eske sa se yon nouvo pratik islamik ke ankenn moun pa t jan konnen? Nou pap bliye pale de Romaine La Prophétesse ki te yon gason abiye an fi, paske li te toujou monte pa Lavièj Mari. Si Kayiman oubyen Alaou te mizilman, kouman yo te fè asosye ak Romaine La Prophétesse ki yon gason ki abiye an fi?


15- Sèman osnon Lapriyè Boukman nan

Pou nou fini nèt ak aspè sa, fò nou di tou ke menm sa yo rele "Sèman" osnon "Lapriyè Boukman" an pa konfòm ak jan moun nan Nò Sen Domeng te pale. "Sèman" sa, se te yon pwezi ke Hérard-Dumesle, yon politisyen Okay (Sid), te ekri nan lane 1824. (18) Li te enspire de sa k te di nan Morne Rouge. Men otè a pa t konfime ke l te soti nan bouch Boukman, ke l te rekonèt te òganize rankont la. Menmsi Hérard-Dumesle te fè ankèt nan Nò a, epi li te yon moun ki te gen anpil memwa, (19) sa pa t ase pou te pèmèt li metrize kouman yo make posesyon nan Kreyòl nan Nò a.


Me pwezi Hérarad-Dumesle te ekri a nan Kreyòl rès peyi a te pale nan lane 1824 :




Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,
Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,
Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,
Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !
Bon dié blancs mandé crime, et part nous vlé bienfaits
mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;
Li va conduit bras nous, la ba nous assistance,
Jetté portrait dié blancs qui soif dlo dans gié nous,
Couté la liberté li palé cœurs nous toùs.

Me koreksyon pwezi a nan Kreyòl ki te pale nan Nò Sen Domeng nan lane 1791 :


Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,
Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,
Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,
Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !
Bon dié à blancs mandé crime, et quien à nous vlé bienfaits
mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;
Li va conduit bras à nous, la ba nous assistance,
Jetté portrait à dié à blancs qui soif dlo dans gié à nous,
Couté la liberté li palé ak cœurs à nous toùs.


Me kote agiman nou an demontre, nan yon tèks kolonyal ki soti nan Pwovensò Nò a ; pou pliz presisyon, li soti kote ki vin depatman Nòdès la jodiya, ki, ansanm ak depatman Nò ak Nòdwès la, te fè ansyen Pwovens Nò a. Men, kontrèman ak depatman Nòdwès, kote yo make posesyon menm jan ak Kreyòl nan Sant ak nan rès Ayiti, nan depatman Nòdès la, Kreyòl la menm jan ak Kreyòl nan depatman Nò a, akozke gen bon koneksyon rout 


 "Ils appelaient la sainte hostie bon Dieu à blanc." (20)
Tradiksyon :
"Yo rele losti sen an Bondye a blan."
Konsa, kaptiv nan Nòdès yo te rele pratik relijyon kolon yo "bon Dieu à blanc" (Bondye a blan). Yo pa te konn di "bon Dieu blanc", jan Hérard-Dumesle te propoze, ansanm ak revizyonis yo, ansanm ak lòt moun ki mare kon krab yo, ki jis konnen kreyòl rès peyi Dayiti a.

16- Savane à Polidor

Toujou nan Nòdès Sendomeng, nou jwen yon kote ki rele Savane à Polidor, kidonk, Savann a Polidò :

"Ce camp, situé à environ 3 lieues 1/2 de la mer, à 7 lieues du Cap et à 6 du Fort-Dauphin, au devant de l'habitation Narp et dans la partie de la savane appelée Savane à Polidor, était composé d'un front de 11 cases ayant chacune 60 pieds de long..." (21)
Tradiksyon :
"Kan sa a, li sitiye nan anviron 3 1/2 lye de lanmè a, 7 lye de Okap epi 6 de Fòdofen, li devan bitasyon Narp la, epi li nan pati savann ke yo rele Savane à Polidor a, devan l te bati ak 11 ti kay de 60 pye nan longè…"
Savane à Polidor sa, li pa refere a kote Polidor, chèf nèg mawon an te rete. Men pito, li se savann kote yo te touye Polidor nan mwa jen 1734. (22) Nan ka sila, makè posesyon "à" a, ki konsève nan Kreyòl nan Nò ak Nòdès, senbolikman, li bay chèf rebèl "Polidor" "Savannn" an, pou make lanmò li nan plas sa. Men jan de posesyon senbolik sila pa aplike pou Boukman an relasyon ak Bwa Kayiman oswa ak Mònrouj, pwiske Boukman te mouri nan Lakildinò. 

Kidonk, tout jan nou gade koze sa, "Bwa Kay Iman" pa t posib sou, nan Kreyòl nan Nò a, ni nan pratik istorik ak zak ki dire jouk jounen jodiya. Podjab pou moun rès peyi a ki te rele tèt yo istoryen pou yo enpwovize sou "Bwa Kay Iman". Yo te panse ke yo te nan verite, san yo pa t rann yo kont de inyorans, pou m pa di arogans, yo


17- Nan Lenòman, Lenòman oswa Nòman

Nan tout non ke yo pwopoze yo pou deziyen kote konplotè yo te reyini nan mwa dawou 1791 la, non ke bitasyon nan Mònrouj sila te abitye genyen an, rete non ki pi dokimante epi ki pi kredib. Paske, toutbonvre, Boukman, nan jounen 14 dawou 1791 la, te rankontre sou bitasyon Lenormand de Mézy a (Lenòman de Mezi). (23) E kote sila pa t pote non Boukman. Paske, premyèman, Boukman te rete Lakildinò, li pa t rete Mònrouj. Epi dezyèmman, paske bitasyon an pa t pwopriyete Boukman, ni pa okenn nan konplotè yo. Olye de sa, se te pwopriyete kolon franse Sébastien Lenormand de Mézy bitasyon an te ye. (24)
E nan lavèy Batay Vètyè a, ki se dènye atak Revolisyon Ayisyen an, Kòmandan an chèf la, Janjak Desalin, te konsolide istwa revolisyonè bitasyon Lenòman de Mezi a. Li te fè katye jeneral li ladan. Epi, la tou, li te òganize reyinyon-lapriyè final lame revolisyonè a, nan dat 15 novanm 1803. (25) Kidonk, akwabon envante yon non pou yon kote ki te gen non deja? Li te rele, epi li kontinye rele, Bitasyon Lenòman de Mezi, Lenòman, oswa Nòman tou senpleman, jan rezidan zonn an abitye di.
Bwa Kayiman, se yon non entelektyèl ak moun lòt kote enpoze. Paske rezidan yo admèt ke an reyalite, se sèlman Lenòman de Mezi yo rekonèt kòm non pou tout zonn nan. Men, malerezman, menm sila yo ki di yo ankouraje istwa oral la, se yo menm ki refize koute vwa moun lokal yo, ni tanbou danti yo, ki sepandan pa janm sispann blayi ak fyète nan tout potorik zonn istorik sila.

Foto sila montre pwen nou an. Li soti nan fim jenn entèlektyèl Ayisyen ki t ap vizite Mònrouj, nan bitasyon Lenormand de Mézy a, nan lane 2019.

(Houngan Zaza k ap fè fas a entèlektyèl revizyonis nan "Bwa Kayiman")
Sous : Romanie St-Armand. "Bwa Kay Iman". URL : https://www.youtube.com/watch?v=wIyHWli3N18 ; Kapti : 03:05:20

1) Jenn gason an wouj ki kanpe a : se yon entelektyèl revizyonis nan vizit nan Mònrouj. Li bay agiman ke non zonn an se "Bwa Kay Iman", se pa Bwa Kayiman ; e ke seremoni revolisyonè ki te fèt la, se te mizilman li te ye. Pou l sipòte deklarasyon l nan, li te refere a yon otè pa koni ki ta pibliye sa. Li sètènman pa t bay ankenn prèv ki gen nen. Paske pa genyen. Pwiske, depi 1965 ke Gerson Alexis te lage tèks revizyonis li a, e ke tèks li a te vin sèvi pyon pou blan franse Barthélémy ak Najman, malgre sa, pa gen ankenn prèv san fay ki te pwopoze.
2) Granmoun ki chita a, e ki abiye an wouj la : se Frantz Jean Raymond, ke yo rele Houngan Zaza. Li se yon natif natal zonn an, ke li responsab tou depi plizyè deseni. Li te reziste kont "kwazad" pwotestan yo, e li te menm pran prizon nan mwa dawou 2012 paske li te selebre seremoni revolisyonè a nan manyè tradisyonèl. Isit la, li te reponn jèn an ke se prèv sèlman li swiv. E ke prèv yo montre ke tout zonn an te rele Bitasyon Lenormand de Mézy. Paske "Bwa Kayiman" (ke yo vin defòme an "Bwa Kay Iman") se yon non ke entelektyèl te pote vini.
3) Nan fon an, yon siy ekri : "Wayom Vodou". E sa ki pa parèt nan foto a, se son tanbou yon seremoni tradisyonèl ki t ap bat, e ki souvan te kouvri dyalòg la. Men, entelektyèl Ayisyen sila pa konn fè obsèvasyon dirèk ki te ka pèmèt li konsidere endis solid sa yo ki montre ke se koutim tradisyonalis - e pa islamik - ki make listwa plas l ap vizite a.
4) Pale Houngan Zaza te pale de prèv la, sa raple, an 1991, repons Màdan Durand (Duran), ki se Manbo responsab lakou Nan Kanpèch la. Lè revizyonis Charles Najman t ap pouse l jistifye yon lyen ant seremoni Bwa Kayiman ak Nan Kanpèch, li te di pa gen prèv de sa. Epi li te mete atansyon l, pou montre diferans la, sou tonb Dédé Magritte (Dede Magrit) ki toujou la, kòm prèv de prezans istorik Dede Magrit nan espas la :
"J'interroge néanmoins Madame Durand sur les liens secrets qui semblent unir le sanctuaire à la cérémonie du Bois Caïman : « Les vieux nous disent que Boukman avait fait une "demande” ici à Nan Campèche. Boukman serait allé ensuite célébrer le service au Bois Caïman. Je ne sais pas si c'est vrai... Nous n'avons aucune preuve écrite, sinon tout le monde le saurait. Tandis qu'ici, c'est la tombe de D. D. Magritte. Pour moi, c'est une preuve. Mais en ce qui concerne Boukman, je ne peux que répéter ce que les vieux m'ont raconté. » Devant mon insistance, la prêtresse du sanctuaire ajoute : « Nan Campèche, c'est un lieu très pur. Même les gens qui viennent ici doivent être purs. Sinon on les met dehors. Parce que le rite que nous suivons est ainsi. Nous le suivons fidèlement et cela jusqu'à la fin des temps... » ". (26)
Tradiksyon :
"Men, mwen kesyonnen Màdan Durand sou lyen sekrè ki sanble ini lakou a ak seremoni Bwa Kayiman an : "Granmoun ansyen yo di nou ke Boukman te fè yon "demann" isit la, nan Nan Kanpèch. Answit, Boukman ta ale selebre sèvis Bwa Kayiman an. Mwen pa konnen si se vre... Nou pa gen ankenn prèv ekri, otreman tout moun ta va konn sa. Pandan ke isit la, me kavo D. D. Magritte. Pou mwen, sa se yon prèv. Men, sou zafè Boukman an, mwen ka sèlman repete sa granmoun ansyen yo te di m." Devan ensistans mwen, prètès lakou a te ajoute : "Nan Kanpèch, se yon kote ki pir anpil. Menm moun ki vini isit yo dwe pir tou. Sinon nou mete yo deyò. Paske rit la ke n ap swiv la, se konsa li ye. Nou swiv li fidèlman e sa, jouk tan gen tan..."
Konmsi, mwens Ayisyen yo edike, plis yo mande prèv. Epi, sa k dwòl la, plis yo edike, se plis yo kwè nan teyori absid ki pa kore pa pyès prèv. Paske, depi nan ti klas lekòl, se boure yo boure yo ak diskou kwè san wè, ak resitasyon, epi ak mache kwè nan moun. Tout sa se bagay ki touye lespri kritik ak syantifik.


Referans
(1) S.J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue. Tome 2. Paris, 1802. pp.283-393.
(2) Rodney Salnave. Kreyòl Ayisyen Nan Nò ak Nodès. Poko pibliye.
(3) Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman: Incertitudes et hypothèses nouvelles" in: Chemins Critiques, Vol. 2. No3, Mai, 1992. pp.33-58.
(4) R.P. Carl Édouard Peters. « Société mandingue », in : Revue de la Faculté d'ethnologie. No. 10. Port-au-Prince, 1965. pp.47-50.
(5) Gerson Alexis. « Aperçu sur les Mandingues haïtiens », in : « Lecture en anthropologie haïtienne », Port-au-Prince, 1970. pp.173-185.
(6) Ibid.
(7) Diksyonè Banmbara (Mandinka) anliy. URL : http://www.bambara.org/lexique/lexicon/main.htm
(8) Ibid.
(9) M. E. Descourtilz. Voyages d’un naturaliste et ses observations, Tome 1, Paris, 1809, p.lv- lvj
(10) http://pular.webonary.org/

(11) Stefan Reichmuth. "Education and the Growth of Religious Associations among Yoruba Muslims: The Ansar-Ud-Deen Society of Nigeria." in  : Journal of Religion in Africa, Vol. 26, Fasc. 4 (Nov., 1996), pp. 365-405.
(12) João José Reis, Flávio dos Santos Gomes, Marcus J. M. de Carvalho. The Story of Rufino Slavery, Freedom, and Islam in the Black Atlantic. (Translated by H. Sabrina Gledhill). New York, 2020. p.5.
(13) James Frederick Schön. Dictionary of the Hausa Language. London, 1876. p.154.
(14) Gérard Desnoyers Montès. La lutte des Affranchis, Montréal, 2000. p.197.
(15) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti…Volume 1. Paris, 1853. p. 207.
(16) Les Affiches Américaines du samedi 14 avril 1770, parution n.15, (Avis N.15).
(17) Étienne D. Charlier. Aperçu sur la formation historique de la Nation haïtienne. Port-au-Prince, 1954. p.54.
(18) Hérard-Dumesle. Voyage dans le Nord d'Hayti ou révélations des lieux et des monumens historiques. Cayes, 1824. p.88.
(19) Saint-Rémy. Mémoires du général Toussaint-Louverture. Paris, 1853. p.101.

(20) Barrières de Vaublanc. Mémoires de M. le comte de Vaublanc. Paris, 1857. p.110.
(21) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique, physique, civile, politique..., Tome 1. Philadelphie, 1797. p.172.
(22) Ibid. p.175.
(23) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti... Volume 1. Op. Cit. p.229.
(24) P. Boissonnade. "Saint Domingue à la veille de la révolution. Et la question de la représentation coloniale aux états généraux (Janvier 1788-7juillet 1789)" In : Société des antiquaires de l'Ouest. Bulletins et mémoires de la Société des antiquaires de l'Ouest. Tome 24. 1905. Paris, 1905. pp.283-579. (p.333)
(25) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti... Volume 5. Paris, 1854. p.454.
(26)  Charlie Najman. Haïti, Dieu seul me voît. Paris, 1995. p.185. 



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Kay + Iman" nan kreyòl nan Nò". 10 septanm 2016. Mizajou nan 17 dawou 2020.
[anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/09/kay-iman-nan-kreyol-nan-no.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020