Boukman pa t konn li




Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 11 novanm 2016
(Mizajou : 3 okt. 2020)

Nan lane 2004, lemond antye te bòykote komemorasyon 200tyèm anivèsè endepandans Dayiti a, sou presyon Loksidan kretyen, ki te toujou fache deske moun nwa l t ap toupizou, te leve kanpe ; epi yo te kale l. Apa de Prezidan Sid Afriken Thabo Mbeki, bon jan eritye Nelson Mandela, pa t gen ankenn lòt chèf leta ki te vin montre sipò li pou pèp Ayisyen an. Nan bon jan ipokrit, planèt la an antye te pran pretèks yo pa t sipòte Jean-Bertrand Aristide, prezidan Ayisyen nan moman an, pou yo te ka senpman voye ti delege ras nan selebrasyon diyite inivèsèl la. Se konsa - jan yo di - yo te chwazi jete ti bebe a ak tout dlo yo te benyen l la.

Epi se pa etonan, ke menm ane bisantnè sa, LONI (Òganizasyon Nasyonzini) te bay Aristide yon koudeta, sa ki te pèmèt sòlda franse yo vin mache anbachal sou bèl tè papa Desalin la.
Men, pou Ayisyen ki konn istwa peyi li, kou sa te plis yon pwofesi olye ke l te yon sipriz. Paske Wa Henry, ke yo rele Christophe, te gen tan avèti li
: 

"Lorsqu’ils [les Français] verraient que notre population corrompue aurait perdu sa force morale, et qu'elle serait dans l'impuissance de pouvoir leur résister, alors ils nous déclareraient la guerre ; et encore ils nous feraient une guerre perfide, en se servant de nos propres moyens pour pouvoir nous combattre et nous détruire!..." (1)
Tradiksyon :
"Lè yo [Franse yo] va wè ke pèp nou an fin kòronpi, epi li pèdi fòs moral li, e ke li pa gen fòs ankò pou koresponn ak yo, lè sa a yo pral deklare lagè kont nou ; e menm la, yo pral fè nou yon lagè nan trèt, y ap sèvi ak pwòp fòs nou, pou yo kapab goumen ak detwi nou!..."
Me konnya la, tout lemond nwa a pran reklame revolisyon ayisyen an kòm rezilta travay yo. Yon revolisyon ke pèp Ayisyen an peye si chè pou li, e ke mond nwa a te bòykote nan fè kapon devan loksidan kretyen. Lemond nwa sa a ki lach, visye, epi parazit. Yo menm ki, lè san ewo Ayisyen yo t ap koule : swa nan "Lafrik", t ap vann moun parèy yo bay loksidan ak Arab mizilman (2) ; swa te rete chita sou zo dèyè yo nan koloni yo, paske yo te twò kretyen pou yo t al goumen jouk pa rete yon sèl ankò. (3)
Kidonk, moun sa yo k ap mande bout glwa pa yo jodiya, san san yo pa t koule, èske yo konnen ke nan 12 lane
gè endepandans Ayisyen an - ki te kòmanse nan 22 dawout 1791, rive nan 18 novanm 1803 - 150,000 nan 450,000 moun nwa nan koloni Sen Domeng (Ayiti) la te mouri? Èske yo konprann ke mati sa yo te reprezante yon tyè nan popilasyon moun nwa a ; ki se ekivalan de 3.3 milyon mò nan 10 milyon moun ke peyi Dayiti gen kounye la ? Men, kisa sakrifis de dizèn de milye de revolisyonè Ayisyen vo pou dappiyantè istorik? Yo sèlman bezwen konekte yonn nan revolisyonè Ayisyen yo (Boukman, pa egzanp) ak yon peyi etranje yo chwazi, pou revolisyonè sa vin, britsoukou, gen pi plis merit pase tout mati ak ewo anndan revolisyon an.


Se nan pèspektiv sa, nan pran pòz ap fratèrnize, ke Nijeryen (moun ki soti Nijerya) te deklare ke lidè Boukman an te soti lakay yo, e ke li te yon Yoruba (Nago). Anplis, yo di ke aksyon "Afriken" yo nan revolisyon Ayisyen an te pi plis pase merit chèf kreyōl yo (4). Pou Kongolè yo menm, revolisyon sa a te travay Makandal, ki ta dwe soti nan nanchon Kongo (5)); malgre lefèt ke Makandal te egzekite 33 zan anvan levekanpe ki te bay revolisyon an. Dapre Beninwa yo, tout jwèt la te nan men Toussaint Louverture. Antanke malfini istorik, Beninwa sa yo menm konsidere chanje lis non fanmi wayal Abomey a, pou kole granpapa Toussaint Louverture, Gaou Guinou (Gaou Deguenon) ladan l (6). Men, yo konnen ke nan Wayom Abomey a, ki se ansyen Dawomen, "Gaou" te sèlman grad Minis lagè (7). Li pa t non yon Wa nanchon Arada, jan anpil liv istwa ap plede di l (8). E kanta mizilman ki soti nan "Afrik" de Lwès yo, yo pretann ke revolisyon Ayisyen an te travay kaptif (esklav) mizilman yo, ki te gen Makandal ak Boukman pami yo. (9) Finalman, menm Jamayiken, pitit pitit kaptif ki pa t gen kouraj pou yo te viv lib osnon mouri, jan Zansèt Ayisyen yo te fè l la, vin mande pa yo nan piyay ke revolisyon Ayisyen an reprezante, lè yo vire non Boukman an "Book-Man" osnon "Nonm ki gen Liv la". (10) Men, liberatè Ayiti a, Anperè Jak Premye, yo rele Desalin, nan vizyon li, te avèti pitit li tou ak lavidal mo sa yo :
"Nous avons osé être libres, osons l'être par nous-mêmes et pour nous-mêmes... Quel peuple a combattu pour nous? Quel peuple voudrait recueillir les fruits de nos travaux? Et quelle déshonorante absurdité que de vaincre pour être esclaves. Esclaves!... 
Imitons ces peuples qui, portant leurs sollicitudes jusque sur l'avenir, et appréhendant de laisser à la postérité l'exemple de la lâcheté, ont préféré être exterminés que rayés du nombre des peuples libres." (11)
Tradiksyon :
"Nou te oze vin lib, annou oze lib pa nou menm ak pou tèt nou... Ki pèp ki te batay pou nou? Ki pèp ki ta vin rekòlte fwi travay nou? Epi ala de ront ak dezonè pou nou ta genyen yon viktwa pou nou ta vin tounen esklav. Esklav!...
Ann imite pèp sa yo ki, lè yo gade nan lavni, epi yon pa ta renmen kite pou pitit pitit yo kraponnay pou eritaj, pito yo masakre yo olye yo pèmèt yo wete yo nan lis pèp ki lib.
"
N ap obeyi Jak Premye, Anperè ak liberatè nou, lè n ap demanti, nan atik sila, boulòk ki di ke Boukman te yon "Nonn ki te gen yon Liv" oswa yon Anglo-Islamik ki te konn li. Nou pral demontre ak prèv syantifik ke Boukman pa t konn li. Paske nou kwè ke, kòm li te gen yon kouraj ke yo raman jwenn kay moun nwa, li ta vle ke verite sou li soti san patipri nan yon direksyon oubyen nan yon lòt. Sa, se pi piti bagay ke nou te ka fè pou ewo nou sa, ki te pèdi lavi li pou l te rache pèp li anba sovajri inivèsèl.

1- Kote lòbèy Boukman te konn li a soti?

Kontrèman ak Toussaint Louverture ke anpil dokiman kolonyal te montre ke li te konn li ak ekri, pa gen okenn dokiman kolonyal ki te menm ta vle di ke Boukman te konn li. Lè pa gen prèv istorik pou pwouve yon ipotèz, li rezonab pou yo evite deklare ke ipotèz sa a se vre - byenke li ta ka sanble posib pou kèk moun. Sa ta dwe pozisyon ke tout moun rezonab adopte, lè l ap fè yon analiz istorik. Malerezman, deba sou ekriti Boukman an pa baze sou larezon ; men pito sou dappiyan. Dappiyan ki soti nan :
  • a) mond nwa a, (jan nou te fèk wè l la) ;
  • an) dappiyan nan men entèlektyèl franse ki te vle fè lide sa donnen nan lespri Ayisyen, nan lane 1990-92, pou yo te kraze 200 lane seremoni Bwa Kayiman an ;
  • b) dappiyan ke entèlektyèl Ayisyen tchoul tankou Jean Fouchard nan 1953, ak Gerson Alexis nan 1967-1970, te kòmanse, lè yo te blayi tèks achte figi, ak objektif ke yo te mete nan tèt yo - e ke yo pa t menm rann yo kont - ki se souflete pwòp pèp yo.

Gerson Alexis, yon djòlè angran
Nan 1967, jan nou te wè l nan yon lòt atik, entelektyèl Ayisyen Gerson Alexis, te ale nan Balan, nan Nò Dayiti, pou l te ka pwouve koutkekout ke yon group moun nan Balan te mizilman. De atik te soti nan vwayaj sila. Malonèt ke l ye, Alexis te simaye yon dal kalite koze jan l pi pito, san ankenn prèv. Nan pakèt koze sa yo, te gen manti ki di ke Boukman ak Macandal te Mizilman ak Mandeng :
"There is such legends concerning haitian independance war heroes as Mackandal and Boukman (1792) who were themselves moslem mandigoes" (12)
Tradiksyon :
"Gen lejann sou ewo endepandans Ayiti yo, tankou Mackandal ak Boukman (1792) ki te mizilman mandeng"
Premye pwoblèm Gerson Alexis te rankontre, se ke moun Balan yo t ap kenbe yon rit Ayisyen-Mandeng ki chita sou Tradisyon Zansèt. Epi, menm jan ak tout Tradisyonalis Ayisyen, yo te rekonèt "Grand Mèt" la pou Bondye kreyatè yo. Sa te lekontrè de sa Alexis te sipoze, paske premye prensip (pilye) Islam mande pou yon mizilman rekonèt Allah kòm Bondye kreyatè li, san ke pa gen okenn lòt Bondye. Sa te kontrarye Alexis ki voye reyalite Ayisyen ki gen san Mandeng sa yo jete. Ak anpil arogans, entelektyèl Ayisyen an pito pretann ke li konnen relijyon ke peyizan pòv sa yo t ap pratike, pi plis pase yo :
"Le Mandingue croit dans l'existence d'un Être Surprême. Certains le confondent avec le "Grand Maître" adoré par les vodouisants... (...) À la vérité il s'agit d'un culte islamique ou profondément dérivé de l'islam. Les mandingues ne connaissent pas les noms de leur dieu pour la simple raison que le rituel du culte est conduit dans un langage dont ils ne comprennent rien eux-mêmes." (13)
Tradiksyon :
"'Mandeng la kwè nan ekzistans yon Kreyatè. Gen nan yo ki konfonn li ak "Gran Mèt" ke vodouyizan yo sèvi... (...) An verite, y ap fè yon rit islamik osnon yonn ki soti fon nan islam. Mandeng yo pa konnen non bondje yo, paske rit yap fè a, li fèt nan yon lang ke yo pa konprann."
Eritaj relijye sosyete tradisyonèl nan Balan sa, pa ka redwi a yon senp kesyon de non Allah ke yo ta konfonn, osnon yo ta ranplase pa "Gran Mèt". Paske, nan menm tèks li a, Alexis pa t jennen avwe ke lapriyè sosyete nan Balan an te pase konsa :
"Le Mori [non Imam ou Iman], un cierge de cire grossier en main [pratique non musulmane] fait un long sermen sur la valeur de la foi mandingue qui doit être conservée toujours vivace dans l'intérêt des familles mandingues [pas dans l'intérêt de "Allah"] . Il commence son ordonnance par une récitation du "Notre Père" [pratique catholique] et du "Je vous Salue Marie"  [pratique catholique] à laquelle l'assistance répond en chorus. Le Mori se signe [pratique catholique]..." (14)
Tradiksyon :
"Mori a [pa Imam, ni Iman], yon balèn nan men li [yon pratik ki pa mizilman] fè yon sèman ki long, sou ratachman yo ak eritaj mandeng ke yo dwe kenbe djanm pou tout fanmiy mandeng yo [pa pou "Allah"]. Li tanmen ak resitasyon de "Onon di Pè" [pratik katolik] ak "Je vous Salue Marie" [pratik katolik] ke foul la te reponn an menm tan.
Mori a te fè siny lakwa [pratik katolik]..."
Anplis, anvan G. Alexis, Carl E. Peters, yon pè katolik, te dekri rit ke menm sosyete Balan sa t ap pratike. E rapò pè sa, limenm ki te patisipe nan kanpay jenosidè yo rele "anti-sipèstisyez" oswa "rejte", te gen mwens manti oubyen ekzajerasyon ki tèks Alexis, entelektyèl Ayisyen an. Tèks Peters la te devwale ke nan lapriyè peyizan Balan yo, te gen non sa yo :
  • La Vierge de miracle (Lavyèj de mirak, Sen katolik)
  • La Vierge imprudente  (Lavyèj enpridant, Sen katolik)
  • Mari Ginin (Mari Ginen, melanj katolik ak Tradisyon Zansèt)
  • La Rène Baltaza (Larenn Baltaza, melanj katolik ak Tradisyon Zansèt)
  • Pierre Dambara (Pyè Danmbara, Jany osnon Lwa)
  • Pierra Cala Oussou (Pyè Kala Ousou, Jany osnon Lwa)
  • Le Roi de Miminuit (Wa Mimwi, Jany osnon Lwa)
  • Le Roi de Carrefou (Wa Kafou, Jany osnon Lwa)
  • Le Bonzange Gadient  (Bonnanj Gadyen, melanj katolik ak Tradisyon Zansèt)
  • Adiassou Cala ou  (Adyasou Kalawou, Jany osnon Lwa)
  • Adiassou Roche Adiasso (Adyasou Ròch Adyasou, Jany osnon Lwa)
  • Baltaza Bizango (Jany osnon Lwa ak sosyete sekrè) (15)
Li klè, devan tout kalte melanj katolik ak relijyon Zansèt ki genyen nan lapriyè sa yo, yon moun tèt li dwat t ap voye ipotèz ke moun Balan yo te Mizilman an jete, san grate tèt. Men, nan yon kontèks dappiyan istorik-relijye ak sivilizasyon, pa gen afè de lojik, se profite make pwen ki konte. Nou pral pale yon lòt lè sou ipotèz Mandeng la. Men, ki sa ki enpòtan konnya la, se ke tèks bileng Gerson Alexis yo te prezante an 1970, san okenn prèv, yon swadizan orijin islamik-Mandeng pou Boukman ; men, pa te gen anyen ki te di ke Boukman te konn li.

Gérard Barthélémy lage 2 gidon nan ekzajere
1991, ki te 200 zan seremoni Bwa Kayiman an t ap pwoche, tèks revizyonis franse yo te parèt. Premye tèks revizyonis yo, te travay François Hoffmann ak Gérard Barthélémy, epi finalman Charlie Najman. Si Hoffmann te deklare nan 1990 ke Bwa Kayiman te yon manti, - men, an 1992 David Geggus te demanti li - tèks Gérard Barthélémy a te remete ipotèz ke Boukman te Mizilman an, sou moun. Pou sa, li te sèvi ak tèks ke Gerson Alexis te ekri 20 tan anvan sa. Men, Barthélémy ki te fouye plis pase Gerson Alexis, te pouse pi fò, lè li te fè konnen ke Bwa Kayiman te Islamik, epi Boukman te konn li :
"Un autre indice en effet, tient au nom lui-même de Boukman, qui vient de Book-Man, nom utilisé encore aujourd'hui en Afrique Anglophone, notamment au Libéria, pour désigner "l'homme du livre" "Le Marabout - Le Sage, celui qui connait les écritures.
Boukman qui s'appelait en réalité Boukman Dutty, selon Céligny Ardouin, venait de la Jamaïque, colonie anglaise, où ce nom accolé à celui de son propriétaire en lui avait sans aucun doute pas été attribué par hasard." (16)
Tradiksyon :
"Yon lòt siy chita nan non Boukman, ki soti nan Book-Man, Non sa itilize jouk jounen jodiya nan "Lafrik" anglofòn, patikilyèman nan Liberya, pou yo rele "Nonm ki gen liv la" "Marabou a - Saj la, moun ki konnen ekriti yo.

Boukman ke
aktyèlman, yo te rele Boukman Dutty, dapre Céligny Ardouin, te soti nan Jamayik, koloni britanik, kote non sa te makonnen ak non pa mèt li, ki definitivman pa t rele l konsa pa chans."
Se si ke Gérard Barthélémy te itilize sa yo rele yon "agiman sikilè", kidonk yon sòt de "sofism". Se yon  fason yon moun kole yon bagay ki verite sou yon manti, pou li fè manti a parèt verite tou :
  • a) piske yo rele "Book Man", yon "Marabout" mizilman nan Liberya (kote yo pale angle),
  • an) e ke yon revolisyonè Ayisyen (Domengwa) te rele Boukman,
  • b) se vle di otomatikman ke Boukman Ayisyen an te jwenn non li nan menm kondisyon ak moun Liberya yo.
Dapre atik Liberyen Wonderr Freeman, ki gen tit "
On Behalf Of The "Book People"", nan peyi Liberya, yo di "Book Man" oubyen "Book People" (o pliryèl) pou yo pale de yon "Moun ki li nan Liv", ki "fè gwo klas". Li menm bagay ak "Degree Holders", kidonk, yon moun ki “Gen Diplòm” osnon tout moun ki fè gwo klas, san anyen arevwa ak relijyon :
“How true is the claim that the book people failed Liberia? Firstly, to understand this theory one must try to understand what is actually meant by the phrase "degree holders failed Liberia." Do the advocates of this misguided theory actually mean that those who have chosen the honorable path of going through formal institutions of learning as secondary schools, technical schools, colleges and universities are good for nothing? Do they mean that graduates of these educational institutions are miseducated; hence, the graduates are failures? Do they mean that these graduates fail to put into practice what they’ve been thought at these institutions? If the degree holders are failing in Liberia, what are they doing in other countries? Are the "book people" in other countries failing? Is there any country in the world where socio-economic development was achieved without degree holders? Is there any country in the world where the practice of the professions was turned over to the people who did not go to school; that is, the people who don’t know "book"?”
(…)
Was President Tubman a degree holder and was he a failure? President Tubman was not a degree holder: He is widely believed to have completed 8th grade education only. Not surprisingly, he was a miserable failure. He was nothing more than one of those trial-and-error politicians that I spoke of earlier. Such trial-and-error professionals, I maintained, are the people who have failed Liberia. Tubman, an eight grade graduate, cannot be considered a bookman when his immediate predecessor was a university professor and other contemporaries - pro-independence leaders and African nationalists- as Hasting Kamuzu Banda of Malawi, Kwame Nkrumah of Ghana, Kenneth Kaunda of Rhodesia, Nnamdi Azikwe of Nigeria, were fully equipped with PhD’s to run their respective countries or independence movement." (17)
Tradiksyon :
"Èske l vre, paròl ki di ke moun ki li nan liv yo te kraze Liberya? Pwemyèman, pou nou konprann teyori sa, fò nou eseye konprann kisa fraz "Moun ki diplome yo te kraze Liberya" la vle di. Èske moun k ap defann teyori malatchong sa, vle di ke moun ki te chwazi chemen onorab ki se pase nan gwo enstitisyon fòmèl tankou lekòl segondè, lekòl teknik yo, kolèj ak inivèsite yo, se bon pou anyen? Èske yo vle di ke elèv ki diplome nan enstitisyon edikasyon sa yo mal edike; konsa, diplòm se rans? Èske yo di ke diplome sa yo pa rive mete anpratik sa yo te aprann nan enstitisyon sa yo? Si moun ki gen diplòm yo pa rive lwen nan Liberya, kisa y ap fè nan lòt peyi? Èske "Moun Liv" nan lòt peyi yo pa rive lwen? Èske gen peyi nan lemond kote devlopman sosyo-ekonomik te reyalize san pyès ki gen diplòm? Èske gen yon peyi nan lemond kote yo lage gwo metye nan men moun ki pa t ale lekòl; kidonk, moun ki pa konnen "liv"?"
(...)
Èske Prezidan Tubman te gen diplòm, epi èske l te rate? Prezidan Tubman pa t gen diplòm : yo kwè ke l te fè 8yèm ane skolè sèlman. Se pa etonan, ke l te fè lèd, jan l te rate sa. Li pa t anyen pi plis pase yonn nan politisyen, ke m te pale de yo, ki annik eseye, epi gade sa l bay. Mèt nan eseye epi gade sa l bay sa yo, m ap di, se yo menm ki lakòz Liberya pa mache.
Tubman, ki te annik fè yon 8yèm ane, yo pa t ka konsidere l kòm yon Bookman lè moun ki te vini anvan l la te yon pwofesè inivèsite, epi lòt moun nan tan l lan - lidè pro-endepandans ak natyonalis-afriken tankou Hasting Kamuzu Banda nan peyi Malawi, Kwame Nkrumah nan Gana, Kenneth Kaunda nan Rodezi, Nnamdi Azikwe nan Nijerya, yo tout te gen doktora pou yo te jere peyi yo, osnon mouvman endepandans yo."
Kidonk, nan Liberya, "Boukman" oswa "Book Man" vle di nenpòt moun ki gen yon diplòm inivèsite, ke li se yon kontab, yon avoka, yon doktè, yon enjenyè, oubyen yon apantè. Metye sa yo pa gen ankenn rapò ak islam. Se poutèt sa, atik pa nou sa, demanti lyen otomatik la ke Gérard Barthélémy te eseye tabli ant islam ak non Boukman.

Sa yon temwen te di sou Boukman ak ekriti
Pou montre konpetans Boukman nan ekri, Barthélémy te itilize yon liv Jacques Thibaud te ekri nan lane 1989. Nan liv franse sa, te gen temwayaj yon kolon ki te rete sou menm bitatsyon kote Boukman te travay kòm chofè. Kidonk, nan Bitatsyon Clément ki chita nan Lakildinò (pa nan Mònrouj kote Boukman pa t janm rete). Nan lannwit levekanpe a te kòmanse, Boukman te sove lavi kolon sa ki, nan temwayaj li bay, te pale de entelijans Boukman :
"Le commandant de cette horde sanguinaire nommé Boukman, pour qui j'avais toujours eu beaucoup de bontés, arriva dans ces entrefaits et m'apercevant dans ma chambre dont la porte était à moitié brisée, tout ensanglanté et tout déséspéré, eut compassion de moi; il s'adressa à ses gens et leur dit avec empressement "Ne le tuez pas, c'est un bon blanc et plus savant que tous les autres qui sont ici". A l'arpentage que je faisais auparavant à l'habitation, je me faisais seconder par lui comme le plus intelligent de tous (il avait été bien étonné de voir que je trouvais la distance d'un point à un autre)"". (18)
Tradiksyon :
"Chèf bann sanginè a ke yo rele Boukman, ke m te toujou byen aji ak li, te rive pandan zak yo t ap fèt, epi, li wè m nan chanm nan ki gen pòt amwatye kraze, tou plen san ak dezespwa, kè li te fè l mal pou mwen. Li te vire vè moun li yo, epi li te kouri di yo "Pa tiye li, se yon bon blan epi li gen plis savwa pase tout lòt ki gen bò isit la." Nan apantaj ke m t ap fè sou bitasyon an, mwen te pran l kòm asistan paske li te pi entelijan pase yo tout (li te byen sezi wè ke me te jwenn distans yon kote ak yon lòt)"".
Dapre tèks sila, Barthélémy te deside ke Boukman te konn li, e ke li te yon Mandeng :
"Pour être le second d'un arpenteur, il faut non seulement être "intelligent" comme le note l'auteur, mais surtout faut-il, sans doute, savoir inscrire les chiffres, ou tout au moins savoir les lire. Voilà qui renforce singulièrement l'hypothèse mandingue." (19)
Tradiksyon :
 "Pou w ka fè asistan yon apantè, fò w nonsèlman "entelijan" jan otè a te di li, men sitou, fò w ka ekri chif kanmenm, ou dimwens kapab li yo. Sa vin bay ipotèz mandeng la jarèt."
Barthélémy bannou yon lòt "agiman sikilè". Li konnen l pa gen prèv pou prouve agiman l an, alò, li ranje agiman li konsa :
  • a) tout "asistan apantè" dwe yon moun "entelijan" ;
  • an) li pretann apresa ke "asistan yon apantè" dwe konn li ;
  • b) epi, li pretann dousman ke kòm yo te rekonèt Boukman kòm "entelijan", epi li te "asistan yon apantè", sa vle di ke li te fòseman konn li.
Men, anyen pa t prouve ke Boukman te konn li toutbonvre. Paske :
  • 1) kòm entelijans se yon bagay moun fèt avè l, entelijan pa vle di ke yon moun otomatikman konn li ak ekri ; sitou lè n ap pale de yon kaptif ki pa t gen anpil chans pou yo te montre l li. Epi, nan lòt sans la, konn li ak ekri pa vle di ke yon moun otomatikman entelijan. Ban lekòl yo chaje ak egzanp ki prouve sa. 
  • 2) Si li bon pou yon moun entelijan pou li ede nan apantaj yon teren, jan m te fè l an Ayiti an 2008, sa pa vle di ke yon moun ki pa konn li ak ekri pa ka fè travay sa. Li ka jis plase poto ak fil kòd kote apantè a di li, pandan ke apantè a fè kalkil matematik epi pran nòt. Epitou, kolon ki te temwaye a te di ke Boukman t ap ede li, non paske msye te konn li osnon ekri, men senpman paske li te "pi entelijan pase yo tout" ; kidonk tout lòt kaptif ki t ap bourike sou bitasyon an. Dayè, si Boukman te konn li osnon si li te sèl nan mitan kaptif yo ki te konn li, temwen an pa t ap pa di li. Men li pa t di sa. Li te jis bay Boukman ochan pou sa l te fèt ak li, ki se entelijans.
  • 3) Epitou, kolon temwen nan bitasyon Clément sa, li pa t menm apantè, jan Barthélémy te vle fè l kwè a. Li te jis yon jèn bway de 16 an, lè levekanpe 1791 a te fèt :
"M. Robert, charpentier, employé sur la même habitation [Flaville, non pas Clément], est saisi par ses nègres, qui le garottent entre deux planches et le scient avec lenteur.
Un jeune homme de seize ans, blessé dans deux endroits échappe à la fureur des cannibales, et c’est de lui que nous tenons ces faits." (20)
Tradiksyon :
"M. Robert, chapantye, ki t ap travay sou menm bitasyon [Flaville, pa Clément] an, nèg yo te met lapat sou li, epi yo te mare l nan mitan de planch bwa epi yo te siye l tou dousman.
Yon jèn gason de sèz an, ki te blese nan de kote, te chape anba men kanibal sa yo, epi se nan men l nou jwen koze sa yo"
Akoz de laj li, otorite kolonyal yo te deside kache idante jèn temwen an, lè yo te pibliye temwayaj li. Kidonk, si yon moun gade laj li, ou wè ke temwen an te trò jèn pou l te ka fè metye apantè a, jan Barthélémy te fè konnen an. Sa vle di ke travay apantaj ke yo te bay fè a, pa t yon gwo travay ki ta va mande yon apantè ak eksperyans. Men, ti kras koze san prèv sa pa t anpeche Gérard Barthélémy mete plis sou li. E se sa ki sèvi gaz pou machin revisyonis la. Machin blayi manti sa vin louvri zèl li (espesyalman ak zak Charlie Najman : dokimantè (21), liv (22), etlatriye.) sou entelektyèl ak responsab relijyon Ayisyen yo. E sa vin bay radotay "Bwa Kay Iman" an ke tout moun ap repete kon jakorepèt.

Sa k verite a?
Lè yo pa t ka jwenn idantite jèn temwen an, istoryen yo te bay ti non "Prokirè Clément" akoz de travay Prokirè, oswa jeran-kontab-avoka, li t ap fè nan Bitasyon Clément an ; antouka travay ke l t ap aprann fè. Nan rechèch sa, nou te rive jwenn bonjan non "Prokirè Clément" sa, ki te sere byen lwen anndan yon liv pwezi. Msye te rele François-Alexandre Beau. Li te yon jèn franse ki te vin travay nan Sen Domeng (Ayiti), nan plantasyon fanmi li ki se Clément. Depi 1789 rive levekanpe 1791 la, Boukman, ki te soti nan Bitasyon Turpin nan Lenbe ki toupre a (23), te chofè nan Bitasyon Clément sa ki chita nan Lakildinò (l'Acul du Nord). Jèn François-Alexandre Beau, ke Boukman te sove lavi li jiskatan, te chape poul li de Lakil ak lame kolonyal, epi nan 8 septanm 1792, li te retounen an Frans, kote, 13 an pita, lè l te gen 29 an, li te ekri mo sa yo :
"J'avais fait à St-Domingue une brillante fortune ; l'insurrection des Noirs m'en dépouille, et je fuis un pays où j'aurais infailliblement perdu la vie. La ville de France qui m'avait vu naître, aux environs de laquelle est situé le patrimoine de mes pères, fut celle que je choisis pour ma résidence : elle est le siège d'une Préfecture.
Un règne affreux pesait sur la France. Plusieurs partis la divisaient pour n'en embrasser aucun, je me séquestrai de la société. J'avais entrepris à St-Domingue de décrire les malheurs des Colons ; dans ma retraite je cherchai à remplir la tache que je m'étais imposée ; mais ne pouvant, sans danger, publier mes mémoires, dans un temps où la France semblait applaudir au triomphe des noirs, et désirant d'ailleurs me faire un nom dans la poësie j'abjurai l'histoire pour me lancer dans cette carrière pénible." (24)
Tradiksyon :
 "M te fè anpil lajan nan Sen Domeng ; levekanpe Nwa yo te kaze m nèt, epi m te kouri kite yon peyi kote m te manke pèdi lavi m. Vil nan Frans sa, kote m te fèt, kote zantray mwen ye, se la m chwazi pou m rete : vil sa gen yon Prefèkti.
Te gen yon move tan ki t ap peze sou Lafrans. Yon dal pati te divize li, e kòm mwen pa t antre nan okenn nan yo, m te pito viv apa. Mwen te kòmanse ekri, lè m te Sen Domeng, sou malè kolon yo ; lè m te pati, m te chèche kontinye travay sa ke m te bay tèt mwen ; men, kòm mwen pa t ka, san danje, pibliye memwa mwen, nan yon tan kote Lafrans te sanble bat bravo pou viktwa nwa yo, e kòm mwen te vle vin popilè nan pwezi, mwen te evite zafè listwa, pou m te lage tèt mwen nan karyè difisil sa."
Jan nou te wè l, anvan l te kite Sen Domeng, François-Alexandre Beau te bay yon temwayaj detaye sou zak trajik yo ki te rive nan Lakil, potomitan levekanpe a. Temwayaj "Prokirè Clément" an te pale de Boukman, ke otè a te viv avè l nan plantasyon, san ke l pa t janm di ke l te konn li. Men, Jacques Thibaud, sous Barthélémy a, e premye moun ki te pibliye temwayaj jenòm nan, pou yon rezon nou pa konnen, te koupe nan tèks li te bay la, e sa te chanje sans temwayaj la :
"Il [Boukman] s'adressa à ses gens et leur dit avec empressement "Ne le tuez pas, c'est un bon blanc et plus savant que tous les autres qui sont ici". A l'arpentage que je faisais auparavant à l'habitation, je me faisais seconder par lui comme le plus intelligent de tous (il avait été bien étonné de voir que je trouvais la distance d'un point à un autre)" (25)
Tradiksyon :
"Li [Boukman] te vire vè moun li yo, epi li te kouri di yo "Pa tiye li, se yon bon blan epi li gen plis savwa pase tout lòt ki gen bò isit la." Nan apantaj ke m t ap fè sou bitasyon an, mwen te pran l kòm asistan paske li te pi entelijan pase yo tout (li te byen sezi wè ke me te jwenn distans yon kote ak yon lòt)"
Sitasyon sa, ansanm ak entèpretasyon Barthélémy, te fè kwè ke Boukman te konn li, e ke li te etone ke blan an te ka fè kalkil matematik konplèks sa tou. Men, tèks orijinal la* te bay yon lòt paròl :
"Il [Boukman] s’adressa à ses gens et leur dit avec empressement « Ne le tuez pas, c’est un bon blanc et plus savant que tous les autres qui sont ici ». Ce qui lui donna lieu de s’exprimer ainsi : A l’arpentage que je faisais auparavant à l’habitation, je me faisais seconder par lui comme le plus intelligent de tous (il avait été bien étonné de voir que je trouvais la distance d’un point à un autre sans en approcher, puisque [ce n’était pas l’usage habituel. Et il croyait par] là que j’avais un génie supérieur aux autres blancs). Je ne fus pas peu surpris d’entendre un pareil langage car je ne l’aurais pas cru susceptible, dans cette conjoncture, d’autant d’humanité." (26)
Tradiksyon :
"Li [Boukman] te vire vè moun li yo, epi li te kouri di yo "Pa tiye li, se yon bon blan epi li gen plis savwa pase tout lòt ki gen bò isit la." Sa k te fè m pale konsa : Nan apantaj ke m t ap fè sou bitasyon an, mwen te pran l kòm asistan paske li te pi entelijan pase yo tout (li te byen sezi wè ke mwen te jwenn distans ki separe yon kote ak yon lòt san m pa t proche l, pwiske [se pa t abitid la. E li te kwè pa] sa ke m te gen yon jeni ki te pi plis pase pa lòt blan yo). Mwen te sote tande jan de paròl sa soti nan bouch li, paske m pa t ap janm kwè, nan sitiyasyon sa, ke l t ap si bon moun."
Jan nou ka wè li, an reyalite, Boukman, menmsi l te entelijan epi li te bay entelijans enpòtans, antanke yon moun ki te pa t konn li, li pa t konnen ke se te posib pou yo "jwenn distans ki separe yon kote ak yon lòt, san yo pa t proche l". Sa vle di, san yo pa t make pa.
Anplis, sote Boukman te sote a, demontre tou ke li pa t konn li, akoz de enpòtans li te bay jèn kolon an, pou yon kalkil matematik ki nòmal pou tout moun ki konn li :
"Il avait été bien étonné de voir que je trouvais la distance d'un point à un autre sans en approcher... [Et il voyait par] là que j'avais un génie supérieur aux autres blancs." (27)
Tradiksyon :
"Li te byen sezi wè ke mwen te jwenn distans ki separe yon kote ak yon lòt san m pa t proche l... [ E li te kwè pa] sa ke m te gen yon jeni ki te pi plis pase pa lòt blan yo." 
Lè Boukman te wè kalkil matematik jèn kolon an, li te kwè ke l te devan yon "jeni", yon moun ki "pi save pase tout lòt" nan koloni an. Admirasyon l te tèlman ro, ke l te pran gwo risk pou l te pwoteje lavi kolon sa. Yon lòt vèsyon ke menm otè sa te bay, te pèmèt nou pi byen konprann kijan Boukman te ekzajere pou kolon an. Li te menm rive frape pròp rebèl li yo pou l te ka pwoteje kolon an ki te fè kalkil matematik la :
"Dans la fureur qui m'égare j'ouvre ma porte, perpendiculairement à laquelle et sur deux lignes mes assassins sont rangés, je m'élance parmi eux avec rapidité; mais au moment où j'allais être percé de mille coups, le nègre Boukman cocher de notre habitation et chef de la bande, arrive sur la scène me prend entre ses bras, et dit d'un voix de Stentor : je ne veux pas qu'on le tue; c'est un bon blanc, il en sait plus que tous les autres qui sont dans la Colonie.
Les révoltés les plus féroces ne souscrivirent à sa volonté qu'après avoir reçu quelques coups de crosse de fusil." (28)
Tradiksyon :
"Jan san m te monte m nan, mwen te louvri pòt mwen an, lòt bò li, asasen yo te kanpe an de ranje, mwen sote nan mitan yo byen vit ; men, lè m ta pral resevwa mil kout frenn, nèg Boukman an ki chofè bitasyon nou an, epi chèf bann an, te rive la, li pran m nan bra li, epi li di ak gwo vwa grav li a: mwen pa vle ke nou kite l; se yon bon blan, li pi save pase tout lòt ki nan koloni a.
Rebèl ki pi move yo te fè sa l te mande ke jis apre yo te pran kèk kou kròs fizi".
Nou jwenn yon egzanp de yon etonman ki sanble ak jan Boukman te reyaji a. Li soti nan eksperyans ke Descourtilz, ki se yon natiralis franse, te genyen ak yon kaptif nan Pòdepè (Nòdwès Sen Domeng (Ayiti)) nan lane 1800 yo. Kaptif sa, ki te akonpanye li lachas, te etone nètalkole devan yon pòtre zwazo ki te sanble reyèl, ke natiralis la te fè. Lè kolon an te montre kaptif la pòtre zwazo sa, msye ki pa janm wè anyen konsa anvan, e ki pa t ka konprann kòman li te fèt, te rele kolon an "Djab anpèsòn", menm jan Boukman te pran kolon an pou yon "jeni" paske l pa t ka kwè kalkil li an :
"On peut encore juger de la superstition des nègres par ce trait caractéristique. J'avais chassé toute une matinée dans les mornes du Port-de-Paix, où j'herborisais en même temps pour ajouter à ma collection des oiseaux, des plantes , et tout ce qui concerne un choix de ce genre. Un noir me guidait dans ma course incertaine, et se chargeait de tout ce qui devait être rapporté à la case. Nous étions au mois d'août, et les productions animales ne pouvant se conserver, je les dessinais pour préparer au plus vite la peau des oiseaux. Mon conducteur ne m'avait point encore vu à l'ouvrage; je le fis venir pour lui faire reconnaître les oiseaux que j'avais tué le matin devant lui. Quelle fut sa surprise, de voir dans une attitude vivante, et sur des papiers, des oiseaux qui n'existaient plus ! il recula de frayeur, en s'écriant tout enroué : « Ah ! bon dieu ! ! ! bon dieu ! ! ! queu bagage! blanc france ci làlà li diab' même! Guetté comme' li coucher en haut papier toute' bagage layo ! Ah! bon dieu!!! bon dieu » ! Rien de moins surprenant que de voir un homme de ce genre, étonné, à la vue d'un travail qu'il ne peut définir, mais de le voir en suite refuser de prendre mon verre, et d'y boire du tafia pour lequel un nègre se ferait fouetter ; c'est ce qui surpassa mon attente." (29)
Tradiksyon :
"Nou ka toujou jije sipèstisyon nèg yo pa mak sa ki genyen nan karaktè yo. Mwen te chase tout maten an nan mòn Pòdepè yo, kote mwen t ap rasanble zèb anmenmtan m t ap ajoute nan koleksyon zwazo m, plant, elatriye. Yon nwa t ap gide m nan monte desanm mwen, epi li te responsab tout sa ki dwe ale lakay. Nou te nan mwa dawou, tan kote bèt ki chase te mal pou konsève, mwen te desinen yo pi vit posib, anvan m prepaare po zwazo yo. Chofè mwen an pa t ko wè m nan travay; mwen te voye chèche l pou l ka rekonèt zwazo mwen te touye maten an devan li. Se pa de sezi li pa t sezi, lè li wè sou papye yo, zwazo ki parèt tèlman vivan pandan ke yo pa an vivan ankò ! li fè bak ak laperèz, pandan l ap rele ak vwa li anwe: « Ah ! bon dieu ! ! ! bon dieu ! ! ! queu bagage! blanc france ci làlà li diab' même! Guetté comme' li coucher en haut papier toute' bagage layo ! Ah! bon dieu!!! bon dieu » ! Pa gen anyen pi etonan pase lè w wè jan de nonm konsa, ki sezi devan yon travay ke li pa t ka konprann, epi, vwalake pita, li refize tafya m te bay la, yon tafya ke yon nèg ta va pran baton pou li ; sa te depase atant mwen te gen de li."
"Travay ke li pa t ka konprann" an, te eksplike sezisman Boukman ki, menm jan ak kaptif nan Pòdepè a, te gaga devan kakil François-Alexandre te fè a; paske se te yon bagay ke li pa t ka konprann ; sa vin bay agiman nou an, ke li pa t konn li a jarèt.


2- Ekriti nan mitan rebèl yo

Si Boukman te konn li, osnon, si li te sèl ki te konn li, nan ka sa, sa n ap fè ak Toussaint Louverture ki te ak rebèl depi premye moman revolisyon an; li menm, ki gen yon dal lèt ke l te ekri ak pròp men li?

Lèt Toussaint Louverture voye bay Rochambeau nan 8 jilè 1796 (ekri ak pròp men li)




Sous : Schomburg Center for Research in Black Culture, Manuscripts, Archives and Rare Books Division, The New York Public Library. "Toussaint Louverture to Rochambeau about prisoners" The New York Public Library Digital Collections. 1796. http://digitalcollections.nypl.org/items/a1733734-ae5e-3d54-e040-e00a180617d6

Lèt Toussaint an 1791 kote non Boukman te lonmen ansanm ak tafya (alkòl)
Pou plis presizyon, n ap montre yon lèt ki date 15 oktòb 1791 (2 mwa apre kòmansman levekanpe a). Toussaint Bréda ki te doktè lame rebèl la, te ekri lèt sa,  pou l te di Biassou ke l pa t ap ale nan pati Panyòl la, jan li ta renmen a, e pou Biassou ta di "Bouqueman" sa :


"Lettre signée Médecin, général, datée de Grande-Rivière, ce 15 octobre 1791.
Mon très cher ami,
D’après les demandes que je viens de faire à l’Espagnol et que j’attends de jour en jour la chose que je demande, je vous prie d’attendre que nous soyons plus en état avant d’aller à ce que me faites l’amitié de m’écrire. J’ai trop grande envie d’aller, mais je voudrait avoir dans toutes les habitations, des pinces pour pouvoir faire dégringoler les roches qui sont à la montagne du haut du Cap, pour les empêcher de nous approcher, car je crois qu’ils n’ont pas d’autre moyen, à moins que d’exposer nos gens à la boucherie. Je vous prie de vous assurer avec l’espion que vous aurait envoyé, de le faire bien expliquer l’endroit où est la poudrière du haut du Cap, pour que nous puissions réussir à emparer la poudrière; mon bon ami, vous pouvez avoir là dessus que si j’ai pris des précautions à cette affaire, vous pouvez en faire [part] à Bouqueman : quant à Jean-François, il peut toujours aller en voiture avec ses demoiselles, et il m’a seulement pas fait l’honneur de m’écrire un mot depuis plusieurs jours. Je suis même fort étonné de cela. Si vous avez besoin de tafia, je vous enverrés quand vous voudrez, mais tâchez de leur ménager; vous sentés qu'il ne faut pas les en donner pour qu’il soit dérangés. Envoyés-moi plusieurs cabrouets, car j’ai besoin de charger du bois pour monter les cases qui sont à la tannerie pour loger mes gens.
Je vous prie d’assurer de mon très humble respect à Madame votre mère et votre sœur. J’ai l’honneur d’être parfaitement, très cher ami, votre très humble, très obéissant serviteur.
Signé : Médecin, général; à l’adresse, à MM. Biassou, brigadier des armées du roi, au Grand Boucam." (30)
Tradiksyon :
"Lèt siyen Doktè, jeneral, date nan Grande-Rivière, jodiya 15 oktòb 1791.
Chè zanmi mwen,
Dapre sa m te mande Panyòl la, e m ap tann chak jou bagay ke m te mande a, tanpri, tann ke nou pi kapab, anvan w ale, se sa k te mennen m ekri w. Mwen vle ale nèt, men mwen ta renmen genyen nan tout bitasyon, pens pou m ta ka fè ròch sou mòn Odikap yo degrenngole, pou yo ta anpeche yo proche nou, paske mwen kwè ke yo pa gen chwa, adefo de sa, n ap lakòz moun nou yo sasinen. M ap mande w, tanpri souple, asire w ak espyon ke w ap voye a, ke yo byen esklike l kote rezèv poudakanon Odikap la ye, pou nou ka rive pran l; bon zanmi m, ou ka wè ke m te pran anpil prekosyon nan zafè sa, ou ka fè Bouqueman konnen sa : kanta Jean-François, li ka toujou ale nan machin ak demwazèl li yo, epi li pa fè m lonè pou l ekri m yon ti mo depi kèk jou. Mwen etone anpil de sa. Si w bezwen tafya, m ap voye l pou wou kan w ta vle, men chèche menaje yo; ou ka santi ke w pa dwe ba yo kantite ki pral deranje yo. Voye plizyè kabwèt pou mwen, paske m bezwen charye bwa pou m monte kay ki nan la tannerie pou m mete moun mwen yo.
M ap priye w voye tout rèspe mwen bay Madam manman w ak sè w. Mwen onore pou m ka bonjan, trè bon zanmi, poze ak obeyisan sèvitè w.
Siyen : Doktè, jeneral; pou, Mesye Biassou, brigadye lame wa a, nan Grand Boucan."
Sa ki etranj nan lèt sa, se ke Toussaint di ke li pral voye tafya (alkòl), pou rebèl yo itilize. Anplis de sa, li sipliye Biassou pou l fè sòlda yo bwè ak moderasyon, prèv ki montre ke yo te abitye bwè twòp alkòl nan kan rebèl yo. Epitou, lèt la fè n konnen ke Bouqueman (Boukman) te nan kan Biassou a. Sa enplike ke Boukman te yonn nan moun ki t abitye bwè tafya yo, yon pratik ke islam entèdi, e ke yon imam oswa "iman" pa t ap janm fè.

Menm jan tou, lè Toussaint mande Biassou pou l "fè Bouqueman konnen", sa pwouve ke Boukman pa te moun ki sipoze li lèt la li; kidonk, Boukman pa t yon moun ki te konn li nan mitan yon dal analfabèt, jan revizyonis yo renmen di. Paske, si se te ka a, Toussaint ta va pale dirèkteman ak Boukman nan lèt la, oswa omwen, li ta sipoze ke Boukman, antanke sèl ki ta kapab li, ta jwenn tout enfòmasyon ki nan lèt la, ke lisèl ta ka li. Nan ka sa, poukisa Toussaint ta bezwen mande pou yo di Boukman kwakseswa?
Finalman, konmanfè lèt la pa gen ankenn fòmil mizilman ki rann glwa bay Allah? Okontrè, Toussaint te di li te « le très humble, obéissant serviteur », kidonk "sèvitè poze ak obeyisan" Biassou. "V.T.H. ak T. OB. S." te yon fòmil politès yo te itilize, pou yo te voye bonjou nan tan koloni a. Men, fòmil politès sa te kontrè ak Islam ki mande ke tout glwa dwe al jwenn Allah. Se konsa nou ka di ke teyori mizilman an, se manti nètalkole.


AN) Lòt lèt rebèl yo te ekri, ki pale de tafya (alkòl), nan tan Boukman te vivan


"Lettre d'un nègre, signée Fayette ; du Dondon, le 22 octobre 1791.
Mon général,
J'ai l'honneur de vous souhaiter le bonjour et mon général français qui vous fait de même. J'ai l'honneur de vous zaprendre que nous avons tresté avec Lespagne ; nous salon oujourd'hui écrire à Monsieur le président, pour optenir ce que nous zavont de besoin ; est ses tun traité qui me fait un sansible plaisir, auquel je suis réjuis comme estamp persuadé que sett nouvelle vous fera autamp de plaisir que moi, qui fais que je vous le fais savoir. Le général vous prie, sitôt la présente reçu, de faire prendre tout le tafia qui et fait, et tous le sucre et le tafia surtout lui sont consigné pour le camp de Dondon. Tous lestat major vous salus, leur très heumbles civilité, et vous soite bien de la santé ainsi que moi.
J'ai l'honneur d'être avec un fraternel atachement et respecteux respect,
Mon très cher général, V.T.H. et T.Ob. S.
Signé : FAYETTE." (31)
Tradiksyon :
"Lèt yon nèg, siyen Fayette ; nan Dondon, yon 22 oktòb 1791.
Jeneral a mwen,
Sa fè m lonè pou m ka swete w bonjou, epi jeneral franse mwen an fè menm jan. Mwen gen lonè aprann ou ke nou te fè afè ak Lespay ; nou pral ekri Msye Presidan an jodiya, pou nou ka jwenn sa nou bezwen an ; e se yon afè ki fè m anpil plezi, e m kontan ke lèt sa ap fè kè w kontan menm jan ake m, ki bay w nouvèl la. Jeneral la di w tanpri, sito w li lèt sa, fè yo pran tout tafya ki te fèt, ansanm ak tout sik, men tafya a sitou, pou w voye ba li nan kan Dondon an. Tout etamajò a salwe w, yo wete chapo ba, epi yo voye swete w sante, menm jan ake m.
Mwen gen lonè pou ka, ak yon atachman fratènel epi yon rèspè rèspèktab,
Bon chè jeneral anm, V.T.H. et T.Ob.S.
Siyen : FAYETTE."
Lèt sa yo reprezante yon ti kras nan prèv ki montre ke : 1) ekriti te yon potomitan nan òganizasyon militè rebèl yo ; 2) ankenn ekriti pa montre ke Boukman te konn li ; 3) epi lavi rebèl yo te kont jan islam mande pou moun viv, ni fonksyone. Pi bèl egzanp nan sa n ap di a, nou jwenn li nan yon lèt ki siyen Jean-François Wa, ke yo te jwenn nan pòch Georges, ki se yon chèf rebèl ke yo te tiye yon 19 septanm 1791, nan Katye Moren (Quartier Morin). Lèt sa montre ke Jean-Francois te mande tèt Boukman ak Paul (Blain, Blin osnon Bélin). E si nou swiv lojik revizyonis yo, si Boukman te sèl moun ki te konn li, sa ta vle di ke li te ekri lèt sa ki bay otorizasyon pou yo tchwe li?** :
"Dans cette affaire, on trouva dans la poche de Georges, l’un des chefs des révoltés qu’on avait tué, un billet conçu en ces termes : « Je donne pouvoir et j’ordonne à Georges, major général de ma cavalerie, de tuer les nommés Bouqman et Paul partout où ils se trouveront, signé J.-François Roi. » Quels pouvaient être les motifs qui avaient excité le chef suprême de l’armée noire à exhiber un ordre pareil? Je présume que c’est parce que Bouqman et Paul ne s’étaient point emparés du camp des Mornets en même temps que Jeannot avait enlevé celui du Dondon, et de plus parce que les chefs commandaient despotiquement dans leur arrondissement et ne voulaient point reconnaître Jean-François pour leur supérieur." (32)
Tradiksyon :
"Nan zafè sa, nou trouve nan pòch Georges, yonn nan chèf rebèl yo ke nou te tiye, yon bout papye ki di bagay sa yo : « Mwen bay Georges, majò jeneral kavalri mwen, pouvwa, e mwen òdone li tiye nonm Bouqman ak Paul yo, kennenpòt kote yo ta va ye, siyen J.-François Wa. » Ki sa k ta fè chèf siprèm lame nwa yo bay gwosè lòd sa? Mwen panse ke se paske Bouqman ak Paul pa t ka met lapat sou kan des Mornets, pandan ke Jeannot limenm te reyisi pran Dondon, epi anplis, chèf sa yo te kòmande ak gwo ponyèt nan zonn yo, e ke yo pa t vle rekonèt Jean-François kòm siperyè yo."
E kisa revizyonis yo gen pou di de tout rebèl lib yo (Nwa ak Milat) ke plizyè temwen te wè nan kan yo, lè w konnen ke anpil nan lib sa yo te konn li? Epi, sa y ap fè ak moun rouj (Kateron osnon Milat) la ki te li fo jounal la nan rankont nan Mònrouj la (33)? Konman sa te posib, si Boukman te sèl moun ki te konn li? Se pa ta dwe li ki ta va ekri fo jounal sa - amwens ke - blan wayalis (patisan wa Lafrans la) te okipe yo te ekriti sa?
Epitou, Lattre te kole bout mo sa sou yonn nan lèt rebèl yo. Bout mo a te pale de blan, de pè katolik ak moun rouj ki te konn li, ki te ede rebèl yo nan ekri lèt :
"Les nègres avaient parmi eux des blancs, pour conseillers intimes, notamment plusieurs curés. Philemon, etc. , quelques sang-mélés instruits." (34)
Tradiksyon :
"Nan mitan nèg yo te gen blan ki te bon jan konseye yo, anpli pè katolik. Philémon, elatriye., ak kèk moun rouj save."
N ap pale, nan yon lòt atik, de kolaborasyon sere ki te ekziste ant rebèl yo, ki ta sipoze "djahadis", ak anpil pè katolik. Men konnya la, n ap rete sou prèv ki pi vizib, ki montre ke Boukman pa t menm konn li.


3- Boukman pa t konn li

Nou gen la, yon prèv vizib ke Boukman pa t konn li. Prèv sa kraze teyori tèt chat la ki di l te mizilman an ; yon teyori ki chita sèlman sou non li ke yo vire lanvè. Prèv sa soti, yon lòt fwa, nan temwayaj François-Alexandre Beau a. Li te pale de premye aksyon rebèl yo te fè pou tanmen levekanpe jeneral la. Gras a aksyon sa, Boukman, ansanm ak 14 rebèl ki te soti nan Bitasyon Noé (des Manquets), Flaville, Turpin, epi Clément, t ale sou Bitasyon Trémes, pou yo te fè dappiyan sou fizi chapantye Bitasyon sa :
"Le 22 aout à onze heures du soir, le nègre Bougman cocher de l’habitation Clément dont j’étais procureur, à la tête de quelques nègres venus du Limbé et d’autres du quartier de l’Acul va sur l’habitation Trémes sise audit quartier, s’empare des armes du citoyen Dutheil, charpentier et gérant de cette habitation et après s’être contenté du lui faire signer une déclaration à sa guise, il l’emmène avec lui." (35)
Tradiksyon :
"Nan 22 dawou a onz è diswa, nèg Bougman nan ki chofè bitasyon Clément, kote m te prokirè a, nan tèt kèk nèg ki soti Lenbe ak lòt katye nan Lakil, te ale nan bitasyon Trémes ki chita nan katye m te di a, li te met lapat sou zam sitwayen Dutheil, chapantye ak jeran bitasyon sa, epi, apre li te kontante fè l siyen yon deklarasyon nan gou li, li te menmen l ak li."
Bout moso tèks sa, ki parèt san ankenn enpòtans, anreyalite, gen anpil fòs. Li fè nou wè ke Boukman te bezwen savwa chapantye a, nan zafè ekriti, pou msye te ekri kèk mo pou li. Se pa t dèyè yon papye ki t ap fè li vin afranchi (kidonk lib), ke Boukman te ye. Paske yon papye afranchisman ta mande prezans yon notè, e li pi konplike pou yon moun ta fòje li lapoula. Konsa, nou ka di ke Boukman te dèyè yon "bon", yon "tikèt", yon "lèt" osnon yon "biye" pasaj, ke li te fòse chapantye a ekri pou limenm ak bann li a.  

Biye pasaj
Yon biye pasaj te obligatwa pou yon kaptif te mache san presyon nan koloni a. San sa, lapolis t ap arete l, epi lage l nan prizon. Lè l nan prizon, yon anons ta p pase nan jounal pou pwopriyetè li ka vin lage l, pou yo ti tchotcho. Me, an 1767, kidonk 34 an anvan levekanpe jeneral la, yon egzanp de sa k te anndan yon biye pasaj ke yo te pran nan men yon kaptif, ke yo te arete epi mete nan prizon okazou:
"AU FORT-DAUPHIN, un Nègre créole de Saint-Louis, nommé Jean, âgé d'environ 30 ans, taille d'environ 5 pieds 1 pouce, parlant bon français, se disant appartenir à M. Mesples l'aîné, Marchant au Port-au-Prince. (Ce Nègre a été arrêté par la Maréchaussée du Fort-Dauphin, avec une mule ayant les deux oreilles coupées, chargée de deux petites malles couvertes de cuir de Roussy, fermant à clef ; ledit Nègre muni d'un billet conçu en ces termes : Bon pour un Nègre nommé Jean, qui va en pacotille dans le Quartier de St. Marc, le Cap & le Fort-Dauphin ; bon pour un mois, au Port-au-Prince le 12 janvier 1767. Je dis douzième janvier 1767, & que ledit Nègre mène une mule sans oreilles. Signé, Mesples l'aîné). [La susdite, déclaration du Concierge des Prisons, est datée du 6 février]." (36)
Tradiksyon :
"Nan FORT-DAUPHIN, yon Nèg kreyòl Saint-Louis, yo rele Jean, laj li apeprè 30 an, wotè li apreprè 5 pye 1 pous, li pale bon franse, li di li pou M. Mesples l'aîné, Machann nan Pòtoprens. (Nèg sa, lapolis (Maréchaussé) Fort-Dauphin an te arete l, ak yon milèt ki gen de zòrèy koupe, chaje ak de ti malèt kouvri an kwi de Roussy, fèmen akle ; Nèg sa te gen sou li yon biye ki di : Bon pou yon Nèg ki rele Jean, ki pral, abiye ak pakoti, nan Katye Sen Mak, Okap, epi Fort-Dauphin ; bon an (biye a) bon pou yon mwa, li fèt nan Pòtoprens, yon 12 janvye 1767. Mwen di douzyèm janvye 1767, epi Nèg sila mennen yon milèt san zòrèy. Siyen, Mesples l'aîné.) [Sa se deklarasyon Jeran Prizon an, nan dat 6 fevriye]."

Fo biye yo
Li te nan abitid kaptif yo, pou yo te chèche jwenn "fo biye" ki t ap ede you sove san pwoblèm. Me yon lis anons, depi 1766 rive 1789, kote pwopriyetè esklav te fè konnen ke kaptif maron yo te genyen "fo biye" sou yo :


 
Sous: Les Affiches Américaines. ; URL: http://www.marronnage.info


Blan ki te konn fè fo biye pou kaptif
Jan sa te rive nan Lakil, lè Boukman ak konbatan li yo te fòse chapantye a ekri yonn oubyen plizyè papye bay yo, te gen, pou tout kalte rezon, blan ki te abitye ekri biye bay maron yo. Me yon egzanp de sa :


"Un Nègre Congo, nommé Almonzor, paraissant plus vieux qu'il ne l'est, n'ayant cependant que 22 à 24 ans, taille d'environ 5 pieds, bien jambé, la peau noire, picoté de petite vérole, les dents de devant sciées, parlant d'une voix enrouée avec tant de vivacité qu'a peine il se fait comprendre, étampé FOURNIER & au dessus FILS, est parti maron depuis cinq à six mois. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis à M. Jean-Baptiste Fournier, demeurant rue du Conseil, à qui il appartient. Il y aura récompense pour celui qui le ramènera. Ce nègre se tient ordinairement à l'embarcadère de la Petite-Anse, le plus souvent chez un Sieur Marc, Tanneur audit embarcadère, & quelques fois, il se retire dans les cases à nègre de M Bertin, demeurant à l'entrée du bourg, venant de la plaine au Cap, & comme il est gai & qu'il est grand danseur, suivant l'usage de son pays, il est retiré par les Nègres de sa nation. Quelques fois, il va à la pêche, & dans d'autres temps il parcourt la plaine à la faveur des billets que certains Blancs ont la bassesse de lui donner." (37)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Kongo, yo rele l Amonzor, li parèt pi granmoun ke li ye toutbonvre, paske l jis gen 22 a 24 an, wotè li apeprè 5 pye, byen kanpe, po nwa, ak mak tiveròl, dan devan li siye, li pale ak yon vwa anwe ak tèlman fòs ke yo apèn ka konprann li, make FOURNIER epi anwo FILS, li pati maron depi senk a sis mwa. Moun ki va rekonèt li, tanpri fè yo arete l, epi fè pwopriyetè li M. Jean-Baptiste Fournier konnen, li rete nan rue du Conseil. Ap gen yon rekonpans pou moun k ap va mennen li. Nèg sa abitye kenbe l nan waf Laptitans la, pi souvan, lakay M. Marck, Tanè nan waf la, e kèk fwa, li voye kò l lakay nèg Bertin yo, ki rete nan antre bouk sa, li soti nan plèn Okap la, epi, kòm li amizan e ke li konn danse, dans peyi li, li sere lakay Nèg nanchon li. Kèk fwa, l al lapèch, epi gen delè, li mache nan zòn nan dèyè biye ke kèk Blan malonèt ase pou bay li."

Ekri pròp biye w
Lè nou gade lis anons maronaj yo, nou jwenn yon latriye anons kote yo avèti ke maron sa, oubyen yon lòt, te gen biye pasaj, oubyen ke maron sa, oubyen yon lòt, konn li ak ekri ; kidonk, sa pèmèt yo fè pròp biye yo :


 

Sous : Les Affiches Américaines. ; URL: http://www.marronnage.info

Men pouki Boukman, nan kòmansman levekanpe a, ta va pèdi yon tan enpòtan nan chèche fòse chapantye a ekri kwakseswa pou li, si l te konn li e ke l te ka ekri mezi biye ke l ta vle pou limenm ak bann li a? Difè ke l te mennen chapantye a avè li, montre nou ke limenm ak bann li a, te gen bezwen msye pou ekri pou yo. Sa vle di ke li rezonab nou pou di ke Boukman pa t konn li, jan moun yo te vle fè nou kwè a.

Mizilman analfabèt
Listwa mande prèv. Li pa chita sou sipozisyon, ekstrapolasyon oswa radotaj. Yonn nan radotaj sa yo se lide ki fè konnen ke yon Mizilman ta dwe otomatikman konn li. Sa pa reyalite a jodiya. E li te menm mwens yon reyalite nan koloni esklavis Sen Domeng la, nan 18tyèm syèk kretyen an.
N ap itilize anons sa, ke yo te fè pou yon maron ki te soti Senegal. Kidonk, nan gwoup nan "Lafrik" delwès, li sanble, ki te pi fonse nan islam. Nou panse ke Senegalè sa, ki gen plis chans pou l te mizilman, pa t konn li, paske, dapre anons la, li te bezwen èd nan lòt moun pou ekri yon fo biye pou li :


"Philippe, Sénégalais, un peu grand & maigre, la peau très-noire, étampé sur le sein BALTAR, est parti marron depuis trois mois. Ce Nègre est briquetier, pêcheur & marchand, allant & venant de la plaine à la ville avec des provisions pour vendre; il porte des souliers & se fait passer pour libre, autant qu'on peut le croire, en voyageant avec un billet qui lui est donné par quelqu'un ; on le soupçonne dans les quartiers de la Rivière-Salée, du Morne-Rouge, de l'Acul, ou dans les environs : en donner des nouvelles à Mrs Grelaud frères, négociants au Cap-Français." (38)
Tradiksyon :
"Philippe, Senegalè, gen yon ti wotè, chèch, po nwa fonse, make sou lèstomak BALTAR, te maron depi twa mwa. Nèg sa te konn fè brik, te pechè ak machann, li pwomennen nan plèn an jouk nan vil la ak provizyon pou vann; li mete soulye epi li eseye pase pou lib, pou sa nou konnen, l ap vwayaje ak yon biye ke yon moun te ba li ; nou panse l nan katye Rivyèsale, Mònrouj, Lakil, osnon nan zonn sa yo : voye nouvèl bay Madan Grelaud frères, komèsan nan Cap-Français."
Ekriti "afriken" (Senegalè-mandeng) pa lisib, kidonk san valè
Tout revizyon islamik la chita sou sipozisyon ke Boukman te yon save, epi, ke li te konn li. Sa ta vle di, pou revizyonis yo, ke li te Mandeng ak mizilman, eleman ki ta dwe ba li kontwòl sou lòt kaptif yo. (39) Jan de agiman sa yo ka mache lakay moun ki gen lespri fèb. Men, li pa fè sans pou nenpòt moun ki gen yon ti kras rezon. 

Men, lè n ap analize yon kaptif ki te fèt nan "Lafrik", ke li te soti nan nanchon mandeng ou pa, ke l te konn li ou pa, ke l te mizilman ou pa, nou dwe konprann ke li pa t ANYEN. Nan koloni a, "Afriken" an te pi ba nan echèl sosyal la. Li te byen lwen dèyè kreyòl la ki, paske l te fèt nan kontinan Amerik la, te jwenn privilèj ke yo raman ofri "Afriken" an. (40) Pa egzanp, pòs chofè a ke Boukman t ap fè a, te rezève pou Kreyòl lo. Pòs sa te yon privilèj ke yo raman bay yon "Afriken"; sa ki rann li prèske enposib pou Boukman ta va yon "Afriken" mandeng. Men, gen kèk moun ki prezante lidè sa tankou yon Kreyòl Jamayiken ki te gen san mandeng. Nan ka sa, ta gen plis chans ke l te ka vin chofè. 
Men, orijin "Afriken" an an limenm, ke l te Mandeng oswa yon lòt, te yon dezavantaj pou kennenpòt kaptif (esklav) devan yon Kreyòl. Me nou gen yon anons nan prizon ki mansyone Michel, yon kaptif (esklav) Mandeng ki se pwopriyete, Jean Babe, yon Nwa Lib (Kreyòl) :


"Le 29, Michel, Mandingue, étampé DOUGE [inversé], se disant appartenir au nommé Jean Babe, N.L. [Noir Libre] Habitant à la Gosseline, quartier de Jacmel." (41)
Tradiksyon :
"Nan jounen 29 la, Michel, Mandeng, li tanpe DOUGE [devan dèyè], li di li se pwopriyete sila yo rele Jean Babe la, N.L. [Nwa Lib] Ki rete Gosseline, nan katye Jakmèl."
Gen yon lòt pwoblèm nan lefè ke pa gen okenn moun, nan opinyon nou, ki te janm mande ki sa ekriti arab, oswa Islamik-Mizilman, te vo nan koloni Franse-Katolik ke yo te rele Sen Domeng la ? Repons la se, yon lòt fwa, absoliman ANYEN. Ejzanp sila montre nou, nan Saint-Marc, nan lane 1766, yon Senegalè-Mandeng ki te nan prizon ak nan pòch li yon ekriti san valè pou koloni a, paske pa t gen moun ki te ka li li :
"Un Nègre Sénégalais, nommé Antoine Mandingue, étampé sur le sein gauche A, âgé de 35 à 36 ans sortant de l'Espagnol, pris avec un porte-feuille où il y a des papiers écris hors d'état d'être lus." (42)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Senegalè, yo rele Antoine Mandingue, make sou lèstomak gòch li A, laj li 35 a 36 an, li te soti nan Panyòl, yo arete l ak yon bous ki gen papye ekri yon jan yo pa ka li."
Egzanp sa demontre ke ekriti Arab-Mizilman te san valè nan koloni a. Li pa t lizib, oswa li te ekri yon jan otorite ki t ap jere koloni a "pa t ka li li". Se poutèt sa, menn pi gwo save nan lang arab la, oswa, yon save nan kennenpòt ekriti ki pa osidantal, te analfabèt nan Sen Domeng. Se reyalite sa ke revizyonis yo pa konprann. Paske, ekriti arab la pa t bay yon kaptif, oswa yon maron, ankenn avantaj. Maréchaussée a (Milisyen yo) ki t ap kontwole rout yo, pa t ka li ekriti sa yo, ki pa t ap ka pèmèt yon maron pase san pwoblèm, jan yon tikè ki ekri an franse t ap ka pèmèt li.
Kidonk, kiyès nan yon gwoup maron, t ap bezwen yon save nan lang arab ki pa t ap ka menm li yon arè ofisyèl ki kole sou yon mi, jouk pou yo ta fè li chèf yo? Ki itilite yon kaptif ki pale arab, si li pa t kapab fòje yon biye pasaj an franse, pou madanm li ki ansent ta ka ale lòt bout lavil la, pou la l trouve yon fanmsaj ak eksperyans? Oubyen ankò, kisa yon save mizilman te vo, lè li pa t ka ekri yon fo biye pou pèmèt yon kòlèg mawon ale nan mache a, pou l al vole manje ki t ap anpeche gwoup la mouri ak grangou?
Konnya la, fò nou wè, ke ekriti nan lang Arab, nan lojik koloni a, se te yon siy ke yon kaptif te "Afriken". Sa vle di ke li te enferyè. Kidonk, li te gen mwens chans pou l te ka lib ; ak mwens chans pou l te ka eseye pase pou lib, lè li te nan maron. Vwalake kaptif kreyòl la pa t gen okenn mak etnik sou figi li, pou ta fè li parèt "Afriken". Konsa, si li te maron, epi, si li te konn ekri ak pale franse, e kòm li ka pale kreyòl san ankenn aksan, èske li pa t ap pi fasil pou l te pase pou lib ke yon "Afriken" mizilman? Èske li menm dezirab, pou yon gwoup maron ta aksèpte yon "Afriken" mizilman save, ki t ap gen regrèt de peyi li, ki gen plis chans pou l ta mizojin (rayi fi) akoz de doktrin Islamik li a, sitou lè w konnen ke li pa kapab kontribye nan byennèt gwoup la ak ekriti li ki pa enkonpatib? 
Ann gade egzanp sa, de yon kaptif kreyòl ki te konn ekri ak pale franse, e ki, akoz de latan l sa yo, te yon pi bon chwa pou lidè ke yon save mizilman :


"ESCLAVE EN MARRONNAGE: Il est parti marron du Port-au-Prince, le 17 de ce mois un Nègre nommé Hector, étampé sur le sein droit MOZARD, âgé de 30 à 35 ans, taille de 5 pieds 4 à 5 pouces, très gros & très-fort, ayant une blessure fraîche à la main gauche ; ce Nègre sait lire & écrire, ayant été en France : comme il serait possible qu'il se fit des permissions de s'absenter ; on prie instamment ceux qui en auront connaissance de ne point y avoir égard, & de le faire arrêter. En donner avis à M. Mozard, imprimeur, à qui il appartient." (43)
Tradiksyon :
"ESKLAV MARON: Li pran maron nan Pòtoprens, nan 17 mwa sa, yon Nèg yo rele Hector, make sou lèstomak dwat li MOZARD, laj li 30 a 35 an, wotè li 5 pey 4 a 5 pous, li gwo anpil epi gen fòs, li apènn sòt blese nan men gòch ; Nèg sa konn li ak ekri, paske l te an Frans : kidonk li kapab bay tèt li yon "pèmisyon pou vwayaje" ; n ap soupliye sa k ap rekonèt li, pou yo pa aksèpte papye li, epi fè yo arete l. Voye nouvèl bay M. Mozard, enprimè ki pwopriyetè li.

Kongo ki te konn li ak fè tikèt (pou passaj)
Konnya la, annou gade diferans ki te genyen ant yon mizilman analfabèt - oubyen yonn ki gen ekriti otorite yo pa t ka li - ak yon maron "Afriken" Kongo - yon nanchon fon nan relijyon Zansèt yo - ki ka li ak ekri ase pou li fè pwòp tikèt (bon) pasaj li :


"Jean-Pierre de nation Congo, se disant libre, faisant la pacotille, âgé d'environ 25 ans, de la taille de 5 pieds 5 pouces, étampé illisiblement sur le côté droit du sein THIBEAUD, ayant les yeux gros, les dents limées, & des crabes aux pieds, appartenant ci-devant à M. l'abbé Enos, est marron depuis le mois de juin dernier : ceux qui en auraient connaissance sont priés de le faire arrêter, & d'en donner avis à M. Thibeaud, habitant au quartier de Valière, à qui il appartient, ou à MM. Sauzea Dubois frères, négociants au Cap. Il y aura récompense. Ledit Nègre sait lire & écrire, & se fait des bons." (44)
Tradiksyon :
"Jean-Pierre nanchon li Kongo, li di li lib, machann pakoti, laj li apeprè 25 an, wotè li 5 pye 5 pous, make ilizib sou kote dwat lèstomak li THIBEAUD, li gen gwo je, dan li siye, epi li gen krab nan pye, li pou M. pè Enos, li maron depi mwa jyen ki te pase a : sa ka rekonèt li, tanpri fè yo arete l, epi voye di M. Thibeaud, ki rete nan katye Valière, ki pwopriyetè li, oubyen Mesye Sauzea Dubois frères, komèsan nan Okap. Ap gen yon rekonpans. Nèg sa konn li ak ekri, e li fè tikèt pou tèt li."
Kreyòl ki soti lòt bò dlo, ki konn li
Egzanp sa pale de yon kaptif kreyòl ki te soti nan yon koloni Pòtigè, e ki te konn li ak ekri, talan ki bay anpil avantaj. Paske, kontrèman a moun ki ka ekri nan lang arab, lang pòtigè a, antanke lang loksidan, menmsi kaptif la pa t pale ni kreyòl, ni franse, li te kapab rekonèt anpil nan mo franse, (li te ka menm rekopye bonjan tikèt ki te fè an franse, nan stil otograf yo te itilize nan tan sa) ; sa se yon bagay yon kaptif ki pale arab pa t ap ka fè :


"Apollon, Portugais, étampé sur le sein droit BRVNET, et au-dessous GVIBIER, âgé d'environ 22 ans, taille de 5 pieds 2 pouces, se disant appartenir à Madame Brunet. Ledit Nègre sait lire & écrire." (45)
Tradiksyon :
"Apollon, Pòtigè, make sou lèstomak dwat BRVNET, epi anba GVIBIER, laj li apeprè 22 an, wotè li 5 pye 2 pous, li di li pou Madanm Brunet. Nèg sa konn li ak ekri."
Pou n fini, n ap di ke pale anpil ale, men ekriti rete. Jan nou te wè l la, te gen plizyè lèt rebèl Sen Domeng yo ke otorite yo te met lapat sou yo. E si te gen mizilman save nan mitan rebèl yo, ekriti arab ak koranik t ap parèt nan pil tèks rebèl yo, ke otorite yo te sezi nan goumen ak yo. Men, pa t janm gen sa pyès, pandan ke relijyon islam pa voye ròch kache men. Pa egzanp, lè, nan 1835, mizilman Malès nan Brezil te eseye revòlte, tèks mizilman yo pa t bay ankenn dout ke se islam ki te pouse aksyon yo :
"Beyond a shadow of a doubt, Muslims played a central role in the 1835 rebellion. The rebels went into the streets wearing clothes peculiar to practicers on Islam. And the police found Muslim amulets and papers with prayers and passages from the Koran on the bodies of fallen rebels. These and other characteristics of the revolt led Chief of Police Gonçalves Martins to conclude the obvious: "What is certain," he wrote, "is that Religion played a part in the uprising." He continued: "The ringleaders persuaded the unfortunate wretches that pieces of paper would protect them from dying."Another Martins, the provincial president, said: "It seems to me that there was religious fanaticism mixed up in the conspiracy."" (46)
Tradiksyon :
"San ankenn dout, Mizilman te jwe yon wòl santral nan rebelyon 1835 an. Rebèl yo te pran lari ak rad ke sèlman pratikan Islam te konn mete. Epi lapolis te jwenn Madjòk Mizilman ak papye plen lapriyè ak pasaj nan Koran sou kò rebèl ki te mouri yo. Zafè sa yo ak lòt detay nan revòlt la te mennen Chèf Lapolis la Gonçalves Martins deside ke sa te klè: "Sa ki sèten," li te ekri, "se ke Relijyon te jwe yon wòl nan levekanpe a." Li te kontinye: "Chèf rebèl yo te fè malere yo kwè ke moso papye yo t ap pwoteje yo kont lanmò." Yon lòt Martins, prezidan pwovens [Bahia] la, te di: "Li sanble pou mwem ke fanatik relijye te mele nan konplo a.""
Me yon madjòk miziliman Malè ke lapolis brezilyen te sezi nan lane 1835 :


Sous : João José Reis. Slave Rebellion in Brazil : The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. Baltimore, 1993. (Kouvèti)


Yon konparezon rapid montre ke tèks ki gen nan madjòk rebèl mizilman nan Brezil yo te soti nan menn mond ak tèks mizilman yo rele Maniskri Tombouktou yo :


Sous : https://upload.wikimedia.org/wikipedia/commons/4/41/Loc_timbuktu_manuscripts_amm0001rs.jpg
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Timbuktu#/media/File:Timbuktu-manuscripts-astronomy-mathematics.jpg

Konnya la, toujou pou nou konpare,  me yon paspò rebèl Sen Domeng yo, ke lapolis franse te sezi, nan 1 oktòb 1791, pandan ke Boukman te toujou vivan. Kontni paspò a, non sèlman pa gen anyen ki te Arab-Mizilman, li menm ale kont islam, paske li pa fè lwanj bay Allah, ni menm lwanj bay ankenn zafè mizilman. Olye de sa, li fè te lwanj wa Lafrans la, lwanj 2 gwo chèf rebèl yo, ak lwanj tèt ansanm ki te genyen nan 2 gwoup etnik nwa yo :

Sous : Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860 ; vol. 37. Paris, 1891. p.291.




"A cette lettre est jointe un modèle de billet trouvé sur des nègres prisonniers ; c'est un carré partagé en quatre, à la première case se trouve des lettres moulées M.D.M [inconnu jusqu'ici] ; dans la seconde "Le préjugé vaincu, la verge de fer brisée, vive le roi !" ; et au bas dans la case de gauche, les lettres majuscules J. B. [Jean-François et Biassou - Pas Boukman qui n'était pas le chef] ; dans celle de droite, les majuscules M. N. [Mulâtres & Noirs] entrelacées et surmontées d'un coeur." (47)
Tradiksyon :
"Nan lèt sa, nou te tache tikèt sa ke nou te jwenn sou nèg nou te kenbe yo ; se yon kare ki separe an kat, nan premye moso a, te gen lèt moulen ansanm M.D.M [nou pa konnen sa yo vle di jouk jounen jodiya] ; nan dezyèm moso a "Nou kraze frekansite a, baton fè a kase, viv wa a!" ; epi anba, nan moso a goch la, lèt an majiskil yo bay J.B. [Jean-François ak Biassou - pa Boukman ki pa t chèf la] ; nan moso a dwat la, lèt majiskil sa yo M. N. [Milat ak Nwa] ki kwaze ansanm, epi anro yo te gen yon kè."
Si mizilman Brezil yo te chèche pwoteksyon nan papye ak vèsè koranik, lapolis brezilyen nan Bahia te kraze revòlt yo a san grate tèt. Epi, esklavaj yo te pwolonje pou yon lot 53 an ; sa k fè Brezil te yonn nan, si se pa t, koloni kote esklavaj te dire pi long. Nan Sen Domeng (Ayiti) se te lenvès. 44 lane anvan mizilman brezilyen yo, kaptif Sen Domeng yo ki te Tradisyonalis, te itilize san yon kochon sakre kòm Madjòk. Epi, yo te kale kolon franse yo, pou yo te rann Sen Domeng yonn nan, si se pa t, koloni kote esklavaj te pi kout. Sa pwouve ke save mizilman brezilyen yo pa t ka repwodui anyen ki te konparab ak levekanpe jeneral 1791 a ; m pa ta di w pou mirak 1804 la.


* Tèks orijinal la, temwayaj François-Alexandre Beau (Prokirè Clément), san magouy la, te vin jwenn nou gras a profesè ak istoryen Jeremy D. Popkin, ki te gen generozite pou l te pataje dokiman sa ak nou. Nou remèsye l anpil pou bon jès sila.
** Enben, Paul Blin te jwenn lanmò. Jeannot te ekzekite l nan yon mannyè terib. Ekzekisyon sa montre ke lèt yo te jwenn nan pòch Georges la te otantik.




Referans
(1) Baron Thomas de Vastey. Réflexions politiques. Sans-Souci, 1817. p.201.
(2) Dominique Harcourt Lamiral. L'Afrique et le peuple afriquain. Paris, 1789. pp.247-248.
(3) Dapre "The Emancipation Wars", nan Rebelyon Demerara (Guyana) ki te fè nan mwa dawou 1823, kaptif kretyen yo te evite tchwe blan ki t ap toupizi yo paske yo te pè pèdi relijyon yo : "Initially, Demerara revolt involved no great violence. Some historians have noted that only a couple of whites were killed. Most slaves were Christians and for the most part non-violent. (...) Christian slaves who didn’t want to lose their religious character refused to take part and stood loyal to their masters." Kaptif kretyen sa yo te mare 37 kolon paske yo te fache, olye yo te tchwe yo. Men, poutan, blan kretyen yo pa t pè pou lafwa yo, lè yo tire sou kretyen nwa yo, kote yo te tchwe 150 a 200 nan yo : "The continued defiance from the slaves made Leahy order his troops to shoot. Some fled, some surrendered, but as many as 150-200 slaves were shot dead." ; URL: http://www.nlj.gov.jm/history-notes/The%20Emancipation%20Wars.pdf#page=6&zoom=100,69,720
(4) Olukoya Ogen. "Historicizing African Contributions to the Emancipation Movement: The Haitian Revolution, 1791-1805." Tèks ki soti nan yon diskou ki te fèt nan konferans : "Teaching and Propagating African History and Culture to the Diaspora and Teaching Diaspora History and Culture to Africa " au State University of Rio de Janeiro, Brazil du 11-13 novanm 2008. URL: http://eprints.soas.ac.uk/5684/2/TheHaitianRevolution1791-1805.pdf ; Vizit nan 1ye janvye 2016.
(5) Ndompey Nvita Nkanga Amun. "Makandal ou Makunda : Ne Makandal, Grand Unificateur et combattant de la  liberté aux méthodes proprement africaines". 10 Sept. 2012. URL: http://basangoyakatiopa.blogspot.ca/2012/09/makandal-ou-makunda.html
(6) "Toussaint Louverture célébré par le roi d’Allada, au Bénin‬" Reportage télévisuel. URL: https://www.youtube.com/watch?v=DDkNRYE5z6k
(7) Auguste Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. Paris, 1911. pp. 297.
(8) Antoine Métral. Histoire de l’expédition des Français à Saint Domingue. Suivie des Mémoires et notes d'Isaac Louverture. Paris 1825, p.325.
(9) Sylvaine Diouf. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. pp. 60, 150-153, 217-218.
(10) Peter Espeut. "Two hundred years later", Jamaica Gleaner wednesday decembrer 31, 2003. URL: http://old.jamaica-gleaner.com/gleaner/20031231/cleisure/cleisure2.html
(11) Discours de J.-J. Dessalines fait au quartier-général des Goaaïves, le 1er janvier 1804. in: Mémoires pour servir a l'histoire d'Haïti by Boisrond-Tonnerre, Louis. Saint-Rémy, Joseph. Paris, 1851. p.5.
(12) Gerson Alexis. Lecture en anthropologie haïtienne. Port-au-Prince, 1970. p.198.
(13) Gerson Alexis. ibid. p.176.
(14) Gerson Alexis. ibid. p.179.
(15) Carl Édouard Peters. "Société Mandingue" in: Revue de la Faculté d'ethnologie. No. 10. pp.47-50.
(16) Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman: Incertitudes et hypothèses nouvelles" in: Chemins Critiques, Vol. 2. No3, Mai, 1992. pp.33-58.
(17) Wonderr Freeman. “On Behalf Of The "Book People", in: The perspective.org du 25 octobre 2004. URL : http://www.theperspective.org/2004/oct/bookpeople.html. Vizit nan 21 desanm 2015.
(18) Jacques Thibaud. Le Temps de Saint-Domingue. Paris, 1989. p.215.
(19) Gérard Barthélémy. Op. Cit.
(20)  Commissaires de l'Assemblée Générale de la partie Française de Saint- Domingue. Discours fait a l'Assemblée nationale, le 3 novembre 1791, Paris, 1791. p.5.
(21) Charlie Najman. Le Serment du Bois Caïman. Dokimantè, 1991.
(22) Charlie Najman. Haïti: Dieu Seul me Voît. Paris, 1995.
(23) Notes de M. Leclerc, procureur-syndic du Limbé, commissaire du gouvernement près du tribunal criminel du Cap français, sur la brochure de M. Gros », AN, Col. CC9a 5. in : « Les insurgés de 1791, leurs dirigeants et l'idée d'indépendance », in Yves Benot, Les Lumières, l'esclavage, la colonisation, La Découverte « TAP/HIST Contemporaine », 2005, p. 230-240.
(24) François-Alexandre Beau. Les ennuis d'un métromane : poëme ; suivie de poésies diverses. (préface). Paris, 1804.
(25) Jacques Thibaud. Op. Cit.
(26) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue, contenant tout ce qui s’est passé dans la colonie française depuis le commencement de la Révolution jusqu’au départ de l’auteur pour la France, le 8 septembre 1792.", Inédit. F 3 141, Archives nationales d’outre mer (ANOM)
(27) Ibid.
(28) François-Alexandre Beau. Les ennuis d'un métromane : poëme. Suivi de poesies diverses. - (Notes). Paris, 1804. pp.40-41.
(29) Michel Pierre Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations faites sur les trois ... Volume 3.  Paris. 1809. p.212.
(30) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860: recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, pp.311-312.
(31) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860: recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, p.312.
(32) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue...Op. Cit.

(33) Dapre rapò Garran-Coulon an : "Gen nan achiv kolonyal yo, yon kopi konfòm de deklarasyon ki te fèt devan minisipalite Lenbe a pa François, esklav Chapotin, yonn nan moun ki te mete dife nan yon pati nan bitasyon Chabaud a, e ke yo te arete nan lannwit 20 dawou a. Apre deklarasyon sa, ke lòt mwens detaye sanble konfime, "te gen, nan Dimanch 14 dawou, sou bitasyon Lenormand nan Mònrouj, yon gwo ranbleman nwa yo, ki te gen de manm ki te soti nan chak atelye: Pòmago, nan Lenbe, Lakil, Laptitans, Limonad, Laplèndinò, Katyemoren, Mònrouj, elatriye, elatriye. (...) François te di ankò ke yon milat osnon you kateron ke l pa konnen, te li yon jounal bay nwa ki te reyini yo; jounal sa te di yo ke Wa a ak Asanble Nasyonal la te bay yo twa jou [konje] pa semèn ; men ke kolon blan yo te kont li, epi yo te oblije rete tann rive sòlda ki sipoze vin fè kolon yo respèkte lwa sa ; ke sa te opinyon pi fò nan yo, men nwa nan kèk bitasyon nan Lakil [pwobableman Boukman, Auguste ak Jean-Jacques (des Manquets)] ak Lenbe [pwobableman bitasyon Turpin, ansyen bitasyon Boukman] te vle ak anpil anvi, kòmanse lagè a kont blan yo anvan sòlda yo te rive." Sous :  Jean Philippe Garran de Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue, fait au nom de la Commission des colonies, des Comités de salut public, de législation et de marine, réunis. Tome 2. pp.211-212.
(34) Philippe-Albert Lattre. Campagne des Français à Saint-Domingue. Paris, 1805. p.50.
(35) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue...Op. Cit.
(36) Les Affiches Américaines du Mercredi 16 février 1767, parution No7. p.50. 
(37) Les Affiches Américaines du Mercredi 6 novembre 1782, parution No.24. pp.424-425.
(38) Les Affiches Américaines du Samedi 26 janvier 1788, parution No4. p.712. 
(39) Sylviane Anna Diouf and Sylviane Kamara. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. p. 153
(40) Moreau de Saint-Méry. Description topographique, physique, civile, politique..., Tome 1, Philadelphia, 1797. pp.39-40 ;  2nd ed. Paris, 1875. pp.46-47.
(41) Les Affiches Américaines du Samedi 6 mai 1786. Parution No.18. p.233. 

(42) Sous : Les Affiches Américaines du Mercredi 18 juin 1766, parution No.25. p.219. 
(43) Gazette de Saint-Domingue du Mercredi 18 mai 1791. Parution No.40. p.520.
(44) Les Affiches Américaines du Samedi 4 août 1787, parution No.31. p.872.

(45) Les Affiches Américaines du Mardi 16 juin 1778, parution No.24. p.186. 
(46) João José Reis. Slave Rebellion in Brazil : The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. Baltimore, 1993. p.93
(47) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860 ; 35 (20 novembre 1791). Paris, 1860. p.260.
  





Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Boukman pa t konn li". 11 novanm 2016. Mizajou 3 okt. 2020. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/11/boukman-pa-t-konn-li.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020